APÈL IJAN AK AKTÈ ENTÈNASYONAL YO!

Nan twa dènye deseni ki pase yo sosyete Ayisyen an kontinye ap efondre ak yon vitès ki san parèy. Tout enstitisyon leta yo afebli, leta pa prezan nan vi sosyal peyizan yo, epi lamizè fè Ayisyen pa gen okenn anvi pou ret viv lakay yo. Majorite Ayisyen k’ap eseye echape avèk sitiyasyon dezolan sa travèse Repiblik Dominikèn pou yo ka rale yon souf ak sitiyasyon kawotik ki gen Ayiti a.

Se nan kontèks sa, yon lòt fwa ankò, yon gwoup Dominiken deside mete sou pye yon enstitisyon patriyotik ki la pou defann enterè Rep. Dominikèn vizavi Ayiti, ki pou yo menm, poze yon menas pou estabilite ak sekirite peyi yo a. gwoup sa ki rele tèt yo Enstiti Duartyen (Instituto Duartiano) te mande ak pèp Dominiken an pou yo anvayi lari a nan jou 6 Dawout 2022 a nan yon mach patriyotik pou mande avèk òganizasyon entènasyonal yo tankou Etazini, Frans, Kanada, ak lòt antite rejyonal yo pou yo pran ka Ayiti a avèk plis konsiderasyon e seryozite. Yo mande enstitisyon entènasyonal tankou BINUH ak KÒ GWOUP pou yo serye sou pwojè rekonstriksyon peyi Ayiti an, sitou akoz tranbleman tè ki te pase nan lane 2010 lan.

Jou samdi sa, nan maten, yon santèn moun reponn avèk apèl Enstiti Duartyen an avèk pannkat yo leve byen wo pou montre kòlè yo avèk òganizasyon entènasyonal yo ki fèmen je yo sou « envazyon pasifik » Ayisyen yo ap fè nan peyi yo a. Manifestan yo te genyen divès pannkat nan men yo avèk mesaj ki ekri :

SOLISYON AYITI SE AN AYITI!

MATÈNITE YO SE POU DOMINIKEN

NOU PAKA CHAJE PWOBLÈM AYITI METE SOU DO NOU!

ABA ENVAZYON PASIFIK AYISYEN

CHAK BOURIK RETE NAN PATIRAJ YO!

NOU PA GEN MENM KILTI, R.D. PA AYITI I!

Selon Gomez Ramirez, prezidan enstiti ki te òganize manifestasyon an, kantite Ayisyen k’ap kite Ayiti pou kouri ale Rep. Domikèn jodi a pa yon ‘pwoblèm migrasyon’ ankò, men se pito yon ‘envazyon ak yon okipasyon.’ Pandan manifestasyon sa, Gomez Ramirez te chaje pou li li ‘manifesto patriyotik’ gwoup la te prepare a ki genyen ladan l pozisyon peyi yo dwe pran pou rezoud pwoblèm menas ke Ayiti reprezante pou souverènte ak estabilite sosyo-politik peyi yo a akoz lanfè kawotik ki genyen Ayiti a.

Selon sa ki ekri nan manifesto sa a,

  • Gouvènman Dominiken an dwe mache prese prese pou li fin konstwi miray fizik ki dwe separe fontyè ant Ayiti ak Rep. Dominiken an.
  • Dezyèm atik la mande pou gouvènman an aplike règleman kòd sou travay la ki mande ke 80% travay nan ekonomi peyi a dwe rezève ak sitwayen Dominiken.
  • Twazyèm atik nan manifesto a mande pou gouvènman an fè respekte lwa imigrasyon peyi a san patipri epi pou yo pa janm sispann depòte etranje ki pa legal sou tèritwa yo a.
  • Katriyèm lan mande pou kantite militè ki angaje sou fontyè Ayiti-Dominikani an ogmante selon sikonstans aktyèl lan pou anpeche Ayisyen yo depòte yo pa retounen Sendomeng ankò.
  • Yon lòt pwen nan manifesto sa mande pou tout acha oubyen vant kay sou zòn fontalye a fèt nan enterè nasyonal Rep. Dominiken an epi privilejye sitwayen Dominiken.

Pou nou rezime, solisyon patriyotik ke enstiti Duarte a pwopoze yo pou fè fas ak pwoblematik kawotik Ayiti reprezante pou estabilite ak souverènte Rep. Domiken an se vise boulon tout Ayisyen ki deja sou tèritwa yo a, de-privilejye sila yo ki gentan entegre sistèm sosyal la, depòte san gade dèyè tout Ayisyen ki nan yon sityasyon ilegal, epi konstwi yon miray kou miray jeriko sou fontyè de peyi yo.

Nan sans sa, elit Dominiken an mande pou gouvènman an adopte yon ofansif diplomatik sou sèn entènasyonal la (kont Ayiti) ki chita sou bon jan done istorik sou relasyon ant de peyi yo epi sou sityasyon sosyo-ekonomik, demografik, ak enviwonmantal ki fè pati revandikasyon gwoup Duarte a.

Sou sifas, mach la sanble ak yon efò sensè anpil sitwayen Dominken t’ap fè pou mande enstitisyon entènasyonal yo pou yo pote yo sekou ak sityasyon kawotik Ayiti twouve l jodi a. Men poutan, se plis yon demach ki baze sou perèz kont Ayisyen kòmkwa Ayisyen yo gen entansyon anvayi epi okipe pati lès zile a. Sa vle di, Ayisyen pa sèlman ap kouri pou ensekirite ak lamizè, men y’al enstale yo Rep. Dominikèn avèk entansyon epi konplisiste òganizasyon entènasyonal yo (akoz mepri yo pou ede Ayiti rezoud pwoblèm li yo) pou yo pran peyi yo a nan men yo.

Akoz ti istwa ki genyen ant de peyi yo, sitou akoz okipasyon Ayiti te bay ak Rep. Dominikèn nan lane 1822, relasyon sosyo-politik ant yo toujou genyen yon gou anmè ladan l. Se yon relasyon ki frajil anpil. Nenpòt politisyen ki gen move kè ka pran daso sou enkonvenyans ki egziste ant de peyi yo pou kreye yon rayisman achane kont youn oubyen lòt. Popilasyon an dwe vijilan anpil epi aji ak respè youn pou lòt pou yon masak pa repwodwi sou zile a menm jan sa te fèt nan lane 1937 sou lobedyans diktatè Dominiken Rafael Trujillo. Lè sa a Prezidan Dominiken Rafael Trujillo te fè masakre plis pase 20,000 Ayisyen ki t ap viv sou fontyè Ayiti-Dominikani an nan lane 1937 paske l te konsidere Ayisyen yo kòm yon ras moun nwa ki se vrè desandan Afriken, ki endezirab nan mitan yo. An nou fè atansyon pou listwa pa repete ankò!

militè Dominiken k ap masakre Ayisyen sou lòd prezidan Trujillo

Written by:

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

X