Depatman Enteryè Etazini pran desizyon pou li anile lwa “Rete Meksik” lan ke ansyen prezidan Donald Trump avèk Meksik te etabli nan objektif pou yo te dekouraje imigran pran wout raje, mache nan forè, epi riske vi yo pou yo rive sou tèritwa Etazini an.
Règleman prezidansyèl sa te yon mwayen pou fè tout imigran ki t’ap mande azil rete tann yon desizyon imigrasyon depi nan peyi Meksik, kontrèman ak fason sa te konn fèt avan. Enplemantasyon nouvo desizyon sa te lakoz imigrasyon Etazini te voye plis pase yon dizèn milye moun al rete tann nan peyi Meksik avan yo te jwenn odyans devan yon tribinal Ameriken ki t’ap evalye dosye yo a.

Nouvo administrasyon Joe Biden lan te pran desizyon pou li tèmine politik “Rete Meksik” la depi lè li te rantre nan fonksyon li, men gouvènman Repibliken nan Eta Tekzas lan te opoze ak desizyon sa epi konteste li nan tribinal. Finalman, Jou Madi 09 Dawout 2022 a, depatman Enteryè Ameriken an (Department of Homeland Security) pran desizyon pou li elimine politik sa aprè lakou siprèm te deside pou li agreye demand gouvènman an pou li gen dwa kanpe règleman Trump te pran an. Depatman Enteryè fè konnen yo pral elimine politik sa ‘rapido presto,’ nan lòd ak disiplin. Depatman an kwè ke ansyen desizyon sa te bay anpil pwoblèm ak migran yo, li te mete yo nan yon kondisyon vilnerab, epi li te mande anpil resous pou administre l.

Depi kòmansman politik sa nan mwa Janvye 2019, yo voye omwens 70,000 moun tounen Meksik daprè Konsèy Ameriken pou Imigrasyon an, ki se yon òganizasyon ki te fonde nan lane 1987 pou defann dwa imigran. Byenke règleman “Rete Meksik” lana p tèmine, se pa tout migran yo ki bay sa twòp valè paske administrasyon Biden lan genyen lòt mwayen pou l anpeche migran yo menm aplike pou azil. Genyen yon lwa ki rele “Tit 42” ki bay gouvènman otorite pou li depòte nenpòt moun li jwenn sou fontyè li san li pa fè yo pase devan tribinal pou rezon sanitè tankou Kovid. Se avèk lwa sa Joe Biden te depòte plis pase 14000 Ayisyen ki te twouve yo sou fontyè a, anba yon pon nan Eta Tekzas.

Pandan manda Prezidan Biden nan, otorite yo bloke plis pase 200,000 moun ki t ap eseye antre Etazini ilegalman sou fontyè Meksik lan.
