Anpil dega ekolojik ap trake mond lan aktyèlman. Genyen yon sezon sechrès ke nou pa wè depi 500 lane nan zòn Ewop lan; genyen yon chalè ekstrèm nan lazi, sitou nan peyi Chin ki bloke anpil aktivite komèsyal, epi yon lòt bò lapli ap fè dega nan mwayen Loryan, tankou nan peyi Pakistan. Pi prè nou, sezon siklòn nan ouvè deja sou zòn karayib ak Amerik lan.

Twaka nan peyi Pakistan anba dlo aprè gwo van ak lapli koze INONDASYON nan zòn lan epi tiye apeprè yon milye moun. Dega yo estime ak plis pase 10 milya dola vèt.

Anpil kay inonde, jaden detwi, wout ak pon yo domaje. Anviwon 500,000 moun oblije abandone kote yo te rete a pou ale chache abri nan wotè yo.

Plizyè ekspè gentan siyale rechofman global lan kòm sispèk nan sa ki rive a epi fè konnen se aktivite lèzòm ki kontribye nan dega sa yo akoz fason nou degrade anviwònman global mond lan.

Youn nan viktim INONDASYON sa, yon kiltivatè ki genyen 56 lane, fè konnen ke “katastwòf sa se yon siy dènye tan pou li menm. Plizyè milye moun te pran nan kouri kite kay yo san yo pa sove anyen. Kounye a yo tout sinistre sou yon otowout epi ap rete tann èd pou yo siviv.”

Nasyonzini ap mande pou peyi yo sanble yon kòb prese prese pou ede Pakistan fè fas ak INONDASYON katastwofik sa ki raze twaka nan peyi a epi afekte apeprè 33 milyon moun.

Written by:

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

X