“La crise institutionnelle que vit Haiti est le resultat direct des actions des forces endogenes du Pays et de la communauté international” a dit OEA.

[Efondman tout enstitisyon peyi Ayiti yo se rezilta dirèk aksyon ki poze andedan peyi sa pa fòs vif ki ladan l yo ansanm ak kominote entènasyonal la]

Nan dènye rapò oubyen nòt OEA pibliye sou Ayiti a n ap remake li pwente dwèt li sou yon bann gwoup ki echwe nan misyon yo nan peyi a. Men, an menm tan tou, li pa vrèman pwente dwèt li ak menm fòs la sou tout gwoup ki daprè li echwe nan misyon yo. Si n ap eseye analize apwòch OEA nan rapò sa, n ap di rapò sila gen anpil riz ki kache dèyè l paske li pa denonse tout koupab yo epi li akize kominote entènasyonal ke li menm li ladan l. Eske nan eta Ayiti rive la jodi a nou ka konsidere l antank yon echèk pou entènasyonal la? Nou prale eseye reponn ak kesyon sa pandan n ap fè referans ak yon analiz sistemik pwofesè Lavoisier Junior Cherisier te fè sou menm rapò sila. OEA pale de yon kriz enstitisyonèl ki se rezilta fòs andojèn yo ansanm ak kominote entènasyonal la.

Ki gwoup ki reprezante fòs Andojèn yo ? ki antite ki konpoze kominote entènasyonal la?

Fòs andojèn yo, selon Pwofesè Lavoisier, se gwoup moun ki fè pati de dezyèm ak twazyèm nivo sistèm Petyonis 1806 Diktati Ekonomik lan. Lè n ap pale de dezyèm nivo sistèm nan nou fè referans avèk milat e siwolibanè yo ki se reprezantan dirèk kominote entènasyonal la nan peyi a. Twazyèm nivo a menm se ti gwoup ki konpoze klas mwayèn lan, ki yo menm anba kontwòl 2 premye nivo sistèm lan. Gwoup sila yo se klas politisyen tradisyionèl yo, laprès lan, ak entèlektyèl yo : Politisyen tradisyonèl yo se tout nèg ki fè pati estrikti politik ki etabli depi 1986 yo, tankou PHTK, LAVALAS, DIVALYERIS, PITIT DESALIN, JOVENELIS, MTVAyiti, elatriye. Laprès la li menm genyen ladan l chèn radyo ak televizyon popilè yo k ap itilize enfliyans yo genyen sou sosyete a pou manipile, mal enfòme, ak dewoute pèp la pou sistèm lan. Entèlektyel yo se ti gwoup ki ta dwe la pou pwodwi refleksyon serye pou ede sosyete Ayisyèn nan avanse, men malerezman gwoup moun sa yo dewoute sou vrè objektif yo paske tout kad referansyèl yo se loksidan. Tout ponyèt yo, tout pye yo, ak tout lespri yo ap benyen nan loksidan ki pa prepare yo entèlektyèlman pou panse pou tèt pa yo, pou reyalite lakay yo a, pou kilti Ayisyèn lan.

Kounye a an nou pale sou kominote entènasyonal la ke OEA mansyone nan rapò li a san li pa defini kiyès ki fè pati gwoup sa. Selon Pwofesè Lavoisier nan analiz sistemik ke l t ap fè sou sistèm lan, endirèkteman OEA fè referans ak Loksidan. Lè nou di loksidan n’ap pale de Etazini, Frans, Kanada, Angletè, Japon, ak kèk lòt peyi nan Inyon Ewopeyèn lan. Majorite peyi nou site la yo se peyi kolonizatè sou epòk sistèm esklavajis la. Lè AYITI te revolte kont Frans pou l te pran libète l, AYITI pat goumen sèlman pou endepandans li, men li te goumen kont yon sistèm oubyen yon òd mondyal. Viktwa Ayiti a sou sistèm sa ta pral reveye konsyans anpil lòt peyi ki te anba kolonizasyon, epi li te konstitye yon menas kont peyi ki te genyen esklav lakay yo. Tout sa pou nou eksplike kisa? Se yon fason pou nou di w kontrèman ak sa OEA di nan rapò li a kominote entènasyonal la pa echwe an AYITI. Li pa kapab yon echèk paske peyi ki konpoze kominote entènasyonal la pat janm genyen yon bon plan pou AYITI. Se pito yon viktwa pou yo paske se depi plis pase 200 lane loksidan t’ap prepare efondman sa pou AYITI. Yo pase pa divès metòd neyokolonyalis atravè aparèy tankou òganizasyon ONG yo pou yo te ka toujou gen kontwòl sou Ayiti. Lè yo pale nou de kriz enstitisyonèl, ebyen se tout mekanis yo te mete sou plas yo menm ki kraze tout enstitisyon yo nan peyi a. Se te yon fason pou AYITI te ka vin gen yon leta ki fèb, dekwa pou tach la kapab pi fasil pou loksidan kontinye domine sou Ayiti epi answit demontre enferyorite ras Nèg Afriken an.

Si n ap remake byen, majorite ti jèn ayisyen yo poko janm ka fin konprann kòman mond lan fonksyone. Pandan y ap kouri pou loksidan yon kote, yon lòt bò y ap mande Wisi ak Chin vin ede yo. Lè AYITI te pran libète fizik li se pa lòt peyi ki te vin ede n goumen, men se zansèt nou yo ki te ranmase tout fòs ak kouray yo pou yo te akouche kokenn chenn batay sa. -Malerezman, konze tankou Petion, Rigaud, ak Boyer pat pran lontan pou yo te gaspiye batay dekolonyal la lè yo te deside al vann konsyans nou yon lòt fwa ankò avèk loksidan nan vye akò yo te al siyen avèk yo.- Kèlkeswa li te Wisi oubyen Chin, pyès ladan yo p ap vin retire nou kote nou ye a. Dayè, nou pa gen ase dirijan konpetan pou ta trase yon wout konsa paske loksidan p ap bay pase konsa. Pou nou soti nan sitiyasyon sa nou ye jodi a, se pou mete tèt nou ansanm pou nou fòme yon konsyans kolektif antank yon pèp ki gen yon idantite ak yon vizyon komen; lè sa n ap konnen lè youn frape se nou tout ki frape. Sispann goumen ant youn ak lòt paske ènmi an jwe sou feblès sa pou l pwofite ateri ak plan pa li a.

PREMYE Kongrè Mouvman BOSAL BÒT JÒN 109.

Written by:

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

X