Vis Prezidan Ajantin lan Cristina Fernández de Kirchner te sibi yon tantativ asasina nan jou Jedi ki te premye Septanm lan pandan li tap rantre lakay li nan vil Buenos Aires. Yon jèn gason te pase nan mitan yon foul moun ki te kanpe devan kay Vis Prezidan an epi brake yon zam nan tèt li pou asasinen l, men bon chans pou Cristina Fernandez katouch la pat arive sòti nan zam lan paske bal yo te kofre andedan li.

Touswit aprè gwo atanta sa, plizyè sepatizan Vis presidan an te mete lapat sou endividi a ki rele Fernando André Sabag Montiel. Misye se yon nonm ki gen nasyonalite Brezilyen, epi li genyen 35 lane sou tèt li.

Aprè tantativ asasina ki te fèt sou vis Prezidan Cristina Fernandez lan, gouvènman te tou pran desizyon depi nan menm sware jedi 1ye septanm lan pou li anonse grèv nasyonal nan tout peyi a pou jounen vandredi 2 septanm lan; tout match footbòl te anile nan jou sa.

Plizyè sitwayen pote blam sou divizyon politik ak pawòl piman bouk politisyen yo pou sityasyon trajik sa ki te manke rive a. Aktyèlman, Vis presidan Ajantin lan ap fè fas ak akizasyon devan lajistis pou detounen lajan ak abi pouvwa lè li te prezidan peyi Ajantin nan lane 2007 pou rive 2015. Komisè gouvènman mande pou yo bay manzè 12 lane prizon si yo jwenn li koupab. Sityasyon sa kreye anpil tansyon ant senpatizan aktyèl vis prezidan Crisitina Fernandez yo, ki se politisyen ki pi enfliyan nan peyi Ajantin, ak gwoup politisyen ki ta vle detwi karyè politik manzè.

Prezidan Ajantin lan, Alberto Fernandez, te fè soti yon nòt pou li mande politisyen yo pou yo sispann limen flanm divizyon ak rayisman nan mitan popilasyon an. Li fè konnen atak ki te fèt sou Vis presidan an lakay li a se te pi move moman nan istwa peyi a depi lè yo te pran chimen pou demokrasi pandan plis pase plizyè deseni.

Ankèt yo ap kontinye pou yo ka detèmine ki rezon ki te pouse sispèk lan, Fernando Montiel, fè yon aksyon ki manke touye vis prezidan an.

Written by:

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

X