Mezanmi, tribinal lakou siprèm Etazini an fèk sòti yon gwo kokenn chenn desizyon pou li elimine dwa konstitisyonèl yon fanm te genyen pou l fè avòtman legal aprè prèske 50 lane.

Nan dat 24 Jen 2022 ki sòt pase a, tribinal lakou siprèm lan deside pou li ranvèse desizyon ki te pran nan lane 1973 nan ka popilè “Roe kont Wade” lan. Tribinal la deklare ke dwa yon fanm genyen pou li fè avòtman pat janm yon dwa konstitisyonèl vrèman. Enbyen, desizyon “Roe kont Wade” la ki gen prèske 50 lane, rive anile. Sa vle di, kounye a fanm ki bezwen fè avòtman vay ke vay yo pou nenpòt ti rezon p ap kapab fè sa konsa ankò. Dwa pou yon fanm fè avòtman kounye a chita nan men chak Eta yo pou yo deside.

Daprè CNN, desizyon tribinal lakou siprèm Ameriken an vin pran la mete anpil moun dozado. Desizyon pou ranvèse “Roe kont Wade” lan, ki te etabli yon dwa konstitisyonèl pou pèmèt fanm fè avòtman, ka gen gwo konsekans nan eleksyon mwayentèm ane sa a nan peyi Etazini.

Jis aprè desizyon sa te fin pran, li te fè anpil chòk nan tout peyi a.-Genyen anpil manifestasyon pote boure toupatou k ap fèt paske desizyon an tranble anpil gwo kominote kou piti. Akoz desizyon sa ki fèk tonbe a, politisyen ak aktivis soyal yo ap kalkile opsyon legal pou restitye dwa 1973 la paske dwa fanm te genyen pou fe avòtman jan yo te vle depi plis pase 50 lane a fini.

Ti istwa avan e kòman ka “Roe kont Wade” la te kòmanse :

Nan lane 1969, yon fanm ki te rete nan Eta Texas ki te rele Norma L. McCorvey te ansent et li te vle fè yon avòtman. Manzè te gen 21 lane, li te selibatè, epi li te gentan genyen 2 pitit. Lalwa nan Eta Texas pat pèmèt Norma fè avòtman paske sa te entèdi. Se poutèt sa a li te deside mennen ka li a nan tribinal ki pi wo a kote li te mete ansanm ak 2 lòt avoka ki te gentan ap plede sou menm sitiyasyon sa nan lakou siprèm lan. Finalman, se konsa jij yo te tou deside pran ka Norma McCorvey a epi pote plent pa l la sou non “Jane Roe” (‘Jane Roe’ se yon non anonim dekwa pou yo pa devwale moun ki konsène a) kont leta, men se te vrèman kont avoka komin lan ki se te Henry Wade pou li te ka defye konstitisyonalite lwa Eta Texas te genyen an ki te bay entèdi pou fanm fè avòtman, esepte sou konsèy yon medsen nan sèl objektif pou sove lavi manman an.

Desizyon 1973 “Roe kont Wade” la se yon desizyon tribinal lakou siprèm Etazini te pran ki te vin legalize avòtman nan dat 22 janvye 1973. Desizyon sa te repoze sou 14yèm amannman nan konstitisyon Ameriken an ke Jij yo te entèprete ki bay yon fanm “dwa ak vi prive l” kòm yon dwa fondamantal pou l fè sa li vle avèk kò li. Yo te wè ke dwa sa jeneralman pwoteje dwa yon fanm ansent ki te vle fè yon avòtman kòm yon bagay ki baze sou vi prive li.

Sonje avan desizyon 1973 “Roe kont Wade” lan, lalwa te pèmèt avòtman sèlman lè gen danje pou sante manman an.

Men, ak Desizyon 1973 la, li te vin legal pou yon fanm fè avòtman nan 3 kondisyon sa yo:

1- Pandan premye trimès la (0 ak 12 semèn) – san okenn restriksyon ;
2- Pandan dezyèm trimès la, (13 ak 23 semèn) – Leta te ka mete kèk règleman pou kòz sante manman an ;
3- Pandan twazyèm trimès la (24 + semen) – avòtman yo te entèdi, esepte pou sove lavi manman sèlman.

Desizyon 1973 la te kareman legalize pwosedi avòtman an nan tout peyi Etazini an. Nan opinyon Jistis Harry Blackmun te ekri pou majorite jij ki te dakò yo, tribinal la te deklare ke dwa yon fanm pou li chwazi fè yon avòtman fè pati dwa vi prive l, epi dwa sa a pwoteje pa 14yèm Amannman nan konstitisyon Ameriken an.

Sitiyasyon nou ye kounye a aprè Desizyon ki te pran nan dat 24 Jen 2022 a :
Pou pi piti genyen 10 nan 50 Eta yo ki gentan prese prese entèdi avòtman depi desizyon 24 Jen 2022 an te fin pran. Daprè enstiti Guttmacher, ki se yon òganizasyon rechèch, anviwon 26 Eta gentan gen lwa ki endike ke yo ta ka entèdi, oswa mete limit tou kout sou zafè fè avòtman.

Avèk Nouvo desizyon sa gen 2 bagay chak Eta poukont yo gendwa fè :
1-mete pwòp lwa pa yo sou avòtman
2- oswa mete restriksyon sou pwosedi a nan jan yo wè k ap pi apwopriye pou zòn pa yo a.

Nou mèt kwè aprè desizyon sa a, chak Eta yo prale kòmanse dekrete pwòp politik avòtman pa yo; natirèlman, sa prale kreye kèk diferans nan dwa fanm yo genyen ak limitasyon yo pral jwenn selon Eta kote yo rete a.

Aktyèlman, gen nèf Eta ki gentan gen entèdiksyon ak divès eksepsyon sou dwa yon fanm pou li fè avòtman. Eta sa yo se: Alabama, Arkansas, Kentucky, Louisiana, Missouri, Oklahoma, South Dakota, Utah ak Wisconsin. Ou prale jwenn menm politik sa nan tout Eta sid yo ak kèk Eta nan mi-lwès ki repibliken. Fanm k ap viv nan Eta sa yo p ap ka deside libe liben pou avòte oubyen touye yon bebe aprè yon gwosès fin fèt.

Eta demokrat yo, ki plis liberal sou zafè dwa fanm pou fè sa yo vle ak kò yo, pral pran desizyon pou retire ansyen lwa rejyonal kont-avòtman ki te la anvan “Roe kont Wade” yo pou pwosedi sa ka vin legal. Nan kèk lòt Eta, tankou New York ak California, avòtman ap kontinye rete yon pwosedi legal menm aprè desizyon 24 Jen an ki ranvèse sa ki te pran nan lane 1973 lan.
Anpil moun prale voye wòch sou desizyon tribinal la pran pou anile “Roe kont Wade”, sitou nan moman sa kote peyi a dechire, epi politikman li divize sou prèske tout bagay ant demokrat ak repibliken. Gen moun ki ap menm kesyone lejitimite Jij lakou siprèm yo genyen pou yo pran desizyon ranvèse yon opinyon ki te etabli depi plis pase 50 lane. Lòt enkyetid ki genyen tou se ki konsekans sa pral genyen dabò sou eleksyon mwayen-tèm ki pral fèt yo, epi answit sou koyezyon sosyete a nan lavni.

Daprè yon sondaj konpayi ki rele Quinnipiac la, 78% nan demokrat yo dezapwouve travay tribinal la ap fè a. 86% nan yo te di Quinnipiac desizyon tribinal la ap pran yo plis motive pa politik. Yon lòt bò, majorite repibliken yo apwouve epi konkli desizyon tribinal la ap rann yo baze sou lalwa.

Bay bebe a ak manman valè

Nou menm andedan Mouvman Bosal la nou vle klè sou sa, tout aksyon ki poze pou avòte yon bebe ale kont prensip ak lwa diven sou lavi. Tout aksyon ki arete oswa detwi pwosesis vital ki deja kòmanse lè yon fanm tonbe ansent se yon aksyon ki touye yon vi imen. Tout vi imen ki detwi se lanmò. Tout aksyon delibere ki bay lanmò vyole prensip ki di “pinga nou touye” a.
Pa gen prensip oswa lwa Dye etabli ki pa gen yon rezon byen detèmine avèk konsekans sou vi espirityèl e vi moral n ap menmen an.
Ou di ou mèt kò w poutan ou pa ka kontwole tout sa k ap pase nan panse w… ou di ou mèt kò w poutan ou pa menm ka anpeche kò a mande dòmi… ou di ou mèt kò w men ou pa ka demonte kò a epi remonte li ankò tankou yon Robo.
Lavi pa sèlman yon aranjman materyèl ki fèt avèk anbann selil sou kòmandman yon aparèy biyochimik jenetik. Lavi se konpozisyon ant 2 prensip vital ki gen de nati diferan, youn ki primè, ki espirityèl, epi dezyèm nan ki materyèl. Rankont ant de prensip sa yo se sa nou defini nan espas tèrès la kòm lavi. Kidonk, lavi se yon bagay ki sakre ! e li pa depann de nou. Nou se senpleman moun ki resevwa kado sa ki soti nan nati Èt Siprèm Espirityèl e Etènèl lan.

Written by:

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

X