Prèske yon ane depi Prezidan Jovenel Moise te asasine lakay li nan sware 6 a 7 Jiyè 2021, Lapolis Nasyonal Ayiti fè konnen li voye 33 polisye lakay yo nan kad rezilta ankèt DCPJ te mennen sou dosye sila.

Se sa pòt pawòl PNH la, Gary Desrosiers, nan yon konferans pou laprès jou madi ki te 28 Jiyè a, repòte. Anplis, li fè konnen genyen 3 lòt polisye yo mete chita anatandan dewoulman dosye sa. Pòt pawòl PNH la pa bay okenn enfòmasyon pou ta fè konnen si polisye sa yo gen chaj sou tèt yo pou enplikasyon yo nan krim asasina ansyen prezidan an. Jiskaprezan, menm moun ki arete yo e ki nan penitansye nasyonal pako gen chaj sou tèt yo pou krim sa.

Premye minis la, Ariel Henry, ki li menm enplike nan dosye sa selon envestigasyon ki te fèt sou apèl li te fè ak yon prezime asasen (Joseph Badio) pa janm parèt devan lajistis.

Vagabon ak asasen antre andedan chanm yon prezidan epi yo touye l pou pa gen okenn polisye, ni gad ki reaji. Pa gen yon moun nan administrasyon leta, ni lapolis ki parèt devan jij. Kidonk, zafè jistis la se pa yon bagay gouvènman ki la jodi a bay enpòtans. Men, si moun ki enplike nan asasina prezidan an, objektif yo se te pran pouvwa; e si kounyè a yo sou pouvwa yo, pa gen moun ki ka espere jistis ap fèt! Eske yo konn mete chat veye mantèg? 🤔

Written by:

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

X