PROVÈB LA DI “ATANSYON PA KAPON…”

Mwayen anpil moun itilize pou bouske lavi pa janm toujou fasil! Lendi ki te 27 Jen 2022 a nan vil San Antonio, Eta Tekzas, yo jwenn yon kamyon ki genyen pi piti 46 moun mouri; ta sanble moun sa yo mouri toufe nan chalè akoz kamyon an ki te chofe anpil ak kantite imigran ki te anbake nan kamyon sa pou rantre Etazini san yo pa legal.

Daprè otorite yo se youn nan pi gwo malè yo dekouvri sou kesyon imigrasyon nan dènye ane sa yo nan peyi Etazini. Kamyon an te sanble abandone nan mitan wout kote pyès moun yo pat ka sòti akoz pòt yo ki te takle pa deyò.

Daprè rapò otorite lokal yo bay genyen 16 lòt moun ki te nan kamyon an, pami yo 4 timoun, ki ap resevwa swen lopital paske yo dezidrate. Prezidan Meksiken an (Andres Manuel Lopez Obrador) pou li menmfè konnen nan yon konferans pou laprès ta genyen apeprè 50 moun ki mouri, 22 Meksiken, 7 Gwatemaltèk, 2 Ondiryen, ak 19 lòt moun ke nasyonalite yo pako devwale.

Lapolis te jwenn kamyon sa nan vil San Antonio, anviwon 240 km ak fontyè peyi Meksik; se yon wout anpil moun k ap rantre etazini ilegal toujou pran. Otorite yo eksplike lè yo te jwenn moun sa yo yo te soufri anpil doulè akoz po yo ki te chofe. Chèf polis San Antonio a konfime yo gentan arete 3 moun ki genyen enplikasyon yo nan trajedi sa.

Gouvènè Tekzas la (Greg Abbott) pibliye yon mesaj sou kont Twitè li pou l te reaji fas ak sityasyon trajik sa epi li te tou pwofite kase mete nan men presidan Ameriken an (Joe Biden). Abbott kalifye sa ki rive a kòm yon dram epi li akize Joe Biden dirèkteman akoz politik kriminèl louvri baryè gouvènman li an genyen sou fontyè a. Li di nou dwe mete lanmò moun sa yo sou kont prezidan Ameriken an.

Kantite moun k ap eseye rantre nan peyi Etazini san papye ogmante pi plis aprè eleksyon prezidan Ameriken an, Joe Biden. Dosye imigrasyon an se yon sijè sansib; pou manyen dosye sa Joe Biden konfye li ak Vis prezidan li manzè Kamala Harris.

Dènye fwa anpil moun te mouri nan menm kondisyon sa yo se te nan lane 2017. Sa te rive nan menm vil lanan Eta Tekzas; yo te jwenn 10 imigran nan yon kamyon ki te chofe anpil nan yon pakin nan San Antonio.

N ap sijere ak konpatriyòt Ayisyen nan moman k ap itilize menm mwayen sa yo pou rantre nan peyi Etazini pou yo reflechi mil fwa avan yo antre nan yon pwojè konsa paske li genyen twòp danje ladan l.

Kredi AFP / France 24.

https://www.france24.com/fr/am%C3%A9riques/20220628-%C3%A9tats-unis-plus-de-40-migrants-retrouv%C3%A9s-morts-dans-un-camion-au-texas

Written by:

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

X