YON VAN POLITIK GOCH AP KLEWONNEN EPI LAYITE KÒL NAN AMERIK SID LA…

Pwofesè Jean-Christophe Gallien ki se yon politisyen, kominikatè, ak konferansye analize nouvo pwoblèm jeopolitik ke boulvèsman elektoral sa konstitiye. Yon nouvo van viktwa pou politik goch la ap soufle sou Amerik Latin nan. Travay sa te lanse depi lontan, menm avan ravaj kriz sante pandemi covid-19 lan. Mouvman elektoral la travèse kontinan an sòti nan Nò rive nan Sid. Li pase Nan Meksik, answit Bolivi, ale nan Perou, pase Ondiras, jouk rive nan peyi Chili nan fen ane 2021 an. Prezidans peyi sa yo soti nan men politik dwat pou ale nan goch. Fenomèn politik sa ka menm kontinye nan de (2) gwo peyi ankò, Kolonbi ak espesyalman Brezil ki se jeyan ekonomik ak politik nan Amerik Sid la. Nouvo pati majoritè sa yo anonse yon revolisyon sosyal ki ap vin ak pi bon sèvis piblik, sekirite sosyal inivèsèl, ak yon redistribisyon richès ki pi egalego. Kontèks politik la rete konplèks e menm ostil pou lidè yo ki deja kwaze ak yon reyalite ekonomik dezas, bidjè anemik, aksè kredi difisil, gwo dèt, enflasyon tet chaje, ak yon opozisyon agresif nan lari fizik ak dijital la. Talè konsa Sitwayen yo pral byen vit tounen advèsè si pwomès yo pa kenbe…

Pandan ke plis pase mwatye nan Sid Ameriken yo travay nan sektè enfòmèl la, pifò peyi yo fè eksperyans chomaj masif. Plizyè milyon moun te panse yo tap antre nan klas mwayèn nan nan kòmansman ane 2000 yo. Poutan, Lamizè a kounye a nan pi wo nivo li nan 20 ane sa yo ki pase a. Mete sa yo ansanm ak sityasyon ki pa popile nèt nan sosyete a, tankou eskandal koripsyon, anrishisman elit yo, edikasyon piblik a k s è v is l a s a n t e t o u – patou abandone, pwoblem enfrastrikti ki fin kraze brize, ou vin jwenn yon teren kote pati goch yo ka boujonnen oubyen triyonfe. Kontinye li istwa sa nan paj 2

POUTIN FAS AK OKSIDAN– KONFLI SEK IRITE AK PEY I IKREN

Anpil tansyon ap bouyi ant peyi Etazini ak peyi Wisi sou sekirite peyi Ikrèn. Ikrèn, ki se yon peyi ki pataje fwontyè avek Wisi bezwen antre nan kowalisyon militè NATO pou ede l sekirize teritwa li kont agresyon peyi Wisi. Nan ane 2014 Wisi te deja anvay epi anexe yon pati nan peyi Ikrèn ki rele Krimeya. Prezidan peyi Wisi a, Poutin, deja estasyone anpil gwo zouti militè ak solda sou fwontye peyi Ikren, epi li lanse yon pinga bay peyi sa ak tout NATO si yo ta panse enskri Ii nan kowalisyon militè oksidantal sa. Daprè anbasad peyi Wisi nan Washington, si Etazini vle pou konfli sa pa ale pi lwen li dwe refize epi sispann voye zam bay Ikren epi pran chimen dyalog . Kontinye li istwa sa nan paj 3

YON VAN POLITIK GOCH AP KLEWONNEN EPI LAYITE KÒL NAN AMERIK SID LA…

Se te viktwa prezidansyèl Andrés Manuel López Obrador kite louvri seri a nan Meksik nan jiyè 2018. Nan lane 2019, li te vire Gwatemala ak Panama pou chwazi majorite santral gòch la. Nan peyi Ajantin, menm ane a, Peronis yo tounen sou pouvwa ak Alberto Fernández ki fè yon revolisyon sosyal ak ekonomik kont koripsyon. Nan 2020, nan Bolivi, sosyalis Luis Arce te ranpòte viktwa epi pwomèt pou li fè reyalizasyon pwogram “Zetwal” Evo Morales yo. Epitou nan 2020, fwa sa nan peyi Perou, yon enkoni yo rele Pedro Castillo, pwofesè lekòl pwovens, vin prezidan lè li te domine dofen zèl dwat la, ki se Keiko Fujimori. Nan fen ane 2021 an, nan Ondiras, se madanm ansyen prezidan Manuel Zelaya, Xiomara Castro, yon kandida goch, kap goumen kont koripsyon ak trafik dwòg, ki ranpòte eleksyon prezidansyèl la. Nan menm mwa sa, Gabriel Boric, ansyen lidè etidyan mouvman 2011 yo, eli prezidan kont yon kandida ekstrèm dwat ak pwomès pou li ogmante taks sou moun rich yo. Selon Jean-Christophe Gallien, nan istwa li pa janm gen yon gwo moso majorite goch popilè ak santiman anti-Ameriken k ap gouvènen nan Amerik Latin nan kou jodi a.

RAPWOCHMAN SA YO AP YON VRÈ DEFI JEOPOLITIK POU ETAZINI KI PRAL GEN PLIS DIFIKILTE TOU POU LI KONTINYE PRESYON EKONOMIK IZOLASYONIS SOU ADVÈSÈ ABITYE LI YO TANKOU KIBA, NIKARAGWA, AK PEYI VENEZYELA.

Se sèlman Irigwe, Ekwatè, ak El Salvadò kite reziste souf chanjman an. Ane 2022 sa, se Kolonbi ak Brezil lagè elektoral la pral pase. Nan mwa Me k ap vini an, nan peyi Kolonbi, ap gen yon eleksyon riske ant kandida Gustavo Petro, ki se ansyen neg lage, majistra Bogota, fas ak prezidan sou pouvwa, Ivan Duque. Men, se nan peyi Brezil, jeyan kontinantal la, ak plis pase 220 milyon abitan li yo, ke yon batay elektoral danble pral Mennen; yon batay elektoral ki ka trè vyolan, youn ki ap enteresan pou Amerik Latin nan, epi pou Etazini. Prezidan popilis, ekstrèm dwat la, Jair Bolsonaro, ta sanble deyò kous pou pwòp re-eleksyon li akoz pòvte, deblozay sou sante, tire kòd youn ak lòt nan sosyete a, dezòd ekonomik elatriye. Nou ta di Sosyete Brezilyen an nan yon kriz oswa menm nan konfwontasyon. Se ansyen prezidan an, gran palto, Lula, ki fèk sòti nan prizon, ki sanble kapab rasanble byen lwen fòs goch yo epi plase yo nan yon pozisyon pou jwenn viktwa nan eleksyon sa ki pwograme pou fen mwa Oktòb kap vini an. Pou fini, Analis la di, peyi Wisi plis fokis sou Afrik ak Mwayèn Oryan, se pito peyi Shin ki ta ka gwo ganyan nan boulvèsman rejyo nal sa ak menas ki plane sou dominasyon Eg la nan lakou Amerik Sid la. Nouvo lidè politik gosh yo ta samble ouvè ak estrateji jeneral Chinwa pou prete lajan ak envesti nan enfrastrikti epi kolabore nan domèn teknoloji oswa sekirite. Rapwochman sa yo ap yon vrè defi jeopolitik pou Etazini ki pral gen plis difikilte tou pou li kontinye presyon ekonomik izolasyonis sou advèsè abitye li yo tankou Kiba, Nikaragwa, ak peyi Venezyela. 

POUTIN FAS AK OKSIDAN– KONFLI SEKIRITE AK PEYI IKREN

Antretan, Etazini ap mennen yon kanpay ak peyi Ewopeyen yo pou yo fe yon blok kont peyi Wisi. Yo pwomèt pou yo pini Wisi jouk nan zo ekonomi l si li ta atake Ikren jan ke li ta bay enpresyon li vle fe a. Men Jiskaprezan, demonstrasyon sa yo gen anpil dout ladan yo. Yon senate Ameriken ki rele Chris Murphy, D., ki te vwayaje ale nan peyi Ikrèn avèk kèk lot senatè pou yo montre sipò yo bay peyi sa, fè konnen li pa konprann pouki se peyi Etazini selman ki pi enterese pou enpoze sanksyon dandi miltilateral sou Wisi alòske se entegrite peyi ewopeyen yo ki menase. Kidonk, li vle plis aksyon nan men peyi ewopeyen yo tankou Frans, Gemany, U.K., epi lòt peyi tankou kanada elatriye. nan dènye konferans Prez. Joe Biden bay jounen 19 janvye a nan Washington, li bay tout siyal pou fè kwè Wisi gen plis chans pou li atake Ikrèn pa twò lontan. li deklare, “mwen panse lame Poutin nan ap mache antre sou Ikren. Fok misye fè yon bagay.” “Men, m panse lap peye byen chè pou sa.” Biden gen enpresyon Poutin se yon nèg kap chache plas li nan mond lan nan mitan Peyi Shin ak mond oksidantal la. Biden rete kwè peyi Wisi pa ta anvi yon ge debode ak Aliye ameriken yo, men nan menmtan misye ap teste NATO ak US jouk nan zo.

MILTIM ILYONÈ MANDE POU GOUVÈNMAN TAK SE YO

Nan objektif pou ede sila yo ki pi pòv nan moman pandemi an, yon group milionè ak miliadè nan mond lan ekri yon lèt pou kritike sistèm fiskal mond la, paske yo reyalizé ke yo pa pran ase taks sou yo pou ede moun ki nan bezwen. Yo menm mande pou gouvenman yo ogmante taks yo pran sou kob yo fè paske nan 2 dènye ane yo la mond lan konen anpil soufrans ak mizè.Pami moun rich kite siyen lèt sa: inves tisè Georges Soros, Chris Hughes ak Abigail Disney. Daprè oganizasyon nongouvènmantal Oxfam richès 10 moun ki pi rich nan mond lan plis ke double pandan 2 dènye ane yo. riches moun sa yo avan pandemi a te $700 bilyon; apre pandemi a li vin ak plis ke $1.5 trilyon. Nan menm tan revni 99% moun ki pi pòv yo fè bèk atè. Kantite kob neg sa yo genyen ansanm, $1.5 trilyon, vo pi plis ke GDP yon panye ki gen 49 peyi Afriken ladan l si nou vle retire Afrik Sid la ak Nigeria selman. Pami bilyonè sa yo nou jwenn anwo net Jeff Besos, Elon Musk, Bernard Arnault & Family (Fransè), Bill Gates, Mark Zuckerberg, warren Buffet ak lòt ankò

DAPRÈ OGANIZASYON NONGOUVÈNMANTAL OXFAM, RICHÈS 10 MOUN KI PI RICH NAN MOND LAN DOUBLE PANDAN 2 DÈNYE ANE YO

Written by:

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

X