6 Jen, 2022

Twa sòlda Dominiken akize kòm moun ki touye yon sitwayen Ayisyen ki gen 45 lane, epi boule kò li ak tout kay li te abite a. Zak sa te fèt nan minisipalite Galván, pwovens Bahoruco, pou yon swadizan revanj paske papa sòlda ki akize yo te blese nan bra li pandan li t’ap separe yon batay ant plizyè sitwayen Ayisyen ki abite nan vilaj sa.

Ayisyen ki mouri a te idantifye kòm yon kiltivatè ki rele Alfredo Pie.

Daprè plent ki fèt sou krim nan, dimanch pase a plizyè sitwayen ayisyen te nan batay “tire wòch ak voye baton, epi mesye yo rele Valerio Montero a, ki gen yon kay nan seksyon an te ale pou separe yo.” Se konsa, youn nan Ayisyen ki t’ap batay yo te bay Valerio Montero ‘yon kout wòch nan bra l’ pa aksidan. Ayè Lendi a nan maten ‘twa militè’ pitit gason Valerio yo te parèt nan zòn nan, ‘frape defen an, epi tire sou li plizyè fwa.” Aprè sa yo mete dife sou misye andedan kay li.

Tirzo Rodríguez, ki te ofri detay sou evènman an ak Jounal dominiken ‘Listin Diario’, fè konnen defen an te travay avèk prezidan Asosyasyon Fèmye yo nan kominote sa. Rodríguez idantifye sòlda yo akize yo kòm Papiltín, Roberto, ak Valentín Montero.

Jiskaprezan, dirijan Ayisyen yo pa pwononse sou zak ensanse sa ke yon sitwayen Ayisyen sibi nan peyi vwazen an. Sa fè lontan Ayisyen k’ap viv nan Repiblik Dominikèn ap viktim e pa gen yon òganizasyon nasyonal oubyen entènasyonal ki pran sa an chaj pou fè respekte dwa abitan oubyen resòtisan Ayisyen yo nan peyi sa.

Devan silans gouvènman Ariel Henri a, ansyen minis zafè letranje a, mesye Claude Joseph sòti yon pòs sou fesbouk pou li di sa ki rive a ‘se twòp atò! santiman anti-Ayisyen sa ki nan Repiblik Dominikèn nan depase bòn.’ Mesye Claude Joseph di ‘l’ap atire atansyon kominote entènasyonal la yon lòt fwa ankò sou vyolasyon dwa Aysisyen yo k’ap kontinye fèt nan Repiblik Dominikèn.’

Written by:

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

X