Pèp Ayisyen an pa gen okenn lapenn jodi a, lè yo tande Reginald Boulos di li retire kò l nan tèt pati politik li te kreye pou kanpe anfas defen prezidan Jovenel Moise la.
Aprè 14 mwa depi je pèp Ayisyen an pa kontre ak yon swadizan konbatan ki t ap batay pou chanje kondisyon yo a; nan moman lit la pi rèd lan ak nan moman fondasyon peyi a ap vide youn sou lòt lan, se nan moman sa sa menm sitwayen an deside mete fen nan konba li tap mennen pèp la. Eksplikasyon? Pati politik MTV Ayiti a twouve l nan yon kokenn chenn kriz, dezakò, ak divizyon.

Mezanmi, men kòman yo fè Politik Ayiti! Reginald Boulos t ap lite pou li te pran tèt leta petyon 1806 lan, pou li te ka inifye moun anwo (elit milat-siwolibanè yo) ak moun anba (Nèg ak Nègès yo) epi pote estabilite, sekirite, ak redrese nivo povrete a. Poutan, menm yon pati politik li pa ka dirije! Li kouri pou koz divizyon, pandansetan nap viv nan yon peyi ki divize depi sou gran gran papa Reginald Boulos ki se yon imigran libanè Etazini te voye Ayiti pou pwoteje enterè Ameriken.
Boulos di li konsyan ke vi pèp Ayisyen an kontinye ap degrade [depi aprè JOVENEL Moise mouri an], ensekirite a san kontwòl, epi nivo povrete a menm se tèt chaje… Men [pou li menm] gato pouvwa Ariel la manke moso pou li separe; se sa ki fè pati politik li a pa ka fin antann yo nèt sou akò 11 septanb Ariel te pran ak mesye SDP (sektè demokratik popilè) yo pou li jere peyi a pou PHTK.
Kidonk, pou kouvri wont lan, Boulos fè konnen akoz Sityasyon pèsonèl li ak kondisyon sante li, li oblije kite tèt pati politik MTV Ayiti a.

Komèsan Ameriken-Ayisyen, milat-siwolibanè a fè konnen, desizyon sa te ba li anpil lapenn, aprè tout sakrifis li te fè pou fè MTV Ayiti vin yon siksè, epi ak volonte li te toujou genyen pou mete Ayiti sou wout pwogrè, pou jodi a se kite li oblije kite sa.
Reginald Boulos te kite Ayiti kèk jou anvan JOVENEL Moise te asasinen lakay li 7 Jiyè 2021, nan moman gouvènman li an, pa mwayen ULCC te akize Boulos nan detounman lajan li te prete nan ofis asirans leta ki se ONA. 4 jou avan ekzekisyon lach ak malfèktèz sa a, Boulos te fè yon tweet kote li te di, “Lè l fè nwa anpil se jou li pral Jou.Alò, Jodi a n ap poze tèt nou kesyon sa, eske Jou sa rive deja ki fè sitwayen an desann kannòt lan oubyen se fim nan ki fini? mmmh.

Written by:

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

X