Ann retire kèk dout anpil moun genyen sou zafè kite telefòn dòmi nan chaj la.

Anpil moun toujou ap poze tèt yo kesyon asavwa si yon telefòn rete nan chaj pandan tout yon nwit èske sa bon pou telefòn nan oswa li pa bon?

Aprè yon jounen travay ak anpil lòt aktivite, telefòn pòtab nou yo konn rete ak yon ti chaj oswa li dichaj nèt, kidonk nan pifò ka nou chwazi kite l nan chaj tout nwit la, jis demen si Dye vle. Anpil fwa nou konn ap poze kesyon sa: èske se yon bon lide? Byenke bay telefòn chaj souvan ka domaje pil lityòm nan telefòn nou yo, daprè Edo Campos, pòtpawòl Anker™, yon konpayi ki pwodwi chajè telefòn selilè, “Nouvo telefòn selilè yo konfigire pou konnen ki lè yo dwe sispann pran chaj.” Telefòn Iphone ak Android yo ekipe ak yon chips ki pwoteje yo, pou yo pa pran plis chaj ke sa yo ta sipoze pran lè yo fin chaje nèt ak san pou san. Teknoloji alèkile, nan tan aktyèl, pèmèt telefòn selilè yo ajiste nan kantite chaj ke chajè a dwe ba yo.

Sepandan, li rekòmande, pou n chaje batri a sèlman lè li dichaj. Se sa ki pi bon pou sik lavi batri nou yo. Si nou vle konsève batri aparèy nou yo, nou bezwen asire n ke aparèy yo pa chofe. Paske lè pil ki fèt ak lityòm yo kontre ak tanperati ki wo, sa eksite pil yo epi lakoz yo deteryore pi vit. Se yon erè ki grav lè nou panse telefòn nou yo dwe rete louvri 24/24 oswa 365 jou nan yon lane. Pou asire ke lavi telefòn nou yo ap pwolonje nan maksimòm kapasite yo, li rekòmande pou n bay telefòn nan yon ti repo nan jounen an oubyen nan kèk jou. Lè w pa fèmen ekipman an ditou, sa kapab afekte pèfòmans ekipman an ak lavi batri a, paske dire li depann ak konbyen fwa li chaje. Li rekòmande pou fèmen ekipman an pou pi piti yon fwa chak mwa, sitou pandan lannwit.

Kisa k ap pase si w kite telefòn selilè nou yo chaje tout lannwit?

Tout telefòn selilè ki gen yon batri lityòm p’ap gen pwoblèm ak abitid sa a. Sa vle di aparèy ki gen kalte batri sa yo pa nan danje fas ak abitid sa a; telefòn selilè ak batri lityòm yo koupe chaj la bripsoukou depi l rive ak 100%.

Sa ki bon nèt se pou n toujou kenbe tèt kab USB telefòn nou yo pwòp.

Written by:

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

X