OU DI KE W SE ZANMI M, PA VRÈ?
Ou di ke w se zanmi m, pa vrè? M ap raple ou aprè pi gwo batay ke pitit mwen yo mennen pou yo te ka viv lib ak dinyite, pou fè moun respekte yo, ou te fè pati moun ki pat vle rekonèt endepandans sa. Hmmm Ou di ke w se zanmi m, pa vrè? Nan lane 1891, ou tèlman pa respekte sa yo rele souverènte yon peyi, ou fè presyon sou prezidan Florvil Hyppolite pou l te ba w mòn Saint-Nicolas malgre m te endepandan. Hmm Ou di ke w se zanmi m, pa vrè? Ou tèlman pa respekte endepandans mwen, nan lane 1915 jiska 1934 ou antre lakay mwen ak twoup militè ou epi ou vòlè lò ke m te genyen nan bank lakay mwen. Ou piye resous natirèl mwen, epi ou eli Sudre Dartiguenave prezidan pou l te ka defann enterè w men pa enterè pitit mwen yo. Hmmm Ou di ke w se zanmi m, pa vrè? Malgre aprè ou kite peyi lakay mwen nan lane 1934, ou te toujou kenbe dominasyon w sou dwán lakay an mwen pou ka toujou piye kès lajan m kòmsi mwen se te travayè lakay ou. Hmmm Ou di ke w se zanmi m, pa vrè? Pandan peryòd okipasyon ou an, ou deside bay plis tèritwa ak Dominiken yo byenke w konnen byen pitit mwen yo te deklare endepandans yo sou tout zile a. Hmmm Ou di ke w se zanmi m, pa vrè? Nan lane 1994, ou fè kraze lame lakay mwen jis pou w ka rann peyi mwen vilnerab epi fè bandi entèn ak ekstèn banbile sou tè mwen. Hmmm Ou di ke w se zanmi m, pa vrè? Ou di w mete anbago zam sou mwen depi 1993, men zam toujou ap soti lakay ou pou rantre lakay mwen pou touye pitanm mwen yo. Hmmm Ou di ke w se zanmi m, pa vrè? 19 Septanm 2021 twoup polisye ou yo tap kouri deyè pitit mwen yo sou fontyè lakay ou tankou se lè y’ap chase bèt sovaj. Hmmm Ou di ke w se zanmi m, pa vrè? Nan pifò pitit mwen yo w te pran sou fontyè lakay ou a, ou pran yon pakèt ladan yo, ou fèmen yo nan chanm glase, epi ou kite yo pase plizyè jou san ke yo pa ka pran swen tèt yo. Hmmm Ou di ke w se zanmi m, pa vrè? Ou resevwa plis pase 20 mil refijye Afgan ak Ikrenyen lakay ou pandansetan ou depòte tankou atoufè tout pitit pa m yo. Ou mete chèn nan pye ak men yo tankou moun ki te fè Krim; sèl krim yo fè vre se paske yo derefize rete lakay mwen ke w fè tounen yon lanfè ak konplisite move grenn nan fanmi an. Ou di ke w se zanmi m, pa vrè? Biznismann ak malfwa reyini lakay ou pou planifye epi ekzekite prezidan lakay mwen. Hmmm Ou di ke w se zanmi m, pa vrè? Avan prezidan te asasinen, li te mande w èd pou l rezoud pwoblèm ensekirite ak bandi yo, men ou te refize l. Epi w toujou ap di ke w se zanmi m, pa vrè? Men, kilè w ap sispann ak ipokrizi sa a? Pitit mwen yo kilè n ap aprann pran konsyans? Kilè n ap kite Èt Siprèm lan ede nou menmjan l te fè l ak Papa nasyon an (Anperè Dessalines)? Nan sityasyon nou ye jodi a, si nou pa pran konsyans nou p ap janm retire tèt nou ladan l.

