Peso Chili an te kòmanse ap pran anpil pataswèl nan men dola Ameriken an depi kèk mwa, pou nou pa di depi lè nouvo prezidan Chili an ki gen tandans goch te fin enstale nan tèt peyi sa. Pi pwòch nou, vandredi 02 Septanm 22 a kòb la t ap chanje ak $1 US pou 911.42 Peso Chilyen. Ebyen, aprè popilasyon chilyen an te vote pou rejte adopsyon nouvo konstitisyon gochis lan, kòb chili an pran yon jarèt agresif sou mache echanj lan.

Jodi lendi 05 septanb 22 a, yon $1 US ap vann pou 885.52 Peso chilyen. Sa vle di nan yon ti bat je dola desann 2.85 pousan (%) pa rapò ak kòb chili a. Sa montre nou aklè ki gwo epe ki te pandye sou tèt peyi chili si pèp lan te di “wi” ke yo vle nouvo konstitisyon an.

Nouvo gouvènman k ap dirije Chili an soti nan vant gwo tonton revòlt pèp la te fè kont klas elit boujwazi an ak politisyen tradisyonèl peyi sa. Yo te kwè peyi a bezwen yon lòt direksyon ak yon lòt konstitisyon ki bay tout moun peyi a menm avantaj ak opòtinite. Yo te mande yon nouvo konstitisyon ki kreye yon sistèm kote richès peyi a sèvi tout moun, kikseswa eritaj li oubyen klas sosyal li.

Depi lè prezidan Gabriel Borich te monte sou pouvwa a, tout done ekonomik yo chanje, enflasyon grenpe tèren, manje vin pi chè. Answit, elit globalis miltinasyonal ( fonsye bankè ) yo menase pou tòdye ren pèp lan ekonomikman pou pozisyon anti-elitis ak anti-globalis yo vle pwone nan nouvo konstitisyon an. Akoz nouvo konstitisyon sa pèp lan te mande an, peyi chili sibi anpil menas nan men yon pakèt lòt peyi tankou Etazini ki te di l ap retire yo nan pwogram ki pèmèt chilyen ale Etazini san viza. Tou prè Chilyen yo nan peyi Venezuela, yo wè ki efè zago loksidan genyen sou kou Venezyela ak yon pakèt sanksyon ki mete ekonomi peyi sa ajenou. Ansanm reyalite sa yo te jwe yon wòl detèminan ki pouse pèp la vote “non” pou chanjman konstitisyon aktyèl lan, Menm lè konstitisyon sa ta pwal bay pèp lan yon pakèt benefis yo te mande nan revòlt yo te fè sou ansyen gouvènman an. Nan jounen 4 Septanm 2022 a te genyen 61.87% moun ki te vote “non” epi 38.3% moun ki te vote “Wi” pou nouvo konstitisyon an. Rejè sa se rezilta manipilasyon ekonomik ansanm ak menas loksidan te fè pou retire avantaj nan peyi a si nouvo konstitisyon an te adopte.

Men kantmenm, nou remake kòman dola bese byen vit lè boujwa globalis yo wè enterè yo pa fin twò menase pase sa. Se yon sityasyon ki mande anpil e

Written by:

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

X