dènye devlopman yo..

Ansyen Premye Minis peyi Japon an, Shinzo Abe, pran yon bal pandan li t ap fè kanpay nan yon vil ki rele Nara. Yon jennòm ki genyen anviwon 40 lane tire ansyen Premye Minis la nan do pandan li t ap bay yon diskou.

Daprè dènye nouvèl yo, Shinzo Abe mouri. Li te gen 66 lane.

Foto k ap sikile sou rezo japonè yo kapte yon pati nan ensidan kote lapolis t ap arete gason ki tire Shinzo Abe a. Asasen an genyen 41 lane, li rele Tetsuya Yamagami. Misye te travay pou Fòs Defans Maritim nan pandan 3 zan, nan anviwon lane 2005 yo.

Shinzo Abe te Premye Minis peyi Japon soti 2006 rive 2007, epi yon lòt fwa ankò sòti 2012 jouk rive 2020. Misye pase plis tan ap sèvi Japon kòm Premye Minis pase tout moun ki te nan pòs sa anvan l. Li te kite pòs li nan lane 2020 akoz kondisyon sante li ki pat bon.

Shinzo Abe te yon alye peyi loksidan yo, espesyalman Etazini. Sou gouvènans Abe, peyi Japon fè aliyans ak aliye loksidan yo pou li sipòte yo nan nenpòt konfli militè yo ta ye nan zòn azi a. Yon desizyon ki pa fè anpil peyi vwazen plezi.

Written by:

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

X