Depi premye Jiyè 2010 MONUSCO (ki se Misyon òganizasyon Nasyonzini nan Repiblik Demokratik Kongo: RDK) ki genyen pou misyon etabli lapè, te genyen yon efektif 12,000 sòlda ak 1,600 polisye. Depi lè Nasyonzini ap voye misyon pou lapè nan peyi ki mwens avanse yo, yo pa janm mete lapè ni retabli estabilite tout bon vre.

Yè lendi 25 jiyè a se te yon jou manifestasyon, kote popilasyon Kongolè a t ap mande pou MONUSCO mare pakèt li epi bay peyi a. Objektif MONUSCO se te pote apwi yo ak lame Kongolè a nan lit y ap mennen kont yon gwoup rebèl k’ap simen kawo nan mitan popilasyon an. Gwoup rebèl sa ki rele M23 a pa sispann teworize popilasyon Nò RDK a; yo akize yo de anpil zak asasinay ak vyòl sou fanm.
Fas ak enkapasite MONUSCO pou etabli lapè nan peyi a, popilasyon an revòlte pou mande MONUSCO kite peyi a. Plis pase yon santèn manifestan te antre nan espas nasyonzini an nan jou ki te 25 Jiyè a epi sakaje lokal lan; manifestan yo te bloke wout yo, vyole espas la, epi mete dife ladan l. Anpil manifestan t’ap kalonnen ajan MONUSCO yo ak kout wòch. Manifestan yo repwoche Nasyonzini ki pa itil anyen nan peyi a epi ki pa vrèman pwoteje yo kont rebèl M23 a. Pòt pawòl MONUSCO a sezi wè kijan popilasyon te antre nan lokal yo, sakaje l, piye l, epi mete dife nan espas lan. Sityasyon sa rive mete pye aprè plizyè menas ki te deja fèt sou biwo MONUSCO a.
Pwoblèm MONUSCO te vin pi mal atò ayè 26 Jiyè a paske popilasyon an te lanse yon dezyèm jounen manifestasyon nan vil Goma ak Butembo. Manifestasyon sa te kòmanse yon fason pasifik jiskalè yo te resevwa gaz lakrimojèn nan men solda MONUSCO yo. Pandan diferan echanj ant 2 kan yo, plizyè moun te rive viktim; ladan yo 50 blese ak 15 ka lanmò. Te genyen 3 sòlda MONUSCO ki mouri, se 2 Endyen ak yon Mawoken. Plizyè manifestan t’ap voye wòch ak kòktèl Molotòv sou sòlda MONUSCO yo ki te vide bal sou popilasyon an. Pèp Kongolè a poze yon gwo aksyon pou repran peyi yo a nan men MONUSCO paske li p’ap regle anyen serye kont ensekirite a ak destabilizasyon gouvènman an. Reyalite peyi Kongo pa fin diferan ak Ayiti ki anba kontwòl yon lòt branch nan Nasyonzini ki rele BINUH (Biwo entegre Nasyonzini nan Ayiti). Pandan sou BINUH anpil masak (Lasalin, Bèlè, kafou fèy, Site Solèy) fèt nan peyi a; vyolans, kidnaping ak ensekirite ogmante pi plis chak ane, lamizè vin pi rèd, e menm yon Prezidan asasine andedan chanm lakay li. Kidonk, kisa ki fè Ayisyen yo menm pa rele chalbare dèyè BINUH ak tout akolit li yo k’ap telegide politisyen alyene yo ki nan peyi a?

