Sezon siklòn pou peyi ki nan karayib la kòmanse depi nan mwa Jen pou rive mwa novanm. Se moman kote peyi sa yo ap fè fas ak gwo lapli, inondasyon, gwo van ak deboulolman tè. Ayiti se youn nan peyi lè katastwòf natirèl sa yo pase yo toujou fè anpil dega ak viktim, tankou moun mouri, bèt ale, ak kay ki domaje oswa inonde.

 Mekredi ki te 15 Jen an, sòti aprè midi rive jouk nan aswè, te gen anpil lapli ki tap tonbe nan depatman latibonit presizeman nan vil Gonayiv. Sa koz gwo inodasyon ak anpil kay ki neye. Selon rapò ki sòti, dlo rive otè 60 santimèt nan kèk pati nan vil la. Gen anpil zòn ki touche nan zòn Nò Vil la ak lòt kote ankò tankou Ri Kristof, Ri Klèvo, Ri Libète, Ri Jn Jak Desalin, Ri Egalite, ak Ri Fab Gefra.

Pi gwo dega yo pase nan Ri Endepandans, Lozama, Sen Chal ak Tousen Louvèti akoz pon nan zòn sa yo te bouche ak machin, sa rann dlo a pa jwenn kote poul pase e li inonde anpil kay nan zòn sa yo.

Fas ak tout dega sa yo, direksyon depatmantal MTPTC gentan fè yon evalyasyon sistèm drenaj vil la pou pèmèt yo gentan fè sèvis antretyen ak netwaye wout dlo yo. Annatandan, y’ap tann otorizasyon ak kòb ki pou debloke pou fè travay sa yo.

Depi jedi 16 jen an popilasyon an poko ka reprann aktivite yo akoz gwo dlo ak labou ki bouche wout yo. Pou bilan pasyèl yo genyen 600 Kay ki inonde ak 3000 fanmi ki sinistre akoz dlo a kite monte anpil; pa gen okenn ka lanmò ki resanse jiska prezan.

KominDisparisyonBleseKay  inondeKay KrazeKay ki sibi anpil domajKay ki sibi mwens domajObsevasyon
Gonayiv000600000Dlo a monte depi 60 centimet jiska yon met nan Kay ki inonde yo, sa a pa genyen tro gro domaj ladan yo.
Bilan Pasyel Inondasyon Gonayiv

Nan objektif pou pote èd ak popilasyon an epi evite plis dega materyèl, otorite depatmantal nan latibonit yo antrevwa pran mezi sa yo: transmèt enfòmasyon bay otorite ki responsab yo, pataje bilten ak CCpC, CLPC ak brigad yo, pataje enfòmasyon ak medya yo, mobilize volontè pou travay ak DPC ak CRH, epi finalman evalye eta kanal yo.

Written by:

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

X