Ezayi 1: 2-8, Refleksyon
2 Seyè a di konsa : -Ou menm syèl la, koute ! Ou menm latè, pare zòrèy ou ! Paske mwen menm, Seyè a, mwen pral pale! Pitit mwen te okipe yo, pitit mwen te elve yo, men yo vire do ban mwen. 3 Bèf ki bèf konnen mèt li. Bourik ki bourik konnen kote mèt li ba l manje. Men, pèp Izrayèl la menm pa konn bagay konsa. Pèp mwen an pa konprann anyen. 4 Malè pou peyi nou an, kote tout moun ap viv nan peche ! Malè pou pèp ki plen krim sou konsyans yo, pou ras moun sa yo k’ap fè sa ki mal, pou bann pitit sa yo ki fin pèvèti ! Yo lage pye Bondye Seyè a ! Yo pa okipe Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Yo vire do ba li. 5 Poukisa n’ap plede fè tèt di konsa ? Pa gen kote ankò pou yo frape nou. Tout tèt la malad. Pa gen kò ankò pou sipòte. 6 Depi nan po tèt nou rive anba pla pye nou, nanpwen kote nan kò nou ki pa malad. Se blese, se foule, se san k’ap koule. Yo pa netwaye yo, yo pa mare anyen sou yo, yo pa mete medikaman sou yo pou kalme doulè yo. 7 Peyi nou an fini. Dife fin boule tout lavil nou yo rapyetè. Moun lòt nasyon yo piye tout jaden nou yo, la devan je nou. Yo fini ak tout bagay nan peyi a nèt. Yon sèl afliksyon tonbe sou nou, tankou lè lènmi pase nan peyi a. 8 Lavil Jerizalèm rete pou kont li sou do mòn Siyon an, tankou yon ti joupa, tankou yon ti tonèl nan mitan jaden. Lènmi sènen l toupatou.
Dye pa yon mantè ! se nòmal pou peyi nou Ayiti rive nan eta sa paske n vire do bay Senyè a. Malerezman, Ayisyen an poko janm ka dekouvri rasin Metafizik li. Etranje an aprann li ke se vodou ki te libere l, epi pa inyorans li kwè nan sa istwa rapòte l. Imajine nou, Ayiti fin goumen kont yon sistèm ke ènmi an te mete sou plas pou konstwi richès yo epi yon bon maten yon ti gwoup nwa rete yo kraze sa. Nou panse kolon sa yo t ap janm gen yon bon konpòtman avèk nou? Ki te mwen dekri pou nou, nan yon dimansyon metafizik, relasyon ki genyen ant sa k’ap pase Ayiti jounen jodi a ak dimansyon pwofetik ki genyen nan vèsè biblik nou sòt li anlè a. Kolon yo te toujou itilize Legliz katolik kòm yon zouti pou te zonbifye ti nèg nwa tèt grenn yon fason pou fè l konnen se nòmal pou l aksepte fason y ap trete l la. Si n ap tande byen, daprè sa istwa rapòte, se te nan non Jezi ke yo te toujou trennen gwoup nwa sa yo nan esklavaj. Men si nou menm nou al eseye fouye pi lwen pou n konnen kisa Jezi Kris di li ye, n ap wè nan Jan 14v6 ki ès li di li ye :
Se Mwen menm ki CHEMEN an. Se mwen menm ki VERITE a, se mwen menm ki LAVI a […].

Pou rive pi lwen, non Jezi Kris lan menm siyifi liberatè, sa vle di li se LAVI, VERITE, LIBÈTE. Pou n pi klè, Tout sa k ap fèt nan non l dwe pote imaj li oubyen anpwent li. Nan 1 Jan 4v8 li di, ‘Dye se LANMOU.’ Kounye a nou menm nou gen pou n poze tèt nou kesyon sa, èske sistèm esklavajis la te repoze sou pawòl Dye tout bon vre? Pou nou reponn ak kesyon an, nou kapab di non ; sistèm nan pat repoze ni sou lanmou, ni sou verite, ni sou lavi ! Lè ou pran yon pwochen w epi ou tòtire l, fè li tounen zouti pou ranfòse kapital ekonomik yon sistèm, pa gen anyen nan sa ki gen pou wè ak lanmou. Si sa pa sòti nan Dye sa vle di li gen anpwent lespri malen an kache dèyè l. Jan sa te deja anonse nan pawòl Kris yo pou l te mete lòm nan sou gad li, li di lespri malen an rize anpil e li toujou vle pran fòm limyè. Pou kore pawòl sila an ale nan Matye 24 v5 kote li di konsa,
[…] anpil moun va vini sou non mwen, y’a di se yo menm ki Kris la. Y’a twonpe anpil moun.

Dèske krim sa yo te toujou ap fèt sou non Kris epi gwoup esklav sa yo te toujou ap chèche yon pòt pou sòti- akoz soufrans nan koloni an ki te tèrib anpil,- gen anpil tantativ soulèvman ki te konn fèt nan koloni yo. Gen esklav ki te konn rantre nan rebelyon epi ale nan mawonnaj. Youn nan pi gwo tantativ soulèvman ki te fèt, daprè sa kolon yo rapòte, se te avèk Boukmann, aprè yon seremoni kay ‘Imam’ (Imam se non yon kondiktè sèvis nan relijyon Islam). Soulèvman sa te echwe paske rasin metafizik batay sa, ki te plis baze sou vanjans, pat ka chavire lespri masonik ki te dèyè sistèm esklavajis loksidan an. Frans, ki te kolonize nou, se youn nan peyi kote fran-masònri kangrennen nan tout nivo estrikti sosyal ak politik peyi sa. Soulèvman sa te met fen ak lavi Boukmann kote yo te koupe tèt misye.
Tou swit aprè echèk Boukmann nan, nou te jwenn Toussaint ki te pran tèt lit esklav yo. Daprè sa listwa rapòte, Toussaint se te yon inisye nan Fran-Mason. Kòman nou konprann ou pral goumen ak yon lespri ki mete w nan esklavaj epi se menm lespri sa ou pran kòm rasin metafizik ou? Ebyen se sa ki ta pral lakòz echèk Toussaint Louverture tou. Lè Desalines te wè sa, li ta pral tonbe nan yon kriz kote l ta pral kesyone egzistans li ak esklav yo antank Lòm. Dessalines te tonbe nan yon kriz paske defèt Boukmann ak Toussaint te pran yo te mete li fas ak yon reyalite : li te vin konprann ke ni vodou e ni fran-mason pa ka mete yo deyò nan sityasyon esklavaj yo te ye a. Se lè sa lespri Jezi Kris ta pral oblije fè aparisyon l non sèlman pou demanti sistèm nan, paske yo te konn itilize non l pou domine, men tou pou pote yon repons klè bay anperè a pou fè li konnen ke se li menm sèl ki ka korije anomali esklavajis yo te ladan lan. Avèk fòs epi ak kouraj metafizik Kris te enspire Dessalines lan, li ta pral kanpe pou li mennen yon lit pou Jistis avèk slogan sa : LIBÈTE ou LANMÒ. Lit sa te diferan nèt ak sa ki te fèt avan yo paske se pat vanjans ki te fòs li, men pito Jistis. Li te baze sou lanmou pou Ti nèg nwa tèt Grenn ; Verite sou Dye inivèsèl la. Epi Jistis pou tout moun ki sou latè, kelkeswa koulè w, san distenksyon. Se nan dinamik sa dènye batay la pral fèt 18 novanb 1803 pou te libere gwoup nwa sa yo anba grif lespri malenan.

Jan nou konnen li an, Nèg ak Nègès ke yo te kidnape soti Afrik yo pat Ayisyen lè yo te rive sou zile a. Men, aprè gwo kokenn chenn batay endepandans lan yo te vin akouche ak yon nouvèl nasyon ki rele AYITI epi ak yon nouvo lang ki rele KREYÒL. Se sèl Dye ki gen pouvwa kreye yon nasyon ak yon nouvo lang. Aprè lEspri Kristik lan te enspire Desalin pou li te libere nou anba dominasyon kolon yo, nou menm ankò te asasine anperè a epi mete ansanm ak ansyen kolon yo pou yo te vin remete nou nan esklavaj sou yon lòt fòm. Se akoz trayizon sa kolon yo te retounen nan peyi a pou vin re-ekri istwa nou epi pwofite fabrike yon manti pou fè n konprann ke se Vodou ki te ban nou endepandans. Yo pran kredi a nan men Dye Siprèm lan epi bay li ak lespri malen an. Se la malè nou ta pral tou kòmanse; Kris te konnen sa tou ki fè l di nan Ezayi 1v3
“Bèf ki bèf konnen mèt li. Bourik ki bourik konnen kote mèt li konn lonje li. Men pèp [Izrayèl] pa konnen mwen. Pèp mwen an pa konprann anyen.” Tèks sa dekri pou nou pi gwo pwoblèm nou menm Ayisyen nou genyen.
Fòs loksidan k ap domine sou nou an genyen menm rasin metafizik avèk vodou a. Kit li se vodou, kit li se franmason, kit li se relijyon, se menm lespri a ki kache dèyè yo. Tandiske, nou menm AYISYEN, rasin metafizik nou se lespri Kristik lan, se lyon tribi Jida ki te libere nou anba lespri malen an. Malerezman, nou koute ansyen kolon yo ki fè nou rantre nan rebelyon avèk mèt nou ki se Kris. Se rezon sa menm ki fè yo gen pye sou kou nou jounen Jodi a. Imajine w pou Kris fin sèvi ak nou pou n chavire sistèm esklavajis sa, kote lespri malen an te parèt sou fòm limyè pou domine mond lan, epi se menm lespri sa nou al adore ankò. Eske se konnen nou pa konnen ke menm jan satan rayi Jezi Kris lan se konsa tou peyi ènmi nou yo genyen menm rayisman sa pou nou tou ?

Si n ap gade byen n ap wè sosyete Ayisyen an genyen yon kilti ki valorize lanmò, rayisman, ak divizyon. Lanmou pa egziste ant nou, nou mache ap tiye pwòp frè pa nou pou fè yo tounen ‘zonbi’oubyen esklav. Nou vin rive yon moman kote n ap fè Ayisyen parèy nou ap ‘monte le syèl pa do’ paske moralite ak jistis pa egziste. Nou fè esklavaj tounen yon bagay nòmal pou pwòp frè nou; sa vle di nou gen yon kilti ki senpleman la pou detwi. Se nòmal pou tout sa yo rive nou paske kote nou mete rasin metafizik nou an, ki se lespri malen an, oblije reflete imaj li sou nou.
Kounye a, imajine si nou pat rantre nan rebelyon avèk Kris kòman sa t ap ye pou nou; se lanmou, verite, ak jistis ki t’ap pilye nasyon nou an. Nou t ap genyen plis renmen youn pou youn lòt ; nou t ap renmen lè frè parèy nou ap pwogrese ; nou t’ap kite ti moun yo grandi san perèz ; tout ti ‘malice’ t’ap anba kòd ; tout bouki t’ap jwenn bon jan edikasyon. Malerezman, se pa sa nou te fè. Jodi a, jenerasyon aprè jenerasyon Ayisyen ap peye pou inyorans sa. Lòm Ayisyen an pyeje men li pa rann li kont. Yo lage yon ekwasyon nan men nou, kote yo fè n kwè se politik ki trennen peyi a nan labou li ye jodi a. Fason yo okipe lespri nou an, yo pa bannou tan pou n reflechi sou vrè pwoblèm peyi a. Li enpòtan pou nou byen analize kou sa loksidan fè sou Ayiti a. Pou Ayiti te ka rive nan move eta li ye jodi a, loksidan pran plis pase 400 zan pou l te konstwi yon fo idantite pou nou. Akoz loksidan te vin domine nou ak non Jezi Kris lan nan djòl yo, nou vin gen yon rayisman kont lEspri Kristik lan ki te vin libere nou an. Malgre sa, li toujou renmen nou e li pa deside lage n pou ènmi an fini ak nou. Men sa li di nan ezayi 54v4-11,
Ou pa bezwen pè! Yo p’ap derespekte ou ankò! Ou pa bezwen bese tèt ou, yo p’ap fè ou wont ankò! Ou pral bliye bagay lèd ou te fè lè ou te jenn marye a. Ou p’ap chonje lè ou te rete pou kont ou tankou yon fanm ki pèdi mari l’. Bondye ki te kreye ou la pral tankou yon mari pou ou. Seyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l’. Se Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki apa a, ki pral delivre ou. Se Bondye tout latè a yo rele l’. Ou tankou yon madanm mari l’ kite l’, epi ki nan gwo lapenn. Ou tankou yon madanm mari l’ te renmen depi lè l’ te jenn gason, men li vire do kite l’. Seyè a rele ou tounen vin jwenn li. Men sa Bondye ou la di ou: -Mwen te kite ou pou yon ti tan. Men, m’ap tounen avè ou ankò paske mwen renmen ou anpil. Kòlè te fè m’ pèdi tèt mwen. Mwen te vire do ba ou. Men, kè m’ fè m’ mal pou ou. M’ap moutre ou jan m’ toujou renmen ou. Se Seyè k’ap delivre ou la ki di ou sa. Menm jan nan tan Noe, mwen te pwomèt mwen p’ap janm kite gwo inondasyon rive ankò sou latè. Konsa tou, mwen pwomèt koulye a m’ p’ap janm fache sou nou ankò. Mwen p’ap rele dèyè nou, mwen p’ap pini nou ankò. Ou te mèt wè mòn yo ap souke, ti mòn yo ap tranble, mwen p’ap janm sispann renmen ou. M’ap toujou kenbe kontra mwen te pase pou m’ te toujou byen avè ou la. Se Seyè ki renmen ou lan ki di ou sa. Seyè a di ankò: -Ou menm lavil Jerizalèm ki nan gwo lapenn, ki san sekou, ki san pensonn pou konsole ou, mwen pral poze bèl wòch pyè ak yon mòtye koulè pou fondasyon ou. Mwen pral rebati ou sou pyè safi”

Tout sa montre nou si nou kite LANMOU ki nan Kris la mennen nou, ebyen nou kapab repran vrè devlopman ankò.
Mwen konnen li ka difisil pou nou konprann tout sa mwen sot di yo, nou ka menm di se pawòl yon moun fou. Denigreman sa yo pa yon bagay ki nouvo ; Yo di pawòl ki pi mal ke sa sou Jezi Kris. Se sa k fè Dye di nan pawòl li nan 1 korentyen 1v27, ‘li itilize foli pou konfonn sajès mond lan.’ Mwen pa gen pou enkyete m paske mwen konnen limyè a genyen pou l refè sifas ; yo ka bare l men pèsòn pa kapab janm etèn li. Bagay mal pa kapab triyonfe pou tout tan. Letènèl, chèf lame a, pa konn pèdi batay ! li gen pou l leve vrè imaj Ayisyen an nan tout diyite l. Menm jan, kounye a, lè w di ou se Ayisyen li parèt yon wont, yon jou gen pou rive kote non ‘Ayisyen’ sa ki se yon desepsyon jodi a genyen pou l vin yon onè nan bouch tout lòt nasyon.
DYE BENI AYITI, NAN KRIS LAN KI GEN TOUT POUVWA !