Sitiyasyon Kawotik Nan Dwán APN Nan, Nan Pòtoprens, jou 16 Jen 2022 an; Rezilta 1 mò, ak 3 viktim!

Pòtoprens twouve l nan yon sityasyon kawotik kote bandi ak zam atake Dwán APN nan. Yon ajan sekirite mouri epi 2 lòt anploye blese, daprè bilan patyèl kèk sous rapòte. Ajan sekirite ki mouri an ak 2 lòt viktim yo t’ap travay pou konpayi Sèvis Pòtyè Karibeyèn lan (Caribbean Port Services (CPS)). Plizyè gwoup bandi ap goumen pou kontwole Zòn Lasalin lan ki abrite anpil gwo biznis prive ak leta, sitou nan domèn Enpòtasyon ak ekspòtasyon.

Atak sa rive nan moman Konsèy pou Sekirite nan Nasyon Zini an t’ap reyini pou diskite sou kòman yo ka ofri yon solisyon ak pwoblèm ensekirite a an Ayiti. Manzè Helen La Lime ki se reprezantan espesyal pou Ayiti, mande pou peyi nan Nasyon Zini yo leve pye yo pou bay yon pi gwo bourad ak Polis Nasyonal Ayiti a. Li fè konnen pwoblèm ensekirite a kontinye ap vin pi mal pandan menm yo t’ap reyini an.

Pa plis ke 6 jou pase gang Izo a te sakaje Tribinal Premye Enstans Pòtoprens lan anba bal epi pati avèk anpil materyèl. Tout sa yo se siy ki montre peyi a kontinye ap desann nan kawo, kote pa gen moun oswa enstitisyon ki epanye.

Written by:

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

X