8/5/2022 : Jodi Vandredi a te genyen anpil tansyon sou fontyè ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn lan. Yon Ayisyen pèdi lavi l anba bal ajan dwanye Dominiken aprè diskisyon ki te genyen sou yon koze jeneratris.

Sityasyon sa te kreye anpil konfizyon ak tansyon ant patwouy polisye Ayisyen yo ak militè fontalye Dominiken yo. Swit aprè lanmò jennòm sa, militè Dominiken te anvayi espas fontyè ant de peyi yo epi pwente gwo zam ak cha lagè yo sou Ayiti, nan zòn Ans-Apit.

Sitwayen Ayisyen k ap viv nan zòn nan pat pran tan pou yo te drese gwo barikad epi denonse nan mikwo laprès zak sila a ki pa yon premye ensidan kote sitwayen Ayisyen ap viktim sou fontyè a anba men Dominiken.

FOS POLIFRONT

Daprè sitwayen ki rete nan zòn nan zak sa rive pase akoz ajan dwanye dominiken yo te bezwen fè sitwayen ayisyen an peye plis kòb ke sa lalwa mande l pou jeneratris la. Malgre fèb mwayen polis fontalye Ayisyen yo kèk ldan yo te pran pozisyon pou defann popilasyon sivil la kont menas militè Dominiken yo ki t ap fè mannèv sou fontyè a. Relasyon Ayisyen ak Dominiken alentou fontyè a se tankou alimèt ak gazolin, a nenpòt moman konfli ant ajan dwanye Dominiken ak popilasyon sivil Ayisyen an ka deklanche sou gwo deblozay nou pa ta swete.

Written by:

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

X