Gwo sezisman nan peyi lafrans ! Pati prezidan fransè a, « Ensemble » pèdi majorite absoli yo te genyen nan palman an nan eleksyon lejislativ ki sot pase la yo, ayè Dimanch 19 Jen an.

Pati prezidansyèl lan pèdi plizyè depite nan batay elektoral sa. Yo arive genyen sèlman 246 depite sou 289 yo te bezwen pou konsève majorite a nan palman. Pati « Nupes » ki genyen yon tandans goch genyen 142 syèj nan palman an. Pati « LR-UDI » a ki se repibliken genyen 64 syèj nan palman. Aprè sa, Pati « Rassemblement national » lan ki gen tandans dwat e ki genyen nan tèt li Marine Le Pen, rantre ak tout fòs nan palman an e rive genyen 89 depite nan eleksyon sa.

Avan eleksyon Dimanch lan pati Rasanbleman Nasyonal lan te genyen sèlman 8 depite nan palman an. Marine Le Pen bò kote pa li deja anonse ke li pral etabli yon opozisyon fèm kont pouvwa prezidan Macron an.

Ekspè yo konfime se premye fwa depi 1988 palman fransè a parèt depaman konsa. Pa genyen okenn pati ki genyen majorite absoli, sa kapab rann peyi a engouvènab si pati yo pa ka jwenn antant ant yo. Gouvènman pral fè fas ak yon opozisyon fawouch ni a dwat ni a goch nan palman an san konte sena a ki deja genyen yon majorite dwat ladan l. Daprè plizyè manb nan ansyen kabinè Prezidan Makron an, prezidan prale fè fas ak anpil opozisyon nan pwojè lwa li te konte realize kòm ajenda politik li; jan rezilta yo tombe a Makron pa gen lòt chwa ke fè konpwomi pou li mete yon gouvènman sou pye.

Written by:

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

X