Apati premye jiyè 2022, USCIS (Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Ameriken) mete sou pye yon nouvo dokiman pou otorize benefisyè TPS (Estati Pwoteje Tanporè) yo vwayaje legalman nan lòt peyi andeyò Etazini. Nouvo fòmilè sa rele I-512T: li bay moun ki pa sitwayen Ameriken otorizasyon pou yo vwayaje epi retounen Etazini legalman.

USCIS p ap kontinye bay benefisyè TPS yo ansyen dokiman ki te konn ba yo otorizasyon vwayaj tanporè davans lan (I-94) ankò. Dokiman sa te konn sèvi prèv ke otorite imigrasyon yo te apwouve w davans pou vwayaje kite Etazini epi demontre ou gen otorizasyon pou retounen legalman.

Si w se yon benefisyè TPS ki genyen yon ansyen dokiman ki te ba ou otorizasyon tanporè davans pou vwayaje epi ki poko ekspire, ou ka kontinye sèvi avè l pou vwayaje andeyò Etazini pandan peryòd validite ki ekri sou li a.

Aplikasyon pou w ranpli pou jwenn nouvo dokiman vwayaj I-512T lan se fòmilè I-131 an. Si w te gentan genyen yon fòmilè I-131 ke w te ranpli, ou pa bezwen fè yon nouvo aplikasyon. N’ap souliye pou moun ki aplike pou TPS men yo poko reponn yo (Fòm I-821), USCIS ap trete demand vwayaj moun sa yo apa epi y ap resevwa yon dokiman otorizasyon vwayaj tanporè davans (I512L) si DHS apwouve demand lan.

Jeneralman, yon moun ki te antre Etazini san papye pa elijib pou l fè demand pou li chanje estati l kòm rezidan pèmanan oubyen sitwayen Ameriken paske tribinal lakou siprèm Etazini te deside nan lane 2021 ke yon benefisyè TPS ki te antre Etazini san enspeksyon nan imigrasyon pa elijib pou l ajiste rezidans li nan peyi a.

Men, avèk nouvo dokiman I-512T lan ke USCIS ap bay ak benefisyè TPS yo pou yo vwayaje a, y’ap kapab pase enspeksyon nan imigrasyon legalman epi re-admèt pou rantre nan peyi a sou menm estati TPS lan. Sa vle di depi moun ki benefisyè TPS lan vwayaje epi pase enspeksyon nan imigrasyon lè l retounen, l’ap tou satisfè objeksyon tribinal lakou siprèm nan te genyen an pou li ka chanje estati rezidans li nan peyi a sou nenpòt baz ke li elijib lan.

Kidonk, kèk moun ki genyen estati TPS kapab aplike pou ajiste estati rezidans yo si yo elijib atravè yon petisyon ki baze swa sou fanmi, oswa sou travay, oubyen sou baz mariyaj, depi yo te jwenn pèmisyon davans nan men USCIS pou vwayaje (nouvo dokiman I512T) epi yo te pase legalman nan imigrasyon (sa vle di yo te enspekte epi admèt) nan retou yo Etazini.

Nan mwa Jen 2022 a, genyen 15 peyi ansanm ak Ayiti ki te deziyen pou TPS. Nan ka Ayiti, desizyon sa ap ekspire 2 fevriye 2023.

Kisa k ap pase yon benefisyè TPS lè yon deziyasyon TPS fini?

Lè TPS fini, benefisyè yo sipoze retounen nan estati imigrasyon yo te genyen anvan yo te resevwa TPS lan, amwens ke estati sa pa egziste ankò oswa moun nan te reyisi pran yon nouvo estati rezidans nan imigrasyon. Sa vle di, benefisyè TPS ki te antre Etazini san yo pa fè enspeksyon epi ki pa kalifye pou lòt avantaj nan imigrasyon ap retounen otomatikman nan etap san papye a ankò nan fen deziyasyon TPS yo a. Kidonk, moun sa yo pral retounen nan yon sitiyasyon vilnerab kote yo kapab depòte yo nenpòt kilè.

Written by:

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

X