Sitiyasyon Gewo-politik ant Frans ak Mali
Peyi Mali nou konnen jodia se yon peyi ki konpoze avek plizyè ansyen sivilizasyon moun Afriken tankou Ganah, Malinké ak Songhai. Yo te pwospere nan kòmès machandiz tout kalite, sitou nan vann lò ak sel nan zòn Sahara, ak echanj oubyen vann moun pou fè esklav. Wayòm Mali a te rive nan zenit pouvwa ak enfliyans li pandan katòzyèm syèk la. Nan Lè sa, vil Timbuktu (sant kòmesyal ak kiltirel wayòm nan) te enspire glwa ak fyète, epi renonme l te rive byen lwen jouk nan Meditèrane ak Arabi antank yon sant richès ak aprantisaj Islamik. Kontinye li nan paj 2 ak 6
Premye Fanm Prezidan Peyi Hondiras la Prete sèman Devan Premye Fanm Nwa Vis Prezidan Etazini an.
Apre eleksyon ki te fèt nan jou 28 novanm ane pase a, Dam Xiomara Castro jwenn enstalasyon li jounen vendredi 28 janvye a antank premye fanm ki rive nan tèt gouvènman Ondiras la kòm prezidan. Prezidan Castro pran renn pouvwa peyi a sou banyè pati sosiyalis goch ki rele ‘Pati pou Refondasyon ak Libète.’ Se te yon enstalasyon anpil Ondiryen tap swiv avèk fiyète ansanm ak plis pase 80 dinyitè gwo palto ki te la tankou vis prezidan ameriken an Kamala Harris. Kontinye li nan 7
Ayiti: Tè a te Tranble Yon Lòt Fwa Ankò nan Sid, Artibonite ak lot kote nan Peyi a. Yon tranblemanntè magnitid 5.3 sou lechèl Richter a te frape Sid Ayiti nan Lendi 24 Janvye pase a. Pou pi piti 2 moun konte pami sa ki mouri epi plizyè Kay domaje. Daprè ekspè nan domèn nan se te yon pè sekous ki te frape sid Ayiti ak bò lantouraj li jou Lendi maten sa. Sekous prensipal la rive 5.3 magnitid epi li te frape egzakteman 8:16 nan maten. Daprè yon sondaj jewolojik ki te fèt, pi gwo aprèchòk la te vini nan anviwon yon èd tan pita, epi li te evalye a 5.1 magnitid. Kontinye li nan paj 8 ak 9
Sitiyasyon Gewo-politik ant Frans avèk Mali
… Nan komansman kenzyèm siyèk la, pandan eta Ewopeyen yo t ap monte byen vit sou sen mondiyal la, epi elaji prezans ak enfliyans yo nan tout kwen mond lan, enfliyans anpi Afrik Lwès yo te vin komanse ap diminye. Nan moman leta Ewopeyen yo tap mache vòlò teritwa lòt peyi mete anba grif yo, Frans te pran kontwòl teritwa kote Mali sitye li aktyèlman (men, lè sa, jewografi Mali te gen ladan l kèk pati nan peyi kontanporen tankou Moritani, Senegal, Nijè, ak Boukina Faso). Mali te vin tounen yon nasyon endepandan nan lane 1960 lè mouvman nasyonalis ak anti-kolonyalis te pran pye nan tout peyi Afrik yo pou yo te ka viv libe-liben. Modibo Keïta te premye prezidan nouvo eta endepandan Mali a. Pandan 8 ane, Modibo Keïta te etabli yon gouvènman otoritè ki te rekonèt selman yon sèl pati politik. Aprè sa, misye te pran yon koudeta nan men jeneral Moussa Traore. Anpil moun rekonèt Modibo Keïta antank papa nasyon Mali. Li te vrèman angaje tou nan jenn mouvman pan-afrikanis la. Mali sòti nan gouvenman otoritè pou li adopte demokrasi nan ane 2002 ; se lè sa jeneral Amadou Toumani Touré (ATT), aprèl te fè yon tranzisyon, te pase chèz palè a bay prezidan Alpha Konare nan yon eleksyon popilè. Ti rapèl istorik sa te enpòtan avan pou nou kòmanse eksplike nan ki eta aktyèl peyi Mali konfwonte l nan batay kont teworis depi 2012, epi analize tansyon diplomatik ki fenk deklennche ant Mali avek Frans sou prezans militè Fransè ak ewopeen sou teritwa li. Ti rapèl istorik sa te enpòtan avan pou nou kòmanse eksplike nan ki eta aktyèl peyi Mali konfwonte l nan batay kont teworis depi 2012, epi analize tansyon diplomatik ki fenk deklennche ant Mali avek Frans sou prezans militè Fransè ak ewopeen sou teritwa li.
Pwoblèm ak Sitiyasyon ki destabilize Mali
Apre kèk bèl ane estab ki te pase, nan lane 2011 pou rive 2012 leta Mali prale tombe nan yon feblès jeneralize sou kapasite l pou li byen jere enstitisyon demokratik yo, reponn ak bezwen popilasyon jenès la, epi sekirize teritwa li kont atak teworis. Plizyè mach te òganize kont gouvènman pou tèt enkapasite l. Feblès enstitisyon yo ap lakòz kèk konbatan separatis nan Nò peyi a pran zam pou batay pou endepandans popilasyon nomad ki rele Trouarèg yo. Moun Trouarèg yo se yon gwoup moun nòmad ki abite nan peyi Mali. Men, depi lè Mali te pran endepandans li moun sa yo toujou ap fè soulèvman ak gè pou etabli yon eta endepandan. Anpil nan yo te soti nan gè nan peyi Libi lè lame Frans ak divès peyi oksidan t ap bonbade Libi pou ranvèse gouvèn man Kolonèl Kadhafi a. Sa yo ki te retounen Mali ak tout zam yo nan men yo prale tounen yon veritab obstak pou gouvènman. Se nan kontèks enstabilite ak boulvèsman sa yo, nan jou k ap 22 mars 2012 la, Kapitènn Sanogo prale fè yon koudeta sou prezidan Amadou Toumani Touré, alias ATT. Atò, se pa koudeta 2012 la oubyen konfli ant Mali ak mesye Traoureg yo ki te fè enstitisyon yo efondre non, men, yo revele klè koman sosyete a te deja ap degrenngole pandan aktè politik ak militè yo pedi fren kabwèt peyi a nan jan yo te ap dirije li a. Sitiyasyon sa ap vin pi mal nèt lè konbatan separatis yo ansanm ak lòt gwoup teworis nan zòn nan, tankou Alkayida, prale komanse mete lame Mali a nan echèk. Nan mitan katastwòf sa ki te ap dewoule nan Mali, Nasyon Zini ak leta Fransè a prale kòmande plizyè entèvansyon militè nan Mali kòmanse nan fen 2012. Objektif yo se te konbat gwoup teworis Al-kayida pou anpeche yon debòdman rejiyonal ki ka menase enterè Frans nan zon Sahel la, espesyalman pou ansyen peyi ki te koloni Frans men ki toujou ap viv anba enfliyans Fransè avek itilizasyon lajan patwonal Franc-CFA (Franc Colonies françaises d’Afrique).
Entèvansyon Entènasyonal nan Mali
Nan jou 20 desanm 2012, Sou demand Kominote Ekonomik Leta peyi Afrik Lwès yo (KELAL oubyen CEDEAO pou lang fransè), Nasyon Zini te otorize yon entèvansyon fs militè nan MALI sou non MINUSMA (Mission multidimensionnelle intégrée des Nations unies pour la stabilisation au Mali). KELAL fè demand lan paske Mali fè pati gwoup15 peyi Afriken ki fome kominote ekonomik ak militè KELAL la. Fòs sa ki plis konpoze ak ofisye Afriken ki pa byen ekipe p ap vrèman bay rezilta; y’ap sibi plizyè defèt fas ak rebèl militan yo. Prezidan Fransè a, Francois Hollande, prale deside angaje pwòp fòs militè pa yo pou ranfòse minusma nan mwa avril 2013 la. Frans prale jwe sou okasyon sa tou pou li itilize kapasite militè li ak pozisyon l nan gwoup sekirite pèmanan Nasyon zini an, pou li louvri enfliyans li epi ranfòse relasyon milti-lateral li genyen avèk rejyon Afrik Lwès la. Nan yon operasyon militè batize Serval, Frans te repouse avèk siksè gwoup rebèl ki te ap vale tèren andedan Mali yo deyò sou zòn « twa-fwontyè » a kote Mali, Boukina-Faso, ak Nijè rankontre, Banibangou. Sikse fòs militè ewopeyen yo prale ankouraje diferan fraksyon rebèl ak gwoup separatis, plis jiyadis (mouvman teworis ak tandans relijye ki baze sou islam) mete tet yo ansanm pou mennen yon lit pèmanan nan zòn nan. Frans te pwomèt aprè operasyon Serval la te stabilize Mali ak zòn Sahel la, li ta prale diminye fòs militè li yo epi pase twòkèt la ak yon nouvo fòs rejiyonal Afriken ki rele G5- Sahel.- G5-Sahel la se yon fòs militè ki te fòme nan ane 2017 ak 5 peyi vwazen sa yo, Burkina Faso, Mali, Mauritanie, Niger et Tchad. Men, sa pa te janm rive fèt vre paske Frans toujou vle genyen kontwòl sou teritwa Mali a ak lot ansyen peyi ki te fe pati koloni Fransè yo pou chita sistèm neyo-koloniyalis la pi rèd toujou.
9 lane aprè entèvansyon militè Frans la te komanse nan Peyi Mali, rezilta yo pa vrèman konvenkan; sekirite sou fwontyè peyi Mali ak lot peyi konsène yo toujou rete pwoblematik anpil. Gè teworis sa lakòz anpil moun sinistre, vilaj rekile yo kontinye ap sibi atak, enstitisyon yo fèb, epi fòs militè Mali a pa gen mwayen teknik pou li konbat rebèl yo tout bon vre. Akòz pwoblèm sa yo ak lòt ankò, Anpil moun nan peyi Mali pa sipòte prezans fransè yo. Prezans pèmanan lame Fransè a ak lòt fòs etranje soulve anpil kesyon sou aksyon y’ap poze nan zon sahel la san bay bon jan rezilta. Gen kèk opinyon piblik ki ta vle fè kwè fòs etranje yo ap alimante teworis yo dekwa pou prezans yo ka toujou nesesè Premye Koudeta, Dawout 2020 Rive dawout 2020, Yon gwoup kolonèl malyen, jent militè, te pran pouvwa lè yo te chase Prezidan Ibrahim Boubacar Keita. Koudeta sa te swiv gwo manifestasyon anti-gouvènmantal akoz degrenngolad nan sekirite, move eleksyon lejislatif, epi akizasyon ki genyen sou politisyen yo nan zak koripsyon. kolonèl yo pran pouvwa nan lide pou reponn ak manifestasyon popilè yo epi evite peyi a tombe nan kawo total.Anba presyon vwazen peyi Afrik Lwès yo ansanm ak aktè Ewopeyen yo, jent militè ki te pran pouvwa sou koudeta te dakò pou l remèt pouvwa ak yon gouvènman pwovizwa sivil. Tranzisyon sa dwe sipèvize yon tranzisyon 18 mwa k ap abouti ak eleksyon demokratik nan mwa fevriye 2022 a. Pandansetan, leta Mali a pa fin gen kontwol tout teritwa li, lame Fransè a toujou sou teren an san konfwonte teworis yo sou teren an. Tout sa yo se kondisyon ki ta mande yon tranzisyon koupe fache pou retounen sosyete a nan lòd epi reprann konfyans sosyete a, san enfliyans etranje ak presyon demezire. Kidonk, li nòmal pou objektif gouvènman tranzisyon kolide ak kèk manb nan kò militè a ki te vle yon tranzisyon pi long ki ka remete peyi a sou kap li avan eleksyon ka fèt. Vrè pwoblèm ki genyen se paske ni Nasyon Zini, ni Frans, ni okenn peyi kifè pati inyon ewopeyen yo pa ta vle Mali vin yon egzanp peyi souveren, anti-konfòmis pou vwazen li yo nan zòn nan. Menm kòminote Afriken rejyonal la, KELAL, prale enfliyanse pa zotobre sa yo pou fe anpil presyon sou gouvènman tranzisyon an pou li fe eleksyon demokratik byen rapid.
Dezyem koudeta, Me 2021
Lidè militè ki te fè koudeta Dawout 2020 yo te tonbe nan yon dilèm kote yo te enkiyè akòz tout presyon ak menas sanksyon gouvènman tranzisyon an te ap sibi pou kouri fè eleksyon. Yo te chanje fas byen rapid epi kanpe anfas nouvo prezidan pwovizwa a, kolonèl retrete Bah Ndaw. Pou kanpe pwosesis eleksyon an, epi bay peyi a ase tan nesesè pou rekoud twal sosyal la, chèf lame yo te wè li avize pou fè yon dezyèm koudeta nan mwa Me 2021 an. Kolonèl Assimi Goita, ki te sèvi kòm vis prezidan pwovizwa, te monte nan pòs prezidan. Gouvènman Goita te pran plizyè desizyon otoritè ki pa te fè anpil aktè entènasyonal kontan. Nan fen ane 2021 an, li anonse yon peze fren sou koze eleksyon an. Après a, li anonse yon tranzisyon koupe fache pou 5 lane pou rebat kat la ak tout aktè sosyal, ekonomik, relijye, ak politik andedan sosyete a pou yo repanse leta ak nasyon Mali a. Answit, li mande ajan militè Wisi yo yon jarèt pou ede yo defann peyi a kont teworis jiyadis yo.
Nòmalman, prezans militè sou kontra Wis yo soulve yon gwo pwoblèm gewopolitik pou Frans ki pa ta vle wè enfliyans li diminye sou Mali ak lot peyi nan zòn nan. Frans prale replike epi retire solda ki te estasyone dirèkteman andedan peyi Mali yo sou teritwa. Malgre sa, Frans ap fè anpil efò pou ta konvenk dirijan Mali yo pou retounen sou desizyon yo pran pou fè apèl ak solda Wis pou vin ede yo. Men, li pa sanble se yon ensidan ki ka tounen deyè ankò. Sityasyon sa kreye yon enstabilite gewopolitik nan zòn Afrik Lwès la kote Mali avèk Frans tombe nan yon jwèt advèsite diplomatik, epi Wisi ap chache fofile kò li nan mitan peyi nan zòn nan. Konfli gewopolitik avek Frans, epi nouvo relasyon avek Wisi Anvan fèt nwèl 2021 an te rive, prezidan aktyèl fransè a (Emmuel Macron) te programe pou li te ale Mali pou li te ka rankontre kolonèl Assimi Goïta, men sa pat arive fèt paske pouvwa militè sou plas la pa deside agreye envitasyon sa. Frans konfime mwa sa yo te resevwa demand fòmel nan men peyi Mali pou revize tout akò militè ki te pèmèt prezans solda fransè yo nan zòn nan; answit, gouvenman militè a voye yon mesaj klè bay Pari semenn ki fenk pase a, pou yo sispann vyole espas ki sou tèt peyi a lè yap vole avyon militè fransè nan zòn nan san akò Bamako (kapital Mali); tout sa yo se prèv vivan ki montre relasyon diplomatik frans ak Mali sanse ap degrade. Antretan, Wisi ak Mali ap rapwòche yo youn ak lòt nan relasyon diplomatik de peyi yo. Plizyè chita pale ak rankont ofisyèl deja reyalize depi nan ane pase a, epi plizyè akò deja ap kwit. Daprè analiz, Larisi ta sanble ap tann kou tout fòs lame frans la ak lòt fòs elit Ewopeyen yo degaje yo pou yo ka tou pran plas la. Yon rezilta konsa pap yon bon bagay pou Macron ki espere fè mak li pandan prezidans frans nan Inyon Ewopeyen an. Frans bò kote pa li ap plenyen anpil deske se militè kap gouvène, epi kolonèl Assimi Goita pa pwograme eleksyon rapid rapid pou remèt pouvwa ak yon gou
vènman demokratik. Macron nan entèviyou li fè kalifye gouvènman Assimi Goita ilejitim, epi minis gouvènman fransè a kalifye prezans militè Wis yo “inakseptab” ak “enkonpatib” ak prezans militè fransè yo. Pou rezon sa yo Frans deside mete fen ak sipò militè li ak lame Mali a. Gouvenman Fransè a deja retire prezans twoup li yo ki te estasyone andedan Mali, epi li espere diminye kontenjan ki nan zòn « twa fwontyè » a nan komansman ane sa. Kounyè a, nap rete pou nou wè koman sa prale dewoule paske Mali te deja mande pou renegosye tout akò ki te pèmèt Fransè yo opere sou teritwa ak fwontyè Mali a. Diskòd diplomatik ki genyen an pa sèlman avek Frans, li egziste tou nan relasyon Mali ak peyi vwazen yo ki nan gwoup KELAL la. Nan komansman mwa janvye sa, Blòk rejyonal Afrik Lwès la mete anpil sanksyon sevè sou Mali, tankou fèmen fwontyè (sou te, anle, ak nan lanme) tout manm li yo avèk Mali. Andedan KELAL tout peyi yo pa dakò ak sanksyon ki enpoze sou Mali yo, men gen anpil enfliyans deyò tou kap peze sou kominote 15 peyi sa yo, ki gen Mali ladan l. Sitiyasyon sa kreye anpil fristraksyon diplomatik ant peyi ki apiye Mali yo ak sa ki pa vle Mali enfliyanse yon sitiyasyon parèy lakay yo. Malerèzman, toujou gen yon feblès lakay majorite peyi Afriken yo pou yo sipote yon peyi frè/sè nan yon lit kont frekansite enperiyalis. Se sa ki fè anpil Chèf leta brav tonbe pou kò yo nan konba patriyotik yo ta vle menmen pou peyi yo tankou, Thomas Sankara nan Burkina-Faso, General Khadafi nan Libye, epi papa nasyon nou an Jean Jacques Dessalines, si nou vle raple w sa tou. Antouka, relasyon peyi Afriken yo vizavi Mali se yon sitiyasyon diplomatik kap devlope avek anpil pasyon nan tout kan yo. Avèk anpil fiyète, peyi tankou Gine deside pou li pa swiv lòd kominote KELAL la pase pou fèmen fwontyè yo ak Mali; yo toujou konsidere tèt yo avèk pèp MALI a kòm de zwazo menm plimaj. Se pou sa yo vle rete solidè ak Mali. Gen yon lòt egzanp semenn sa kote peyi Aljeri manifeste sipò li ak Mali avèk èd lamanjay ak medikal pou yo ka fè fas ak sanksyon ekonomik yo.
Ki Avni Pou Mali…
Nan mitan Jèn popilasyon Afriken an Mali jwenn anpil sipò; yo swaf yon revolisyon pánAfrikanis pou refè imaj tout kontinan Afriken an. Yo ta renmen wè sou tout kontinan gouvenman yo sispann mache tèt atè devan loksidan; yo ta anvi wè yon van politik kote gouvènman Afriken yo solidè youn ak lot, epi rele tèt yo chè-mèt chè-mètrès lakay yo devan tout lòt peyi. Mali se selman youn nan peyi kote Frans genyen sòlda li ak misyon pou kwape teworis pou pèmèt ansyen koloni sa yo sekirize teritwa yo. Misyon sa yo prèske tounen yon echèk gewopolitik akoz rezilta yo ki pa sifizan, epi ak konsekans sa genyen nan plizye peyi kote fòs militè lokal yo deside pran kontwòl leta sou presyon ak revandikasyon mas popilè a kont gouvènman ki te enstale yo. Aprè 2 koudeta ki pase Mali yo, Nou we sa pase nan Tchad nan mwa davril 2021 an, nan Gine nan mwa septanm 2021 an, nan Soudann nan mwa Oktòb 2021 an, epi semenn sa se kou pa BoukinaFaso nan jou 24 janvye sa. Eske Mali se komansman yon nouvo tandans popilè, nasyonalis, anti-Frans oksidantal pou yon Afrik souveren ak anti-neyokolonyalis? Es
ke se yon efò militè ki ap itilize degou ak soulèvman popilè mas la pou ranfòse pouvwa yo epi plen pòch yo? Oubyen, eske se yon efò k ap fèt ak bon volonté, men ki pa enskri nan lide koupe fache tout bon vre ak loksidan? Mali genyen anpil travay devan li pou li fè, tankou ameliyore lavi moun yo, sekirize peyi a, devlope ekonomi an, bay jen yo mwayen ak enstitisyon onèt kote pou yo fleri, epi enfliyanse lòt peyi nan zòn nan pou yon vrè afrik solidè. Tout sa yo se rezilta ki enpotan pou mennen yon konba ki pou dire lontan.
Ekri ak Redije pa Kamarad Jude Noel, avèk kolaborasyon, Kamarad Dimytri Sanon, Natacha Gaboton, Kamarad Hermin Exilus, Kamarad Amonord Wancès; Avek sipò Kamarad Leandro, Kamarad Vanessa Lozama, etc…
Premye Fanm Prezidan nan Peyi Ondiras, Xiorama Castro, Prete sèman Devan Premye Fanm Nwa Vis Prezidan Etazini, Kamala Harris.
Aprè eleksyon ki te fèt nan jou 28 novanm ane pase a, Dam Xiomara Castro jwenn enstalasyon li jounen vendredi 28 janvye a antank premye fanm ki rive nan tèt gouvènman Ondiras la kòm prezidan. Prezidan Castro pran renn pouvwa peyi a sou banyè pati sosiyalis goch ki rele ‘Pati pou Refondasyon ak Libete.’ Se te yon enstalasyon anpil Ondiryen tap swiv avèk fiyète ansanm ak plis pase 80 dinyitè gwo palto ki te la tankou vis prezidan ameriken an Kamala Harris. Dam Castro genyen 62 lane sou tet li e li ale nan eleksyon pou prezidan yon total 3 fwa. Madanm sa reyalize kokenn chenn pwovèb kreyòl sa ki di, « tout tan tèt malere poko koupe, li espère mete chapo. » Nouvo prezidan ap eritye yon peyi chaje ak problèm tankou vyolans, inegalite, chomaj byen wo, ak move dèt k ap toufe ekonomi peyi a. Prezidan ap bezwen anpil jarèt nan men nouvo pouvwa lejislatif la ki malerezman nan yon lit pou jwenn ki ès ki dwe nan tèt kò lejislatif sa ; batay la se ant yon chwa pèsonèl Prezidan Castro ak chèf pati sou banyè Dam Castro te eli a. Nouvo chèf palè a genyen anpil eksperiyans nan zafè politik, epi li te premye dam lè mari li Manuel zelaya te prezidan anvan misye te pran yon koudeta nan lane 2009. Dam Castro di li pare pou li konbat kòripsyon ak injistis, epi leve defi pou remete peyi a sou lòt ray devlòpman pou jenn ki la yo. Dam Castro ap ranplase prezidan ki prale a Juan orlando Hernandez. Misye te soti nan yon pati politik zèl-dwat, sa vle li se yon konsèvatis popilis ekstrèm dwat.
Aprè enstalasyon prezidan Xiamara Castro, li te fè yon chita pale ak Vis Prez. Ameriken an Kamala Harris ki di konsa nan yon konferans pou laprès, “mwen swete yon bèl antre gouvènmantal ak nouvo prezidan Ondiras la epi salye fokis li ap mete nan lit pou li konbat koripsyon ak inpinite ; epi mwen sipote entansyon prezidan genyen pou mande asistans Nasyon Zini pou etabli yon komisyon anti-koripsyon ak angajman li genyen pou avanse refòm lejislatif kap pèmèt komisyon sa kanpe sou bon shimen reyisit” Prezidan Castro te déjà pwomèt pandan enstalasyon li a li pre e li pare pou li fome komisyon sa.
Ekri ak Redijie pa Kamarad Jude Noel
Ayiti: Tè a te Tranble Yon Lòt Fwa Ankò nan Sid, Artibonite ak lot kote nan Peyi a.
Yon tranblemanntè magnitid 5.3 sou lechèl Richter a te frape Sid Ayiti nan Lendi 24 Janvye pase a. Pou pi piti 2 moun konte pami sa ki mouri epi plizyè Kay domaje. Daprè ekspè nan domèn nan se te yon pè sekous ki te frape sid Ayiti ak bò lantouraj li jou Lendi maten sa. Sekous prensipal la rive 5.3 magnitid epi li te frape egzakteman 8:16 nan maten. Daprè yon sondaj jewolojik ki te fèt, pi gwo aprèchòk la te vini nan anviwon yon èd tan pita, epi li te evalye a 5.1 magnitid. Sikoz sikolojik fè tout moun kouri nan lari lè sa te rive. Kòm sa te pase byen bonè avan lekòl te ouvri, lekòl yo te tou fèmen pòt yo pou rès jounen an kòm yon prekosyon. Daprè sa Asosyasyon laprès te rapòte, anpil biznis te fèmen pou jou a aprè tranbleman sa. Moun nan zòn ki afekte yo ap viv avèk anpil enkyetid. Tè a te tranble nan jis 12 jou aprè nasyon an te fin make 12 lane anivèsè yon kokenn chenn sekous magnitid 7 ki te frape nou fò anpil… Plis pase 200,000 moun te mouri. Menm rejyon Sid sa te gen anpil domaj nan yon tranblemanntè magnitid 7.2 nan dat 14
dawout ki fenk pase a la, plis pase 2,000 moun te mouri. Elas ! Gen anpil travay ki mande fèt pou akonpanye sosyete a nan fason pou pwoteje tèt yo. Alèkile, tranblemanntè vin yon evènman tout moun ap tann, men san konnen koman yo prale pwoteje tèt yo. Sitiyasyon sa mande anpil reflechi pou nou konnen ki solisyon, ki akonpanyeman, ak kijan preparasyon ki dwe fèt pou diminye domaj ak viktim nan mitan nou. Gen yon kamarad sou FB ki gen yon lide senp ki enteresan anpil sitou pou timoun ki prale lekòl san konnen kondisyon anti-parasismik bilding yo ladan yo. Ide a se bay chak ti moun yon siflèt mete nan kou li sizanka li ta kole li ta sifle siflè a pou fè konnen kote li ye. Sa se yon bèl ide ki ka sove pou pi piti yon vi. An nou pataje l ak zanmi nou yo Ekri pa Kamarad Rose Marie Moise ak kolaborasyon kamarade Jude Noel
Mèsi ak Kris la epi ak tout Kamarad ki kolabore nan reyalizasyon travay jounal sa: Kamarad Jean Marie Felix, Kamarad Mirlande Guillaume, Benius Renelus, Helene Petiote, Marcellus Clotaire, Jean Pierre Youseline, Dorothy Ambroise, Dr. Louis Wendel, Butler Benoit, Francoise Jecrois