Dimanch 19 Jen an nan eleksyon prezidansyèl dezyèm tou nan peyi Kolonbi, pèp kolonbyen an make listwa kote li eli yon ansyen REBÈL pou Prezidan ak yon Fanm Nwa, aktivis pou anviwònman, kòm vis prezidan.

Dezyèm tou eleksyon an te mete anfas 2 kandida, Gustavo Petro, ki reprezante pati goch la, epi Rodolfo Hernández Ki reprezante pati dwat ki te sou pouvwa. Kandida sosyalis ak tandans goch la ranpòte eleksyon an ak 50,44% kont 47,3% pou Rodolfo Hernández.

Rezilta Eleksyon sa pwodwi de gwo evènman: kolonbi eli premye prezidan gochis, epi, dezyèmman Yo Eli premye moun nwa nan dezyèm plas ki pi wo nan gouvènman an, manzè Francia Marquez kòm vis prezidan. Manzè Francia soti nan fiyèf pèp la. Ak 16 lane li te fè yon pitit, men sa pat rete manzè ki te gen vizyon pou li devni yon avoka. Francia resevwa plizyè akolad nan karyè li kòm yon konbatan pou anviwònman e yon defandè koz moun nwa afrodesandan yo nan kolonbi.

Eleksyon Gustavo a pral genyen anpil repèkisyon jewopolitik nan moman an paske kandida popilè goch la se yon fanatik ansyen defen chèf leta venezyela (Hugo Chavez) ak kiba (Fidel Castro). Rapwochman misye ak ansyen lidè kominis sa yo bay kèk moun kè sote sou misye. Yo enkyè paske ka gen chanjman Nan relasyon diplomatik mesye Gustavo pral mennen ak peyi Etazini an. Prezidan Eli a deklare, “Viktwa sa se pou Dye, pou pèp la, e pou listwa. Jodi a se pou nou selebre nan lari yo ak plas piblik yo.”

Written by:

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

X