Lajistis Ayisyen, ki pa egziste nan pratik, pran yon lòt kou ankò. Fwa sa se peyi Tiki ki anfonse klou a : Tribinal peyi sa deside li pap ekstrade Samir Handal Ayiti pou li ale reponn Lajistis sou akizasyon ki sou do l kòm youn nan moun ki finanse epi enplike nan zak kriminèl asasinasyon Prezidan Jovenel Moise la.
Nouvèl sa tombe nan moman gouvènman Ariel H. a ap prepare pou komemore yon ane depi prezidan an pèdi lavi l, andedan chanm li, nan nwit 6 ak 7 Jiyè ane ki pase a.
Handal te jwenn arestasyon l nan moman li t ap kite peyi Tiki mwa Novanm ane pase a aprè li te kite Etazini san kè sote. Se ajan entèpol ki te arete Handal paske li te gen alèt koukou rouj dèyè l pou nenpòt kote yo ta jwenn misye pou voye l tounen Ayiti ; gouvènman meriken an k’ap mennen pwòp envestigasyon pa l sou krim sa pat bay manda koukourouj entènasyonal la regle yon mèd !



Avoka ki reprezante Handal la fache anpil sou fason Tribinal peyi Tiki jere dosye ekstradisyon an paske li fè konnen alèt Koukou rouj entèpol lapolis te itilize pou arete Handal la pa egziste ankò.- Nou tande byen, manda sa retrakte, li disparèt !- Kidonk, pa gen okenn rezon pou Handal te anba kòd toujou. Answit, avoka a plede devan jij la pou li di, si Samir ta ekstrade Ayiti yo t ap tòtire li epi yo t ap touye l ; yon deskripsyon ki sanble tèt koupe avèk sa ki rive prezidan Jovenel la.
Aprè pledwaye ki te fèt, Jij ki t’ap tande dosye a deside pou li rejte demand ekstradisyon gouvènman Ayisyen an te fè sou ansyen premye minis Claude Joseph la. Jij la site lwa peyi Tiki 6706 ki trete sou kowoperasyon entènasyonal nan zafè ak kriminèl pou li lage Handal. Gen yon atik nan lwa sa ki di, Peyi Tiki ka rejte yon demand ekstradisyon […] si moun sa p ap jwenn bon tretman nan men lajistis oubyen yo ka tòtire li pou rezon sa yo tankou ras li, koulè li, relijyon li, desandans etnik li, oswa pati politik li asosye.
Jiskaprezan Ariel H., premye minis Ayiti a, ap Mennen 3 gòl a zero kont Jovenel Moise ak tout pèp Ayisyen an : Samir Handal lage, John Joseph Joel nan men tribinal Etazini, Mario Antonio Palacios al chita Etazini. San nou p ap bliye Dimitry Herard, chèf gad palè a, Laguel Civil, chèf sekite Prezidan an, Emmanuel Sanon, youn nan aktè prensipal asasina a, Joseph Felix Badio, nan lafwit nan Pòto-Prens (oubyen kay Ariel H.), ansanm ak 12 kolombyen mèsenè akize yo, pako janm prezante nan jijman depi lè envestigasyon lapolis la te fin fèt epi l te remèt ak Jij enkstrisyon an.

