Videyo kap sikile sou rezo sosyo yo ta montre anviwon 20 moun ki epapiye atè, fi kou gason, timoun kou granmoun aprè yo te fin manje menm manje a nan maten. Videyo a montre plizyè moun ki kouche atè plat k ap soufri ak doulè, avèk kèk lòt ki gen difikilte pou respire.

Youn nan pèsonaj ki te la nan moman videyo a t ap fèt la fè konnen sitiyasyon sa rive aprè moun yo te fin manje yon bannann ak sòs pou dejene; ta sanble daprè pèsonaj sa, sa moun yo te itilize pou farine pou fè sòs la pwès la se te yon move farine.

Trajedi sa pase jodi Mèkredi 22 Jen an, nan lokalite Kanpèch, awondisman Gwo-Mòn, depatman Latibonit. Aprè apèl ijans plizyè sitwayen nan zòn nan, moun sa yo ta sanble ap pran swen nan lopital Okay nan moman an. Dye mèsi, pa genyen rapò oubyen konfimasyon sou okenn moun ki mouri.

Videyo moun ki anpwazonnen yo

Written by:

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

X