GENYEN apeprè 11 milyon moun ki san papye Etazini ki touche pa desizyon yon jij federal nan Eta Texas pran sou kesyon depòtasyon imigran ilegal. Selon desizyon sa, Jij Drew Tripton di ajan ICE (fòs ekzekisyon pou imigrasyon Ak ladwàn) yo kapab depòte nenpòt moun yo jwenn ki ilegal nan kad travay yo.

N ap raple nan mwa septanm ki sot pase a administrasyon Biden lan te fè soti yon nòt pou presize ki kategori moun y ap priyorize pou depòte. Se konsa administrasyon an te konsidere 3 kategori moun:

  1. moun ki reprezante yon menas pou sekirite piblik,
  2. moun ki reprezante yon menas pou sekirite nasyonal,
  3. moun ki fèk travèse fontyè a san papye legal

Lis sa reprezante kategori moun ajan ICE yo dwe bay priyorite pou depòte.

Texas avèk Louisiana se de Eta nan Etazini ki plis touche pa dinamik imigrasyon ilegal la. De Eta sa yo pa dakò ak chwa kategorizasyon Biden nan ; se poutèt sa yo te mete yo ansanm pou pote plent devan yon tribinal nan Texas pou voye jete lis priyorite sa. De Eta sa yo te bay plizyè rezon ki fè yo pa dakò avèk desizyon sa. Pami rezon sa yo, yo te di moun ki san papye pral fè leta depanse anpil kòb nan lopital pou pwoteje yo kont kowona, epi, moun sa yo reprezante yon menas pou kominote yo paske se yon pakèt kriminèl ki soti nan lòt peyi.

Jij ki te sou dosye a deside ke desizyon DHS (depatman enteryè Etazini) te pran an se yon desizyon ki pa kanpe sou anyen, li vyole lwa federal sou imigrasyon, epi li anpeche ajan ICE yo fè travay yo jan sa dwe fèt. Pou rezon sa yo ke nou fenk mansyone piwo a, Jij Drew Tripton deside mete chita nan yon ti kwen nòt prezidansyèl Joe Biden te pran pou li limite depòtasyon sèlman ak kèk moun ki te yon danje pou sekirite piblik.

DHS mande pou tout ajan ICE yo respekte epi aplike nouvo desizyon tribinal la pandan administrasyon Biden lan pral kontinye defann pozisyon yo a nan lakou dapèl.

Written by:

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

X