Swit avèk nofraj bato ki te pati kite Sen-Domeng pou travèse Pòto-Riko nan dat 12 Jen an, Otorite nan Pòto-Riko bay yon dènye omaj avèk plizyè konpratiyòt nou Ayisyen ki jwenn lanmò nan fon lanmè. Se avèk anpil dezolasyon 11 fanmi t’ap asiste ak fineray sila yo otorite yo te arive jwenn.

Te gen apeprè 60 a 75 moun nan kannòt sa ki te anbake nan pati Lès Sendomeng pou ale Pòto-Riko. Daprè dènye estimasyon ki te bay depi 15 Jen, genyen yon total 38 moun ki jwenn lavi, pami yo 36 Ayisyen, 11 moun ki mouri, ak plis pase yon dizèn lòt ki disparèt.

Pami moun ki te nan bato sa te genyen fanm, gason, timoun, etidyan, jèn ki gradye nan fakilte, kiltivatè, komèsan, vodouyizan, pwotestan, ak katolik… anfenn kont, se Ayisyen ak Ayisyèn, Nèg, ak Nègès. Pa youn fanmi Milat-siwolibanè, pa youn fanmi politisyen, pa youn fanmi mafya entèlektyèl k’ap paweze sou do ti nèg nwa tèt grenn.

Dezespwa ekonomik, violans ofisyèl, ak vyolans gangstarize kontinye ap pouse pitit tè Desalin yo deyò nan pwòp peyi yo pandan zenglendo abiye ap souse l.

Ayisyen se tankou yon vwayajè. Li anbake, bòt li sire, nan fon lanmè l’ap navige, jouk li bliye kote l prale.

Vwayaje vwayajè ! vwayaje vwayajè !

Fanfa sonnen,

Figi eskanpe,

Lestomak bonbe,

Tout Je klere!

Nan pwen papye,

Nan pwen dosye,

Van fin soufle,

Dèt yo peye.

Vwayaje vwayajè ! vwayaje vwayajè !

Nan fon lanmè

Pa gen agwe,

Se konfesè

Sèl ki chape.

Rach fin Sekle,

Chapo tonbe,

Solèy kouche,

Teyodise !

@Jude N.

Written by:

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

X