Plis pase 1000 moun pèdi lavi yo nan yon tranbleman tè soti nan lanwit 21 pou rive Jodi Mèkredi 22 Jen an nan Sidès peyi Afganistan. Plizyè twoup ki soti nan Nasyonzini gentan sou plas pou pote sekou ak èd imanitè tankou abri pwovizwa ak kit ijenik paske sezon sila se sezon ki fè anpil fredi ak lapli nan peyi Afganistan. Selon sa Mohammad Amin Huzaifa ki se chèf sèvis enfòmasyon ak kilti fè konnen, pwovens Paktika se youn nan pwovens ki plis touche nan katastwòf sila.

Enstiti Ameriken k ap fè rechèch sou tranbleman tè (USGS) fè konnen tranbleman tè sila kòmanse nan yon pwofondè 10 Km nan zanviwon 1è 30 nan maten touprè fwontyè Peyi Pakistan. Daprè enstiti Ameriken an tranbleman tè sa te gen yon magnitid 5.9 e li te pran sous li zanviwon 46 kilomèt vil khost, nan sid Afganistan, e sekous la ta touche apeprè 119 milyon moun nan 3 peyi diferan tankou Pakistan, Afganistan, ak Lend.

Daprè gwoup sismolojik Meditèraneyen ewopeyen an, CSME, Tranbleman tè toujou frape Afganistan nan Zòn Mòn Kush yo ki fè Jonksyon ant plak tektonik Endyen an ak plak Erazyen yo.

Dènye tranbleman pwisan ki te pase nan zòn sa se te nan mwa Oktòb 2015. Gwo bout tranbleman tè sa te gen yon magnitid 7,5 e li te touye 380 moun ant Afganistan ak Pakistan.

N ap raple depi rive rejim taliban an sou pouvwa nan peyi Afganistan, peyi sa twouve l nan yon gwo kriz ekonomik ak refòm sosyal.

Written by:

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

X