Nan lannwit 24 ak 25 Jen an Imigrasyon Repiblik Dominikèn te arete yon pakèt Ayisyen ki te andedan yon restoran; apeprè 3 gwo bis lekòl te sichaje ak Ayisyen ke yo te anpile pa pil ak yon pakèt pou ale nan imigrasyon san yo pa verifye stati ak legalite moun sa yo. Jan sa te pase a se te yon vyolasyon nòm entènasyonal sou dwa moun ak fason imigran ta dwe trete.

Pami moun sa yo lapolis imigrasyon dominikèn te arete yo, nou jwenn etidyan, moun ki nan peyi a depi lontan, ak touris Ameriken-Ayisyen. Pwofesè Lavoisier Cherisier Junior ki se yon konbatan rekoni pou kòz Ayisyen ak yon edikatè sou rezo sosyo a te li menm jwenn arestasyon li pandan li t ap dokimante move tretman Ayisyen yo tap resevwa nan men lapolis Repiblik Dominikèn.

Pwofesè a te arive fè anpil moun viv kòman polis nan peyi vwazen yo pa respekte dwa okenn Ayisyen nan peyi yo, patikilyèman moun nwa ki pale kreyòl, menm lè yo ta yon sitwayen Ameriken. Lidè gwoup ak inivèsite BOSAL la fè konnen li apresye eksperyans sa li te fè a ak konpatriyòt Ayisyen yo, ki se yon bagay li te senpman konn ap gade nan televizyon, fason y’ap trete Ayisyen nan Repiblik Dominikèn. Li pwomèt tout kote li pase, swa Chili oubyen Brezil, ak lòt kote Ayisyen imigre l’ap kanpe pou li BATAY pou Ayisyen parèy li. Lavoisier fè konnen ‘BOSAL pa janm pè, se kanpe goumen li ye.’

Lidè gwoup BOSAL la gen yon mesaj pou tout dyaspora Ayisyen, kelkeswa peyi yo ye a, yo bezwen mete ansanm resous ekonomik yo genyen pou yo bay yon repons ak gouvènman ki ap paweze Ayiti yo ak tout milat-siwolibanè ki pran peyi a nan otaj. Li batize inisyativ sa FREDA, fon pou rekonstriksyon ak devlopman Ayiti. Dyaspora li lè li tan pou nou sispann ap gade nan tv pwoblèm frè ak sè Ayisyen nou yo. An nou mete tèt ansanm! An nou bay yon repons ak tout malandren ki lakoz Ayisyen ap pran imilyasyon tout kote nan mond lan.

Men mesaj Lidè MOUVMAN BOSAL BÒT JÒN 109 (MBBJ109) la,

Map salMap salye tout bosal ak bosalez yo ak tout kamarad etidyan MBBJ109 yo nan non Jezi-kri chef nou e map di l mesi pou jan li fe glwa li eklate chak jou nan zye m.

Map di nou mesi pou kouraj nou ak soutyen ke nou te montre m pandan ti eksperyans sa ke m tap pase avek konpatriyot mwen yo anba men imigrasyon peyi Sendomeng.

Mwen te toujou konn we koman imigrasyon konn ap maltrete ak imilye konpatriyot nou yo kay vwazen an sou FB ak YouTube ebyen mwen di Jezi-kri mesi pou tet li fe m viv eksperyans sa avek konpatriyot mwen yo.

Malgre ke neg yo lage m men konpatriyot yo pat arive libere e se avek anpil dlo nan je ke anpil nan yo tap eksprime fristrasyon yo fas ak imilye ke m yap sibi kay vwazen an.

Kon yo fet arete m nan mwen te santi komsi se yon enjistis ke yo fe m men pandan m nan bus la ak konpatriyot yo e map tande fristrasyon ak endinyasyon nan vwa yo mwen te komanse reyalize ke se Jezi-kri menm ki mete m nan pozisyon sa pou l ka ekspoze enjitis ak move tretman ke konpatriyot yo ap sibi.

Mwen vinn konprann ke batay sa ke nap menen an pou chavire sistem Petionis Milat Siro-libane a mande anpil kouraj, volonte ak deteminasyon paske enmi an fache e li we sistem nan tonbe. E fok nou komanse mare senti nou paske batay la pap ka rete sou FB ak YouTube selman.

Map di Jezi-kri chef mwen mesi anko pou bel eksperyans sa ke l te fe m pase ak konpatriyot yo.

Sa fe m sonje istwa Moise kite desann al rankontre Konpatriyot li yo nan esklavaj nan peyi ejip malgre li menm li te gwo prens, gwo chef Kay Farawon.

Anpil lanmou pou nou kenbe fem kamarad yo batay nou an fet komanse se chofe nap chofe nou poko menm monte teren. Bon Saba nan Jezi-kri.

Prof Lavoisier yon sel la pou tout mond la.

Mesi. mond la.

Mesi.

Written by:

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

X