Sou de fèy papye blan chifonnen, avèk yon ekriti an plim ble ki pa twò fin lizib, epi ak siyati twa jij nasyonal anba redaksyon desizyon final sou dosye sa; se konsa nan jou ki te 23 Dawout 2022 a, lakou dapèl Pòtoprens te bay òdonans sa ki fè konnen ke arestasyon Mèt Robinson Pierre Louis pou zak trafik zam lan se yon arestasyon ki te fèt legalmam, jan lalwa mande sa.

Desizyon sa pat tonbe daplon ak avoka bawo Pòtoprens lan ki t ap konteste baz legal arestasyon sa nan lakou dapèl. Daprè agiman reprezantan bawo Pòtoprens lan, komisè gouvènman an pat gen dwa fè arete Mèt Robinson Pierre Louis, sekretè jeneral bawo avoka Pòtoprens yo, paske lajistis pa gen kapasite pou arete yon avoka ki komèt yon enfraksyon penal san otorizasyon bawo kote li siyeje a. Pou kounye a, dosye a ap retounen ale nan men yon jij entriksyon pou li mennen ankèt sou plent ki genyen kont Mèt Robinson Pierre Louis yo avan yo fè jijman li.

N ap raple ke sitwayen an enplike nan dosye trafik zam ilegal ki te sezi nan dwán Pòdepè nan mwa Jiyè pase a. Mèt Robinson se konseye Minis Jisitis Aktyèl la, Berto Dorce.

https://fb.watch/f6BANCMDEw/

Written by:

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

X