(9) Koute m non lè m’ap avèti nou, pèp mwen! Pèp Izrayèl, poukisa nou pa vle koute m!

(10) Piga nou janm sèvi lòt bondye, piga nou janm adore bondye lòt nasyon yo!

(11) Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou kite peyi Lejip la. Louvri bouch nou, m’a plen l ak pawòl mwen!

(12) Men, pèp mwen an pa koute m. Pèp Izrayèl la pa obeyi m.

(13) Lè m wè sa, mwen kite yo swiv lide yo te gen nan tèt yo, mwen kite yo fè tou sa yo te vle fè.

(14) Ayayay! Si pèp mwen an te vle koute m. Si pèp Izrayèl la te vle obeyi mwen!

(15) Anvan yo ta bat je yo, mwen ta fè lènmi yo wont, mwen ta kraze tout lènmi yo.

(16) Moun ki rayi Senyè a ta vin flate yo. Pèp Izrayèl la t’ap alèz pou tout tan.

(17) Mwen ta ba yo pi bon kalite manje pou yo manje. Mwen ta plen vant yo ak bon siwo myèl ki sòti nan twou wòch!

Sòm 81:8-16 HAT98

https://bible.com/bible/1957/psa.81.8-16.HAT98

Written by:

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

X