haiti national bank in 1880. by universal images group via getty images

12 Jen 2022

#Poukisa…? | Agwo-endistri | Restitisyon-Reparasyon | Emeline-Michel | Pri-Apèl-Digicel | Envestisè-Ayisyen-nan-RD |

OPINYON / REFLEKSYON

POUKISA…?

Poukisa nan tan lontan, gran paran nou pat kon li ni ekri, men sa yo te realize prèske enposib pou nou menm realize jounen jodia?

Poukisa yo rekonèt ke n bezwen ale lekòl pou n ka fè gro etid, pou w ka itil sosyete a, men jis jounen jodi a anpil nan nou toujou sou responsablite paran sa yo?

Poukisa menm, ke n fin fè tout gro etid nou, nou toujou pako ka dekole? Depi yon zwazo fè yon pitit epi li aprann li vole, pitit sa genyen responsablite pou l nouri tèt li e pran desten li nan men l.

Poukisa paran nou yo, malgre tout difikilte, kalamite, abi, ak mepriz yo pran ak yon ti kòmès sou tèt yo pou nouri ak edike nou yo rive reyisi kantmenm, men nou menm nou souvan rete sou reponsablite yo?

Poukisa nou menm ki fè pi gro etid ke paran nou yo, nou paka fè sa yo realize?

Poukisa paran nou pat janm te genyen eskiz lè pitit yo angaje pou yo te ale menm anba lanmè pou ale chache solisyon pou yo, men jounen jodi a depi n genyen pwoblèm nou pito kouri kite peyi a?

Poukisa jenerasyon sa lach konsa? Nou tout pè mouri san nou pa rann nou kont ke nou deja mouri, akoz mòd vi n’ap viv la ki pa korèk.

Poukisa, aprè 218 lane, ti Nèg tèt grenn paka genyen yon lavi miyò si l pa kite tè ke anperè Dessalines ak tout lòt Ewo yo te goumen pou ba li kòm eritaj.

Poukisa, depi aprè endepandans nou se Fransè yo ak Legliz katolik ki se sèl chèf edikatè k’ap fòme sitwayen tèt anba ban nou nan sosyete a?

Poukisa malgre jounen jodi a pèp Haytyen genyen plis moun ki fè gwo etid, men malgre sa peyi a paka fè yon pa?

Poukisa, tout estrikti leta yo chaje ak ti Nèg tèt grenn, men poutan yo pa travay pou chanje kondisyon lavi sa ki pi mal yo?

Poukisa, elit politik yo aksepte tout vye konpwomi pou vòlè lajan peyi a epi ale envesti nan lòt peyi ki pa vle wè Hayti genyen yon devlopman politik, ekonomik, ak kiltirèl?

Poukisa, lè 2 Frè Haytyen nan kont, fason ki pi fasil pou rezoud sa se pou youn touye lòt?

Poukisa se menm pwòp kilti pa nou an ke n’ap pwomote a ke nou itilize ankò pou detwi pwòp frè ak sè nou?

Poukisa nan tout peyi frè ak sè nou yo pase pa janm genyen yon kominote ki fò ekonomikman, politikman e menm kiltirèlman pou fè respekte peyi nou ak sitwayen nan kominote sa?

Poukisa frè ak sè Haytyen yo pa genyen yon kilti mete tèt ansanm pou yo kreye gran projè ki ka fè pwomosyon nou antank Haytyen?

Poukisa depi yon moun nan pwoblèm, anpil nan nou toujou prè pou ede, men nou pa janm vle mete yon estrikti dirab sou pye ki ka fasilite entegrasyon majorite a e amelyore lavi yo?

Poukisa moun ki di yo se entèlektyèl nan peyi a poko ka janm vini ak yon projè pou soyete a ki ka debloke peyi nou an?

Poukisa pou yon Haytyen reyisi lekòl, pase yon entèvyou, jwenn yon travay, reyisi nan lavi, se yon mirak pou l ye?

Poukisa yon frè oubyen sè Haytyen k’ap fè pwogrè nan mitan nou toujou gen yon danje ki plane sou tèt li?

Poukisa pèp Haytyen an mèt nan tout tribilasyon ke l te ka ye, men depi Brezil, Ajantin, Reyal Madrid ak Baselòn, pou mwen site sa yo sèlman, genyen yon match oswa chanpyon tout pwoblèm ak kalamite li ale, jouk yo rive pran lari ak bann rara, bwè kleren, epi fete pou bagay ki pa menm wè ak yo?

Pou nou reponn ak tout kesyon sa yo se pou nou ale li konstitisyon 1805 la. Nan dokiman sa n’ap wè pwojè anperè J.J Dessalines te genyen, ki tip Haytyen li te vle fòme, ki tip sosyete li te vle bati, kòman li wè konsèp sa ki rele “Moun” nan, ak ki kalte moun li te vle pou peyi a. Pou anperè a, ‘Haytyen’ pa yon nasyonalite, men se yon tit onorifik. Ou genyen tit Haytyen an si w merite l, e si zoka ou pa travay pou kenbe merit sa ou ka pèdi Haytyènte w.

Si jounen jodi a nou rive nan pwen nou ye la, se pa yon malediksyon ni yon fado ki tonbe sou nou. Men, reyalite n’ap viv la se yon fabrikasyon ki fèt akoz alyenasyon mantal nou, ke jodi a n’ap pote tankou yon fado. Sa ki pi di a, nou konnen tout rezon ki fè nou rive la, men, nou pito chita ap tann mirak olye nou pran desten nou nan men nou. Anpil fwa, nou fè referans ak HAyti nan tan 1803 ak 1804 pou n fè elòj ak montre fyète nou te genyen. Poutan, paran nou yo te reyalize tout bagay sa yo san tout gwo teknoloji ke nou genyen jounen jodi a. E nou menm, kisa n’ap fè pou n kenbe glwa sa yo?

@Dimytri S.

EKONOMI

AGWO-ENDISTRI KÒM SOUS DEVLOPMAN EKONOMIK AN AYITI

Agwo-endistri se yon domèn ki la pou sipòte lòm nan agrikilti komèsyal; li konpoze avèk yon ansanm izin mekanik ki la pou transfòme danre agrikòl yo epi konsève yo nan yon fason pou yo dire pi lontan. Agwo-endistri a te pran nesans li nan 19èm syèk yo avèk revolisyon indistriyèl la ki te tanmen an Ewòp. Teknik agwo-endistri yo pèmèt agrikiltè yo pwodwi plis danre avèk mwens resous, epi rann biznis agrikilti a plis rantab.

Aprè gè sivil ki te fèt etazini ant eta Nò ak eta Sid yo, peyi etazini ta pwal rekonèt nesesite pou yo rantre nan revolisyon endistriyèl la pou yo te ka fè konpetisyon ak peyi ewopeyen yo tankou Frans, Angletè, ak Almay. Agwo-endistri te vin adopte nan Etazini nan menm peryòd sa.

Malerezman, nan ka pa nou an ayiti, Jan Jak Desalin se te sèl lidè nou ki te gen yon pwojè ekonomik ki te baze sou devlopman agrikilti nan peyi a. Aprè asasina Anperè a, agrikilti pat vin yon priyorite nan devlopman ekonomik lan ak echanj komèsyal yo avèk lòt peyi. Neglijans dirijan nou yo ak konplisite yo nan enpòtasyon manje andedan peyi a olye yo envesti nan agrikilti lokal, fè jouk jounen jodi a agrikilti peyi nou toujou fèt nan yon fason akayik ki pa profitab.

Agwo-endistri a se yon domèn ki laj anpil, li gen ladan l plizyè sektè tankou agwo-alimantè, agwo-resous, biyo-enèji, ak biyo-materyo.Tout domèn sa yo rete vyèj nan peyi a paske nou pa eksplwate yo. Anplis, pozisyon jewografik Ayiti nan karayib la ak klima li ofri peyi a opòtinite pou li devlope plizyè danre agrikòl ki kapab komèsyalize sou mache entènasyonal la tankou kafe, mango, kann, sitwon, diri, ble, ak lòt ankò.

Si nou envesti nan domèn agwo-endistriyel lan an Ayiti nou kapab transfòme anpil nan danre ak fwi nou pwodwi nan peyi a. pa egzanp nou genyen lam veritab ki se yon fwi nou ka fè plis pase 50 resèt avè l; nou gen pitimi nou ka ekspòte nan peyi Ewòp avèk Lazi yo pou fè diven ak chanpay ; san konte pye fwi lokal yo tankou mango, kokoye, zanana, ak melon ke nou kapab transfòme nan izin agwo-ensdistriyèl yo pou nou revann sou mache lokal ak entènasyonal la. Sa t ap rann ekonomi peyi a plis konpetitif epi ranfòse deviz nasyonal la. Avèk transfòmasyon Agwo-endistriyèl yo, leta ka fòtifye alimantasyon kap bon pou devlopman timoun yo ak tout popilasyon an san vant ayisyen pa sou kont etranje.

Pou n ale pi lwen, nou ka site domèn tankou Biyoenèji, ki ka ede nou rezoud pwoblèm mank elektrisite a avèk resous natirèl peyi a genyen tankou solèy, van, rivyè, ak lanmè a. Anplis, nou kapab transfòme fatra òganik yo pou nou pwodwi enèji sou fòm gaz pwopann ak biyo-dyezèl. Tout eleman nou site la yo ka ede Hayti sòti nan kad peyi pòv pou rive nan kad peyi endistriyalize nan mwens pase 20 tan.

Lè nou konsidere tout potansyèl ki genyen nan agwo-endistri tankou transfòmasyon agwo-alimantè, biyo-materyo, biyo-enèji, ansanm ak resous natirèl peyi a dispoze, Ayiti gen yon opòtinite pou li mete sou pye yon modèl devlopman ekonomik agrikòl konpetitif, epi ogmante kantite pwodiksyon ak travay nou ka kreye nan peyi a. Malerezman, politik k’ap aplike an ayiti depi plis pase 200 zan se yon politik ki ankouraje mizè ak apovrisman, epi anrichi lòt peyi nan enpòtasyon manje, gaz, elatriye. Sendomeng ak Etazini se premye benefisyè politik malatchong ekonomik sa ke milat-siwolibanè yo mete sou pye pou bloke devlopman ekonomik ak sosyal peyi a. Anplis, nèg sa yo itilize leta pou pran kontwòl bank yo, fèmen aksè kredi pou komèsan yo, ti machann yo, ak antreprenè agrikòl yo san yo pa re-envesti richès yo fè nan peyi a pou kreye devlopman.

Pou nou fini, peyi a bezwen moun kap panse byen, k’ap aplike bon zouti ideyolojik pou poze pwoblèm yo nan bon sans yo, epi jwenn solisyon apwopriye ki ka pote chanjman reyèl nan lavi chak grenn Ayisyen. Agwo-endistri se yon baz devlopman ekonomik enpòtan!  

@Pierre frerot, Teknisyen agwo-chimi ak endistri

haiti national bank in 1880. by universal images group via getty images

POLITIK

Atik sa soti sou sit pèsonèl @Jean Saint-Vil, A.K.A. JafrikAyiti.

Ayiti gen dosye Restitisyon-Reparasyon pou: Lafrans, Lespay, Angletè, Almay, Etazini, Kanada…

Nan mwa me 2022, pandan pèp Ayisyen an ap sibi zak kidnapin gang lokal ki gen konplis entènasyonal, jounal New-York Times pibliye yon seri 6 atik osijè yon “Ranson” Lafrans te peze kou Ayiti pou li vòlè pandan 122 zan, apati ane 1825. Seri atik NYT lan klere limyè sou anpil koze. Mèzalò, gen plizyè lòt eleman enpòtan otè yo pa prezante ditou osnon yo pa diskite aklè. Isit la, mwen pral pwojte plis limyè sou kèk nan eleman sa yo.

1. Se plizyè peyi blan ki fè kò sou Ayiti depi nasyon an te nan pasaj, rive jouk nan moman ou ap li fraz sa a.

Annou gade kèk ekzanp kote peyi blan yo te fè kò kont Ayiti, anvan 1825.

6 Janvye 1805, selebrasyon premye ane endepandans Ayiti te apèn fini, Jeneral Louis Ferrand, yon blan Franse ki te nan vil Santo Domingo, pibliye yon dokiman ki lage gwo latwoublay nan lespri tout Ayisyen. Daprèzavwa Anperè Dessalines pa t lage chalbari dèyè tout blan Panyòl ki te kontinye okipe teritwa lès zile a; epi, daprèzavwa blan Franse ak blan Panyòl te kòkòt ak figawo nan moman an, Jeneral Ferrand dekrete: «tout blan ki sou teritwa Lozama ak Sibawo gen dwa layite kò yo sou tout teritwa nèg Afriken revòlte yodepi se ti moun yo jwenn ki gen mwens pase 14 zan, blan yo mèt fè dappiyanp sou yo epi pran yo kòm esklav». Se deklarasyon sa a ki konvenk Anperè Dessalines sele chwal lagè li ankò paske li reyalize fòk dechoukay blan malveyan yo fèt sou tout zile a alawonnbadè. Sinon, nèg ak nègès, pa p janm kapab viv nan lapè ak kè kontan.

Plan batay Desalin pou li te asiyeje Santo Domingo.
Plan Desalin pou li te asiyeje Santo Domingo.
sous: Library of Congress, USA.

8 Mas 1805, pandan li t ap enspekte twoup Ayisyen yo ki te sentre vil Santo Domingo pou yo libere l, Anperè Dessalines manke pèdi lavi li anba boulèt kanno. Apre Dessalines retounen nan katye jeneral li, Ayisyen yo remake kèk bato Franse ki reyisi chape poul yo kite vil Santo Domingo malgre, selon akò Dessalines te fè ak blan Angle, bato lame Angle te sipoze bare yo pou anpeche sa rive. 

Nèf (9) mas, granm maten, blan Franse koumanse blayi boulèt kanno ak mitrayèt sou nou. Vwalatilpa, anvan lontan, olye se blan yo ki t ap franchi sou nou, se kilbite yo t ap kilbite, prese kase tèt tounen, al chèche refij nan vil Santo-Domingo. Jal Ferrand tèlman pran nan mache prese li pa menm gen tan ranmase blese li kite sou chan lagè. Yon palmantè Angle rantre Santo Domingo pou konseye Ferrand bay legen epi chape poul li anvan sa vin pi grav. Plis tan t ap pase se plis nèg t ap depatcha lame kolon yo, pak an pak. Li te si tèlman klè Santo Domingo pa lontan rele n chèmèt chèmètrès, Boisrond Tonnerre, Chanlatte, Diaquoi ak lòt Ofisye nan etamajò Anperè Dessalines yo te gentan ap prepare yon konstitisyon tou nèf pou Lanperè nan moman li va rantre okipe vil Santo Domingo.

Men, vwalatilpa bridsoukou, 16 Mas 1805, Lanperè resevwa komisyon ki rive ak yon bato Meriken. Nouvèl la fè l konnen Angle yo remake yon kokennchenn ekspedisyon bato Franse k ap franchi sou nou.  

An reyalite, pa te janm te gen okenn gwo ekspedisyon lame Lafrans ki t ap franchi sou Ayiti vre. Plis jou t ap pase, se plis li te vin klè, Dessalines pran nan yon move pwopagann malatchong ki lakòz li te deside leve syèj vil Santo Domingo, sou baz mesaj Meriken yo. Li te gen tan twò ta lè Ayisyen yo vin konprann se yon gwo manti blan Meriken yo te bay Anperè Dessalines. 

Remake: Jal Ferrand se te blan Franse. Poutan, se blan Panyòl ki te kanpe ak li anndan vil Santo Domingo. Anplis, si se pa t sipò blan Angle ak Blan Meriken li te jwenn, Jal Ferrand t ap oblije degèpi epi, rapid vit, Dessalines t ap reyisi debarase tout zile a de dènye rès kolon esklavajis yo.

Kidonk, nan ane 1805, kolon blan esklavajis (Meriken, Angle, Panyòl ak Franse) te antann yo an mòd Kò Gwoup pou yo anpeche Dessalines rekipere tout teritwa zile a alawonnbadè. 

Histoire d’Haiti Tome 3 (1804-1807) p181, Thomas Madiou
Histoire d’Haiti Tome 3 (1804-1807) p181, Thomas Madiou

Nan menm ane 1805 sa a, Ayiti pot ko gen 2 zan, lè Minis Afè Etranjè peyi Lafrans, Prince Charles Talleyrand ekri Sekretè Deta Ameriken James Madison, li di: “ekzistans yon bann nèg ame ki okipe yon peyi yo sal ak zak kriminèl se yon espektak tèrib pou tout nasyon blan sou latè”. Etazini reponn kouzen blan Franse yo lapoula! Yo entèdi komès ak Ayiti nan ane 1806.


2. Ayisyen te toujou reziste kont zenglendo blan yo

Ekzanp Wa Henri Christophe 1814.

3 espyon franse debake Ayiti nan ane 1814. Yo te reseva lòd klè nan men M. Malouet, reprezantan Wa franse Louis XVIII pou yo kòwonp Pétion, Borgella ak Christophe, konvenk yo aksepte remèt Lafrans kontwòl zile a, menmsi se an soudin. Espyon yo fè bèl resèt nan patiray Petion ak Borgella. Men yo jwenn resif kay Christophe. Si nou vin jwenn dokiman istorik sa yo, se granmesi Wa Henri 1e (Christophe) ki te poze lapat sou youn nan espyon yo (Franco de Medina) epi fòse li pale. Wa Henri 1e te pibliye entèwogatwa espyon franse a nan jounal ofisyèl La Gazette Royale.

Remak: sa yo se pa dokiman ki te parèt 10, 20, 50 ane apre evènman yo non – tankou pwopagann nou te vin aprann sou ban lekòl frè FIC yo. Osito Wa Henri Christophe te poze lapat sou Agostino Franco de Médina li te pibliye entèwogatwa espyon franse a. E, sa ki enpòtan pou nou souliyen, lè plizyè ane pi ta, nou vin jwenn korespondans sekrè ant Pétion ak Lafrans, yo konfime akizasyon Christophe te fè yo. Kidonk, se pa “opinyon” onson “kwayans” ki devan je nou la a, se fè istorik, dokiman otantik!

Yon lòt aspè enpòtan nan koze sa a se karaktè sekrè kominikasyon Pétion t ap fè ak Wa zenglendo Lafrans lan, tandiske an piblik – akòz atak Wa Henri Christophe t ap fè piblikman sou li yo – Pétion t ap fè fo diskou nasyonalis kont Lafrans.

LETTRE DE BLANC POUR PÉTION!
Annou li lòd 3 espyon franse yo te resevwa nan men M. Malouet, reprezantan Wa franse Louis XVIII.

“Il est raisonnable de supposer que Pétion et Borgella, satisfaits d’obtenir faveur entière, pour eux et pour un petit nombre des leurs, qui sont les instrumens nécessaires, consentiront, sans difficulté, à ce que leur caste, en acquérant la presque totalité des droits politiques, reste pourtant, à quelques égards, un peu au-dessous de la caste blanche: car, d’une autre part, l’assimilation totale à eux accordée, sera plus saillante et plus flatteuse; et de l’autre, leur caste sera d’autan plus assurée de maintenir la caste noire libre, et par celle-ci, les noirs non-libres à la distance ou il lui importe de les maintenir, qu’elle aura elle-même laissé subsister une petite différence entre elle et les blancs. On insiste beaucoup sur ce point…

…Il est bien important de conserver aux blancs une prééminence quelconque sur les gens de couleur du premier ordre, sauf à admettre absolument et sans restriction aucune, Pétion, Borgella et quelques autres, dès à présent, parmi les blancs, et à donner, par la suite, sobrement: de temps à autre, des lettres de blancs à quelques individus que leur couleur éloignée du noir, leur forturne, leur éducation; leurs services auront rendus dignes de cette faveur…”1814 – Instructions données par M. Malouet, ministre de la marine, a MM. Dauxion-Lavaisse, de Medina et Dravermann.

Kidonk, espyon Lafrans voye nan ane 1814 yo te fè ansyen lib yo yon pwopozisyon endesant pou yo trayi ideyal 1 Janvye 1804 lan. Daprè tout sa nou vin obsève annapre, menm si yo pa janm admèt sa piblikman, trèt ki fè krim 17 Oktòb 1806 yo te fè yon aranjman ak gang blan yo. Se aranjman sa a ki vin kaselezo li bay Repiblik Nèg anti-Nèg ki okipe 1/3 zile a sou lobidyans Pétion epi, apre lanmò Pétion, sou tout zile a anba “gouvènans” Jean-Pierre Boyer.

Nan liv li “Empire, Racial Capitalism and International Law: The Case of Manumitted Haiti and the Recognition Debt”, otè Liliana Obregón ekri: “Rekonesans Ayiti pa Lafrans se tankou lè yon mèt afranchi esklav li, sa pa fè li totalman endepandan epi granmoun vre. Okontrè, Ayiti te kontinye ekziste kòm yon espas kolonyal, yon “koloni komèsyal”, ki rete sou lobidyans atravè dèt ekstèn li epi gouvènans li ki souche aletranje, jiskaprezan” –  Sous: Leiden Journal of International Law (2018), 31, pp. 597–615

Li klè kon dlo kòk, refize rekonèt dwa granmoun pèp Ayisyen an se yon atitid peyi blan yo adopte, keseswa tan ki pase, keseswa modèl gouvènans peyi blan sa a adopte (Anpi, Repiblik, Demokrat, Repibliken, Liberal osnon Konsèvatè).

Liliana Obregón te fè menm obsèvasyon avèk mwen, lè li ekri: “nan mitan blan Ewopeyen yo, se yon kwayans jeneralize, yon konsansis, kòmkwa Afriken an, kit li esklav, kit li lib, pa gen kapasite pou li dirije tèt li etank yon endividi, alevwa pou li ta dirije yon nasyon”.

Daprè sa mwen obsève depi mwen fèt, sou planèt sa a, “konsansis” sa a pa janm chanje nan mitan desandan Napoleon, Elizabeth I, Cromwell, Washington ak Jefferson yo. Foli sipremasi blan an se yon ideyoloji ridikil ki chita sou enbesilite total kapital. Li tèti pase kolowòch.Tan k ap pase pa brennen l.

Sous: Gallica.fr

Daprè Liliana Obregón, “blan Franse yo te reyalize plan orijinal pou yo te retounen sou zile a, remete majorite Ayisyen nan chenn esklavaj epi bay elit yo “lettres de blanc” an te fè bèk atè. Se lè sa a, Minis Afè Etranjè Wa Louis XVIII lan vini ak yon estrateji tou nèf: “yon lòt modèl kolonizasyon”… yon koloni komèsyal, ki gen yon avantaj bab e moustach – li pa ekzije depans ki asosye ak koloni esklavajis yo…Olye yo tabli dominasyon kolonyal sou Ayiti, yo pral itilize yon nouvo fòmil depandans komèsyal ak endistriyèl k ap transfòme Ayiti an “koloni komèsyal” ki kwè li genyen ak Lafrans yon relasyon zanmitay, alyans, resipwosite epi komès”.

Pou yo jwenn rezilta yo bezwen an, gang blan malveyan yo pral kore swadizan dezyèm strateji sa a ak yon michan kanpay atak bato boulèt kanno, san pran souf, kont Ayiti.

Atak pou kolekte Ranson Wa Zenglendo Charles X ki fèt 17 Avril 1825 lan, se youn pami yon dividal zak ki suiv menm fòmil lan. Nan yon lòt dokiman, mwen pral founi je gade plizyè ekzanp konplo gang blan malveyan yo fè pou konsolide dominasyon yo sou nèg ak nègès zile Ayiti, ayè tankou jodi.

@ Jean Saint-Vil

KILTI

PATISIPASYON FANM NAN MIZIK AYISYEN: ANE 80

EMELINE MICHELE EMELINE MICHEL

Ane 80 yo te revele kòm yon epòk, pwobabman, pi florisan nan emèjans fanm nan mizik nou an, pa sèlman an Ayiti, men tou nan milye dyaspora, prinsipalman nan Nou Yók. Fòk nou raple w ke aprè plizyè ane ak twoub politik epi revandikasyon popilè pou chanjman sosyete a, nou vin abouti ak Jean claude Duvalier ki te kite pouvwa jou 7 Fevriye 1986 la; kidonk, se te fen diktati divalyeris la. Fòm Demokrasi ki swiv la favorize yon espas politico-sosyal ki bay nesans avèk anpil aktivite, kouran, tandans, ak estil nan milye atistik la. Anpil jèn fanm tankou zetwal briyan parèt tou limen sou sèn mizikal la.

Youn nan chantè, atis, ki retni atansyon nou nan peryòd sa e ke tout moun konnen trè byen se Emeline Michel.

1) Emeline Michel se youn nan chantè ki pi pwolifik nan jenerasyon sa, pou nou pa di nan tout istwa mizik nou an. Diva sa fèt Gonayiv nan ane 1967. Depi nan jenès li li te manifeste yon lanmou pou mizik avèk dans ; li te kòmanse chante nan koral legliz vil natal li nan Gonayiv. Chantè gran kalib sa te parèt sou echikye mizikal la lè li te ekspoze talan li nan yon konkou chante ki te organize pa konpayi avyasyon ‘American Airlines.’ Se te yon sipriz san parèy pou tout peyi a. E sa pa te pran lontan pou Emeline te enpoze li kòm reprezantan kilti nou nan mizik. Depi lè sa, bèl chantè talantye sa kontinye ap fè siksè. Patikilarite entèresan ki genyen kay Emeline se fason li adapte l fasilman avèk diferan jan e estil mizik. Emeline eksele nan plizyè estil mizik tankou mizik tradisyonèl, konpa, bosa nova, elatriye. Apade yon Vokalis wo nivo, Emeline se yon dansè konplè. Manzè posede yon tenb ki dou e orijinal ; li gen yon ranje vwa ekstra-òdinè ke tout chantè kapab anvye.

Haiti Week – Acoustic Performance by Internationally Acclaimed Haitian Songstress Emeline Michel at Busboy and Poets l 2017 © John Drew | Professional Image Photography – (800) 337-4148

Emeline Michel posede yon bèl diskografi. Li anrejistre plizyè albòm sou non li epi kòm atis envite sou pwojè lòt gwo atis Ayisyen oubyen Antiyè. Depi nan kòmansman karyè li, Emeline te gen chans kolabore ak pwodwi avèk mizisyen ki te pi meyè yo nan moman an. Ralph Broncy, ki te vin mari Emeline Michel, epi youn nan pi bon pawòlye Ayisyen, te ekri plizyè tèks pou chantè majik nou an. Malerezman, manzè Michel te swiv menm chimen avèk anpil lòt chantè ki te douvan l ; li te emigre nan peyi Kanada pou kèk ane anvan li te ale etabli l pou tout bon nan vil Nou Yòk, Etazini.

Emeline reprezante Ayiti nan anpil espas entènasyonal. Li pwodwi nan prèske tout mond lan. Zetwal sa te chante nan yon evènman ki rele ‘Hope for Haiti’ (espwa pou Ayiti) aprè tranbleman tè tèrib ki te frape peyi a. Se pou sa yo te bay manzè tit : Anbasadè Kwa wouj. Manzè chante nan Carnegie Hall (Etazini), Nasyon zini, ak lòt kote nan mond lan. Nan mwa Me ki fèk pase a li te pèfòme nan ‘teyat travèsyè nan Pari’ (Theâtre Traversière de Paris) nan selebrasyon fèt drapo Ayisyen an.

Vedèt sa, selon mwen, merite yon plas espesyal nan panteyon “meyè chantè” yo ki genyen pou Ayiti kou Karaïb la.

Lòt chantè nan peryòd sa ke nou dwe souliye malgre nou pat ka swiv trajè mizikal yo, aprè gwo ‘buzz’ yo te fè se:

a) Anna Pierre, ki te fè yon gwo hit mizik ki rele ‘Sik sou bonbon’

b) Marie Michèle Sorel avèk hit mizik ‘Pie Kokoye’

c) Rose Claudel Daniel, ki te chantè nan gwoup fanm ‘Top Girls’ ki te soti Okap. Manzè te chante tou nan òkès Septantriyonal.

@Jean-Marie F.

https://www.youtube.com/channel/UCODkypb35bqSLN9ONpTuzEw

KONPAREZON SOU PRI YON APÈL KOUTE SOU KONT PRENSIPAL YON KLIYAN DIGICEL KI PA GENYEN YON PLAN ‘DIGI-DIGI

Atik sa te piblye 4 Jen, 2022 sou Jounal Bosal, @ https://sway.office.com/riOR3Xc2Ywxbnk2T?ref=Link

Kòmèsan Ayisyen yo Envesti 250 Milyon Dola Vèt nan Repiblik Dominikèn

Atik sa te piblye 2 Jen, 2022 sou Jounal Bosal @ https://sway.office.com/gFZ7tkGAG5Sq78cK?ref=Link

SWIV NOU SOU FB

Written by:

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

X