Bèl Nègès Ayisyèn / marabou yo kwè nan tèt yo

Fenomèn ki devlope nan peyi Ayiti jodi a kote moun rive ap manje manje chat pa fèk parèt nan peyi a. Nou te genyen nan tan lontan agase matlòt kote fi te konn manje manje kochon pou yo gwosi bouda yo. Aprè sa, te genyen fenomèn piki bokit ak itilize magi pou medam yo fè bouda yo vin gwo. Jodi a se yon kesyon manje manje mimi pou yo pran pwa ak fè bouda yo gwosi.

Genyen plizyè faktè ki kapab eksplike rezilta nou genyen jodi a. Pami faktè sa yo, nou jwenn pwoblèm idantite, pwoblèm ekonomik, pwoblèm espirityèl, pwoblèm valè moral ki poze nan sosyete a.

Dabò li enpòtan pou nou mansyone, nan kominote Ayisyen an, anpil fanm ap fè chiriji estetik pou yo refè kò yo. Anpil ladan yo refè bouda yo ; yo ajoute sou li pou l ka vin pi gwo. Daprè yon adaj Ayisyen ‘gwo bouda se lasante,’ epi jeneralman, nan sosyete nou an gason Ayisyen yo gen yon tandans kote yo pi renmen fanm ki gen gwo bouda. Kidonk, medam yo lage nan fè operasyon pou fè bouda yo gwosi, pou yo ka vini pi bèl.

Aktyèlman, Ayiti ap viv yon kriz ekonomik ki trè grav. Biznismann Milat-siwolibanè ki kenbe ekonomi peyi a an otaj yo pa envesti nan peyi a pou kreye travay, yo kenbe monopòl komès lan, e yo pa dakò konkirans sou mache a. Kidonk, anpil moun ap fè fas ak mizè, grangou, lavi chè ak chomaj. Se konsa, yon ti mamit diri ap vann pou 175 Gourdes, ti mamit pwa a ap vann pou 300 Gdes, ti sachè espageti a ap vann pou 100 Gdes, mamit mayi moulen an ap vann pou 125 Gdes, yon ti bwat lèt ap vann pou 60 Gdes, yon poul peyi ap vann pou 3000 Gdes, 2 grenn aransò pou 300 Gdes, yon galon lwil pou 2000 Gdes, yon lo 3 ze ap vann pou 100 Gdes, elatriye. Kidonk, pou yon moun monte chodyè chak jou epi manje pandan 2 ou 3 fwa nan jounen an, li depase bous yon majorite gwoup moun nan sosyete a.

Manje mimi an ap vann pou 150 Gdes yon ti mamit. Altènativ sa parèt bon mache pou medam yo kote manje mimi an vann pou pi bon mache ke manje moun e li kapab, daprè sa anpil nan yo kwè, fè bouda yo gwosi san yo pa bezwen fè chiriji estetik ki koute chè. Nan sans sa, medam yo panse yo fè 2 kabès nan manje manje chat la. Yo itilize l paske li bon manche, e li ta ka pèmèt yo gwosi pou yo vin alamòd nan mond sa a.

Malerezman sa medam sa yo pa konnen, epi tou sosyete a pa aprann yo, se efè negatif sa ap genyen sou sante yo ak konsekans nefas pou imaj Nègès la nan zye mond lan. Manje chat la se pou bèt li fèt, li pa apwopriye pou moun manje l. Manje chat lan ap pote anpil maladi nan kò w tankou kansè estomak, kansè kolon, maladi nan kè, diabèt, maladi nan ren, ak maladi newolojik. Sa pou w konprann, zannimo pa dijere menm fason ak moun. Kontrèman ak sa kèk medam kwè, manje chat lan se pa manje natirèl li ye. Se yon pwodwi chimik ki konpoze nan laboratwa epi ki fèt espesyalman pou sistèm dijestif chat yo. Pafwa, manifaktè yo ajoute òmon (molekil biochimik) nan manje sa yo pou pèmet chat lan gwosi. Bèt lan kapab dijere molekil sa yo san pwoblèm, men nou menm lòm òganis nou pa kapab fin dijere molekil sa yo. Kifè, molekil sa yo pral rete ap sikile nan san w epi ba ou tout kalite maladi. Lè w pa gen bon enfòmasyon ou tounen on danje menm pou pwòp tèt ou. Sa se premye pwoblematik Nègès la kreye pou tèt li nan zafè manje mimi an.

Lot aspè pou nou konsidere nan kesyon an se kisa nou bay valè nan sosyete a. Dayè, si nou pa konnen nati nou antank lòm, si nou pa konnen kiyès nou ye, sa vle di nou pa gen yon bon antwopoloji de tèt nou, nou pap menm ka pale sou valè nou. Genyen, anpil moun nan sosyete Ayisyèn lan ki konsidere vodou kòm kilti peyi a. Lè nou ap gade byen nan pratik ki genyen nan vodou a, nou wè espirityalite kiltirèl sa, nan esans li, bay mond animal lan plis valè sou nou menm ki se moun. Sou pretèks kilti nou fè bagay ak koulèv pou gen chans ak pou fè lajan, nou tounen chen, bourik, ak milèt nan sosyete sanpwèl, nou tounen chat pou ale vòlò bagay moun, epi nou fè frè ak sè nou tounen bèf pou al vann yo nan mache vyann. Kifè, manje manje ki fèt pou bèt tankou chat se rezilta dirèk yon espirityalite kiltirèl yon sosyete ki kwè se yon koulèv yo rele ‘danbala’ ki te kreye lèzòm.

Se pa sèlman nan manje manje bèt deriv sosyal nou an rive, li ale pi lwen toujou akoz nou gen yon kilti ki valorize lanmò plis ke lavi. Manje ki fèt espesyalman pou bèt la ap touye moun nan, men li pito pran l paske l’ap fè bouda l gwosi. Sou pretèks vodou se kilti, moun nan ale kay yon wougan k’ap drive li, kouche li, fè li benyen ak dlo santi kaka, woule nan labou, mete piman nan bòbòt li sou plas piblik, ak lòt bagay sal ki retire mounite ak dinyite imèn li.

Espri enpi sa yo ki nan vodou a degrade nou ak fè nou viv san valè moral ; yo mete gad sou nou pou nou ale touye moun, yo ban nou pwen rale kòb pou nou vòlò sa ki pa pou nou. Lwa sa yo fin pouri lavi nou. Nou bliye ke Dye, Èt Siprèm nan, se li ki kreye nou avèk imaj li, ‘Imago Dei’ a.

An nou fè yon ti refleksyon… Dye fin kreye lòm epi li di lòm pou li domine sou tout kreyasyon an. Li mete solèy la, lalin lan, tè a ak tout zannimo yo anba otorite lòm. Sa vle di, devan Bondye, nou pi gran ke lanati e tout sa ki ladan l, kelkeswa fòs ki egziste a. Lanati la pou sèvi nou nan sa nou bezwen, se pa lanati ki la pou donte nou.

Fòs lòm nan se nan ÈT KREYATÈ a li dwe soti paske se avèk imaj li nou te kreye. Bèt pa dwe gen pouvwa sou nou. Akoz peche orijinèl la Adan ak Èv te komèt nan jaden Eden an, Dye voye pitit li Jezi Kris pou vin sove nou anba pouvwa peche a. Satan oubyen dyab la, ki se entwodiktè peche nan mond sa gentan jije epi kondane pa Jezi Kris. Nan kris, nou menm ki se kreyati diven, nou jwenn otorite pou nou mache sou sèpan (lespri danbala), eskòpyon, ak tout lwa ki egziste.

Antank lòm, nou se moun ki genyen anpil valè nan je Bondye ; li rachte nou avèk san li. Se sak fè nou dwe pran konsyans de kiyès nou ye nan Jezi ak ki valè nou genyen nan li. Sa vle di nou dwe toujou sonje ke nou se moun ki kreye nan imaj Dye ak pitit li a Jezi Kris. Lè nou byen konprann sa n’ap vin wè poukisa se Èt Siprèm lan ki te ede nou goumen pou fè endepandans nou (na debat sa nan yon lòt sijè). Kidonk, bèl Nègès fanm Ayisyèn nou yo, fanm marabou nou yo, tanpri pa desann imaj nou nan nivo bèt ; kèlkeswa ou te gen ti bouda oubyen gwo bouda, se pa sa ki pi enpòtan. Sa ki pi enpòtan se valè moral ou antank yon fanm, se dinyite imèn ou

@ Jenny G.

Bèl Nègès Ayisyèn / marabou yo kwè nan tèt yo

Written by:

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

X