Enfòmasyon sou demografi ki rapòte sou Wikipedia.org fè konnen Ayiti gen yon popilasyon 11.47 milyon abitan, epi plis pase 95% popilasyon an se Nèg ak Nègès kreyòl. Ekonomi Ayiti a se yon ekonomi mache lib ak ba pri travay, epi ak aksè san tarif etazini pou anpil nan ekspòtasyon li yo. Moody’s Analytics fè konnen karant pousan nan tout Ayisyen depann sou sektè agrikòl la, sitou agrikilti sibsistans la, ki toujou rete vilnerab ak domaj katastwòf natirèl yo. Pòvrete, enstabilite politik, vyolans gang, kidnaping, kòripsyon, vilnerablite nan katastwòf natirèl, ak nivo edikasyon nou an ki ba anpil nan popilasyon an reprezante kèk nan pi gwo obstak nan kwasans ekonomi Ayiti. Reyalite a se ti-Biznis yo ak antrepriz mwayèn yo ki konstitye motè ekonomi peyi a. Daprè World Bank yo reprezante plis pase 80 pousan nan tout travay moun ap fè. Malerezman, 75% moun nan popilasyon an toujou ap viv nan yon nivo pòvrete ki ba anpil anpil. Kontinye Li nan paj 2

Beijing 2022

Richardson Viano Make Istwa pou Ayiti nan jwèt Olenmpik Beijing 2022 a kòm premye reprezantan peyi a genyen nan Jwèt olenmpik sezon Ivè yo.

P O L I T I K-E K O N O M I

BLOKAJ KI GENYEN POU TI-BIZNIS YO (ANTREPRIZ PITI AK MWAYÈN (APM)) BOUJONNEN NAN PEYI AYITI.

Kesyon an se kòman premye repiblik nwa, ki te yon fwa bijou Karayib la, vin tounen peyi ki pi pòv nan pati Emisfè Lwès mond lan ak tout kalite pwoblèm sosyo -ekonomik kwonik tankou lavi chè, pa ka jwenn sante, ensekirite, viyolans gang ak kidnaping, Kòripsyon tribòpabò, manke elektrisite ak pri ki byen wo pou pwodwi l, dlo nan tiyo pa potab, obstak pou jwenn kredi, Konfli pwopriyete ak konfli tè, elatriye? Ki jan fè yon peyi ki chaje ak resous natirel e ki gen anpil kapasite pou devlopman agrikilti, san nou pa bliye avantaj touristik peyizaj peyi a ofri vin stigmatize kòm youn nan peyi ki pi pòv nan mond lan Kote biznis pa ka fleri? Pandan Ayisyen se moun ki travayè anpil e ki gen lespri biznis, sektè tibiznis ak biznis mwayèn yo ap fè fas ak tout kalite defi. Defi sa yo pa jis tonbe soti nan okenn kote, men pito yo se pwodwi yon sistèm byen planifye pwofesè Lavoisier Cherisier Jr rele diktati ekonomik Petyonist-MilatSiwo-Libanè 1806. Sistèm diktati ekonomik sa se yon pwoblèm majè ki fè menm ti biznis pa ka fleri Ayiti. Diktati Ekonomik PetyonisMilat-Siwo-Libanè a se yon sistèm ekonomik rasis ki te tabli depi 1806 avèk Prezidan Alexandre Petion, yon milat, pou kenbe katrevensenk pousan Ayisyen ti nèg 

nwa tèt grenn nan pòvrete, nan peyi a. Sistèm ekonomik sa fèt pou konsantre 95 pousan nan richès peyi a nan men senk pousan moun ki konpoze klas elit milat la. Pandan lokipasyon, Ameriken yo enpòte imigran siwo-libanè pou vin ranfòse klas elit sa. Gwoup gang ekonomik sa kontwole ekonomi ayisyen an ak leta anba grif yo nan fè dil anba tab ak souvansyone kòripsyon avèk ofisye gouvènman yo. Kidonk, nou byen di leta Ayisyen pa anba men pèp ayisyen an, men pito nan men kèk oligak pwisan kap rache koupe pandan pep la ap viv nan kras. Soti 

depi nan majistra rive sou prezidan, se oligak sa yo ki finanse kanpay politik yo, kidonk, mete yo sou pouvwa pou travay pou yo. Se oligak yo ki nonmen minis ak direktè nan tout pòs kle nan gouvènman. Lè gwoup oligak milat-siwolibanè a finanse ak mete mannken nan tout pòs kle nan gouvènman an yo kareman vin tounen yon proksy-gouvènman. Lè ou gen ekonomi an ak gouvènman nan men yon ti gwoup pwisan ajoute sou defi enfrastrikti, politik, ak sekirite ki te deja egziste, li vin difisil anpil pou ti biznis yo reyisi. Nan atik sa mwen vle souliye kèk nan 

pwoblèm estriktirèl ki konpoze yon defi pou antrepriz piti ak mwayèn (APM) yo reyisi nan peyi a. Yon Anviwònman Biznis ki Defavorab Malgre Ayiti gen yon ekonomi ki swadizan ouvè, gen gwo baryè pou fè kòmès ak entegre envestisman etranje nan peyi a akòz sitiyasyon tankou koripsyon ak rakèt legal ki gangrennen nan bwat leta yo, enstabilite politik, ak malsite oligak yo ki refize wè okenn konpetisyon sou mache a. Reyalite sitiyasyon sa montre Ayiti pa gen yon bon relasyon zanmitay ak 

P O L I T I K-E K O N O M I

BLOKAJ KI GENYEN POU TI-BIZNIS YO (ANTREPRIZ PITI AK MWAYÈN (APM)) BOUJONNEN NAN PEYI AYITI.

Biznis. Rapò 2020 Bank Mondyal sou fasilite pou fè biznis, bay Ayiti yon nòt 40.7 sou 100 posib, sa ki lakòz yon klasman 179èm sou 190 peyi sou lis sila. Ansyen Prezidan Jovenel Moise te fè konprann koman elit ekonomik lan eshwe peyi a lè youn ladan yo te di li nan yon konvèsasyon prive, “li naje pi byen nan dlo boulvèse yo;” se yon fason kode pou di enstabilite politik pi bon pou biznis li. Li enpòtan pou nou raple, mal

gre yon klima politik ekonomik enstab ki detwi zafè pwopriyetè ti-biznis yo, oligak milat-siwolibanè yo kontinye ap opere epi ogmante pwofi yo san kè sote nan domèn tankou kòmès gaz, elektrisite, transpòtasyon sou avyon, vant siman ak fè, enpòtasyon manje ak pwodwi premye nesesite, elatriye. Pwopriyetè ti-biznis yo se prensipal viktim anviwònman defavorab pou biznis yo fonksyone jan sa merite. Sa ki fè anpil moun ap poze tèt yo kesyon, eske se pa elit ekonomik la ak komplisite politisyen restavèk tradisyonèl yo ki pwograme vyolans ak enstabilite politik yo, pou kenbe peyi a nan yon kriz resikle pou yo ka kontinye kenbe dominasyon yo sou pèp Ayisyen an.

Manke finansman

Jan sa te déjà di, antrepriz piti ak mwayèn (APM) yo reprezante 80 pousan nan travay moun genyen Ayiti. Men, pifò nan yo nan difikilte pou leve lajan pou envesti paske bank yo refize finanse biznis ki pa gen ase garanti pou bay. Lè yon moun fenk kòmanse yon biznis-wòwòt li difisil anpil si se pa enposib pou li jwenn lajan prete nan bank lokal yo akòz antreprenè sa yo konn paka repeye lajan. Se yon ris ki reyèl paske Anviwon twa ka nan ayisyen swa nan chomaj oswa ap eseye fè yon bout bout 

nan ekonomi enfòmèl la. Se charite fanmi ki mete ansanm pou biznis sa yo ranmase lajan nesesè pou finanse tèt yo. Yon lòt sous finansman pou nouvo biznis yo se fanmi aletranje ki fè kado lajan ak yon manb fanmi an Ayiti ki vle kòmanse yon nouvo biznis. Kèk òganizasyon tankou Espwa pou Ayiti (Hope for Haiti) ap eseye bouche vid aktè bankiye lokal yo kite akòz yo pa sipòte pwopriyetè biznis mwayèn yo, pou fè prete lajan ak souvansyon yon bagay ki disponib. Middle Ground se yon lòt òganizasyon ankò ki ofri fòmasyon sou biznis pou fanmi. Yon fwa patisipan yo 

fini ak pase fòmasyon an, yo resevwa yon sètifika pou patisipasyon yo ki pèmèt yo fè yon prè pou $275.00 US pou yo ka komanse ti biznis yo. Òganizasyon an ankouraje paran yo pou yo kòmanse yon biznis ki baze sou pasyon ak konpetans yo, ansanm ak sa ki pratik nan kominote yo. Manke kapasite jesyon nan jere biznis pou amelyore pèfòmans ak pwofi yo. Daprè economi.com, Ayiti gen yon fòs travay ki gen 4.6 miliyon moun ladan l ki sitou pa gen kalifikasyon pwofesyonèl. 

P O L I T I K-E K O N O M I

BLOKAJ KI GENYEN POU TI-BIZNIS YO (ANTREPRIZ PITI AK MWAYÈN (APM)) BOUJONNEN NAN PEYI AYITI.

Fòmasyon sou biznis ak jesyon biznis nan pri ki konvenab pa prèske egziste. Aktè prensipal la depi 2009 nan domèn sa se SOFIHDES* ki li menm fè patenarya ak IFC* pou mete sou pye yon pwogram lokal pou bay fòmasyon sou jesyon biznis. Pwogram nan te kòmanse byen pandan premye ane li yo. Sepandan, aprè tranbleman tè te frape kapital Ayiti a, Pòtoprens, nan 2010, sèlman kèk APM ki te kapab peye fòmasyon sou jesyon ki ta ka ekipe anplwaye yo ak konpetans pou ede yo reprann aprè tranbleman tè a. Nan kad estrateji rekiperasyon aprè tranbleman tè a, IFC te souvansyone yon atelye fòmasyon sou jesyon biznis ki rele Business Edge management nan pwovens yo. Te gen plis pase 1,000 pwopriyetè ak anploye ti-biznis ki te asiste atelye fòmasyon sa yo nan ane aprè tranbleman tè a. Se konsa endistri a te rekòmanse tou dousman, epi jodi a SOFIHDES bay plis pase 2,750 pwopriyetè biznis fòmasyon Business Edge la ak yon pri ki konvenab sou mache a. Anpil nan biznis yo te rapòte ke fòmasyon sa ede yo ogmante pwofi ak ba yo plis aksè avèk finansman. Ayiti gen anpil travay pou li fè ak anpil nouvo wout pou li trase, pou li ka bay jarèt tout bon vre ak antrepriz piti ak mwayèn yo (APM) dekwa pou yo ka boujonen epi reyisi. Men, pou Ayiti kapab konpetitif nan rejyon Karayib la, fòk li kòmanse pa demonte diktati ekonomik Alexandre Petion te enpoze nou an depi 1806 la. Fòk li ranplase l ak yon sistèm ki pi jis epi ki pekitab tankou sa Desalin te kòmanse fè a, jan li te dekri li nan konstitisyon 1805 la. Fòk se yon sistèm ekonomik ki chita sou jistis sosyal kote tout ayisyen santi yo gen yon chans egal pou yo reyisi si yo travay di. Sinon, senk pousan Ayisyen ki fè pati Milat-SiwoLibanè yo ap kontinye kontwole ekonomi Ayisyen an, epi 95% Nèg ak Nègès Kreyòl ap kontinye viv nan mizè ekstrèm san espwa yon jou chenn lamizè a ap kase. Men, Avèk filozofi Kristik la ke Inivèsite Bosal la ap pwone, ki baze sou twa pilye sa yo, Lanmou, Vérité, ak Jistis, yon lòt jenerasyon Ayisyen gen pou kase chenn diktati ekonomik sa pou kreye yon

@Haiti Open

lòt sosyete kap la pou tout moun, san retire san mete. *SOFIHDES : Societe financiere Haitienn

*IFC : International Finance Corporation. Otè, Hermin Exilus

MALADI IPÈTANSYON (TANSYON WO)

Maladi ipètansyon se yon maladi ki karakterize avek yon ogmantasyon pèsistan nan presyon san ap egzèse andedan venn ki pote san yo ki depase 140/90 mm sou likid Mèkiri (Hg). Tansyon ogmante kantite travay kè a dwe fè ak lakòz domaj sou gwo venn yo paske rezistans la ogmante nan ateriyòl (ti venn yo) yo nan sikilasyon san an. Ensifizans kadyak konjestif, enfaktis myo-kadiak, aksidan serebwo vaskilè (konjesyon san nan sèvo a) ak ensifizans ren yo, se konplikasyon grav ki asosye ak tansyon wo a.

Konplikasyon
Yon ogmantasyon nan presyon san pandan kèk jou oswa mwa, epi ki rete san tretman ka lakòz konplikasyon grav. Sa ka lakòz domaj sou anpil ògàn nan kò a tankou je, kè, sèvo, ak ren w.
Tretman
Objektif prensipal swen medikal yo se bay yon sipò nitrisyon ak remèd famasi pou anpeche gwo konplikasyon yo. Pou elvasyon modere, redwi nan pwa kò a ak diminye kantite sodyòm yon moun konsome ka retounen tansyon an nan nòmal li. Pou pasyan ki pa te gen okenn restriksyon alimantè yo t’ap swiv, premye tretman terapi an kapab yon medikaman anti-ipètansif ansanm ak mezi pou swiv rejim ak yon pwogram pou redwi pwa kò a. Otè: Rose Marie Moise

DI V E S I T E A K K I L T I – ES P O

AYITI FÈ ISTWA NAN JWÈT OLENMPIK SEZON IVÈ 2022 YO NAN LAKOU BEIJING, SHIN

Kijan sa ye pou vwayaje pou ale nan ti antouraj oubyen sèk Olenmpik Beijing lan ? Richardson Viano Fè Istwa pou Ayiti.

Olenmpik Ivè Beijing 2022 a ap fèt andedan yon veritab fò, ki vle di nan yon tikwen apa pou li sèlman nan peyi Shin. Li pran plizyè semènn preparasyon ak anpil prekosyon pou yon moun finalman jwenn so pou antre andedan fò sa. Yo fè li konsa se pou evite gaye maladi kowona. Yon jounen andedan antouraj sa kòmanse ak kopi yon liv 83 paj oubyen yon gid prensip ofisyèl oganizatè olenmpik yo bay chak moun ki ap nan espas la. Gid sa bay enstriksyon ki jan pou tout patisipan pran tanperati kò yo chak jou, epi mete li sou yon app 14 jou avan match yo kòmanse. Nan menm peryòd 14 jou sa, patisipan yo ap gen pou izole tèt yo pou jouk tan lè konpetisyon yo rive. Si tout fwa yon moun nan sèk la ta rive teste pozitif, li ap izole nan yon chanm jiskaske yo retounen ak de (2) tès negatif, pou pi piti 1 jou youn aprè lòt. Aprè moun sa klè nan Kijan sa ye pou vwayaje pou ale nan ti antouraj/sèk Olenmpik Beijing lan men ofisyèl yo, li kapab tounen nan sa li te ap fè a. Men malgre moun sa fin klè, li ap gen pou pran 2 tès kowona chak jou. Tout estaf lokal ak volontè nan Olenmpik la genyen pou yo swiv prensiv COVID yo menm jan ak vizitè entènasyonal yo. Aprè match yo fini, tout moun sa yo dwe antre nan karantèn pou 21 jou avan yo retounen lakay yo. Antretan, Ayiti ak Pewou se de (2) peyi k ap patisipe nan Olenmpik Ivè yo pou premye fwa ane sa, 2022. Se yon gran eksplwa pou Ayiti ki se yon peyi ak sezon twopikal ki pa preske pratike okenn spò Ivè. Ayiti genyen yon sèl reprezantan ki se Richardson Viano ; l’ap reprezante Ayiti nan konpetisyon ski Alpen an (Alpine skiing) Richardson Viano gen 19 lane ; li te fet nan Kwa-dè-misyon, Ayiti, avan li te ale viv Frans nan laj 3 zan. Richardson fè konnen Gras ak angajman sa li pran pou reprezante Ayiti li vini pi sere nan kè li ak peyi orijin li.
Otè: Leandro Jn Baptiste

Mèsi ak Kris Ki se Chèf mouvman sa epi ak tout Kamarad ki nan inivèsite Bosal la, espesyalman kontribiyan nan jounal sila.

Written by:

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

X