24 Jiyè 2022: Daprè premye minis Bahamas lan (Philip Davis) gen yon bato imigran Ayisyen ki t ap tante rive Etazini ki fè nofraj nan peyi li. Pou pi piti 17 nan moun ki te nan bato sa mouri; pami yo te gen yon timoun.
Otorite Bahamas yo te rive atan pou yo te reskape 25 nan moun ki te nan bato sa. Sa fè dezyèm kanntè otorite bare sou wout yo nan yon semèn. Premye a te rive ateri jous nan Florid; malerezman, yo tout déjà nan pwosesis pou depòtasyon.
Sityasyon ke majorite Ayisyen yo twouve yo jounen jodi a pouse yo riske vi yo pandan y ap chache lavi. Malerezman, pwoblèm sa pa kòmanse jodi a. Ni paramèt yo e ni endividi ki viktim yo pa janm chanje. Se toujou Ti Nèg Nwa Tèt Grenn k ap riske vi yo sou lanmè nan ti kannòt akoz diktati ekonomik milat-siwolibanè yo mete sou peyi a. Nèg ak Nègès toujou ap kouri kite ti bout tè pa yo a pandan milat-siwolibanè ak blan je vèt ap byen pase. Si se pa pou pwoblèm ekonomik, se pou malfektè vodouyizan kè nwè y ap kouri.

Nou p ap janm jwenn okenn milat-Siwolibanè nan bato sa yo ni de lwen ni de prè! Eske yo pa Ayisyen tou? Kote Ayisyen nan Dyaspora a k ap soutni fanmi yo nan peyi a? Kilè n ap bay yon repons ak sistèm diktati ekonomik milat-siwolibanè yo kreye nan peyi a kont tout Nèg ak Nègès?
Se vrèman tris pou nou jis chita ap konstate kòman frè ak sè nou yo ap efondre. Mezon metafizik, espirityèl, moral, ak fizik peyi fin efondre. Li lè pou nou konprann nesesite pou nou fè yon feso nan FEDA (Fon Envestisman Dyaspora) nan objektif pou n rebati Mezon ke tè Ayiti a merite a.
Vini jwenn lidè BOSAL yo nan FEDA pou n ka bay yon repons reyèl avèk sityasyon ekonomik, politik, e metafizik lòm Ayisyen an ap konfwonte a.
Frè ak sè nou yo pa dwe ap kontinye pèdi lavi yo nan pran ti kannòt nan mitan gwo lanmè pou ale chache lavi.