Rejyon Ki Okipe Nan Ikrèn Yo Chwazi Pou Yo Rantre Nan Peyi Wisi Daprè Rezilta Referandòm Lan!
Peyi Wisi deklare viktwa nan yon seri referandòm li te òganize pandan 3 jou nan rejyon li okipe nan Peyi Ikrèn yo, sa vle di Wisi avanse yon pa devan pou li pran rejyon sa yo nan men Ikrèn epi rantre yo nan federasyon Wis la.
Ikrèn, Etazini, ak alye yo a linyon Ewopeyen, te gentan fè konnen yo p ap bay okenn enpòtans ak swadizan referandòm Wisi t ap fè a. Pou yo menm, demach sa se yon simagri okenn peyi pa dwe apwouve.
Vòt sa yo te fèt nan Kat rejyon ke Wisi kontwole akoz avanse yo fè nan gè ak Ikrèn lan. Kat rejyon sa yo se Donetsk ak Luhansk ki nan pati lès Ikrèn, epi Kherson ak Zaporizhzhia ki sitye yo nan pati Sid la.
Men rezilta chèf Wisi mete nan zòn sa yo pibliye: 98.2% moun nan rejyon Luhansk lan vote pou rantre nan Wisi, pou moun Donetsk yo 99.23%, pou moun Zaporizhzhia yo 93.1%, pou moun Kherson yo 87.05%.
Nouvo dinamik sa pral pouse gè ant de peyi sa yo nan yon lòt etap. Anpil analis ak ekspè gentan siyale mouv sa a kòm yon estrateji pou Wisi deklare yon gè total ak LOTAN si pa malè solda Ikrèn yo kontinye itilize zam ak resevwa sipò teknik oudimwens estrateji nan men LOTAN pou atake nouvo tèritwa Wisi pral federe yo.
Semenn ki pase a Prezidan Poutine te mande pou eta majò lame a mobililze 300,000 rezèvis pou bouste divizyon ki gentan sou plas andedan Ikrèn yo. Kidonk, aprè asanble nasyonal Wisi aksepte pou rantre rejyon sa yo nan leta federal Wisi a, l’ap kapab deploye militè sa yo sou nouvo tèritwa li ratrape yo. Poutine deklare li prè pou li defann tèritwa peyi li ak tout zam ki nan depo li, e menm zam nikleyè ; li te ajoute, « se pa yon blòf ! »
Yon lòt kote, gouvènman Oland ak Swèd la anonse yon zak malonèt ki fèt sou tiyo gaz ki soti Wisi pou alimante Almay ak rès Ewop la. Leta de peyi sa yo detekte yon detonasyon ki pete de tiyo gaz Wis ki t ap bay gaz ak Almay. Wisi ouvè yon ankèt pou envestige sityasyon sa ke li kalifye kòm yon zak sabotaj. Jiskaprezan tout moun dakò, menm Etazini, zak sa gen yon men kache dèyè l. Prezidan Ikrèn lan, Zelensky, deklare se Wisi ki dèyè zak malonèt sa. Sityasyon sa ajoute sou kriz enèji Ewop ap konfwonte aktyèlman, ki gentan ap prepare pou yon sezon ivè ki kapab make pa blakawout, ogmantasyon pri pou elektrisite, ak ensekirite alimantè.