Lè se Jezi kris Ki chèf yon mouvman li garanti siksè nan tout sa n ap antreprann paske se lespri l ki enspire aktivite mouvman yo. Se pa yon kowensidans Premye kongrè entènasyonal Mouvman bosal la te yon siksè total kapital, yon bwase lide ki pòte lespwa, yon eksperyans lanmou ki bay fòs ak ankourajman, yon kamaradri pwisan ki pòte limyè pou klere je tout ti nèg nwa tèt grenn. Sòti 8 pou rive 11 Avril 2022, plizyè kamarad te leve kite kay ak fanmi yo, vwayaje sòti Ayiti, Frans, Kanada, Etazini, ak swis pou yo anbake Dominikani nan yon rezòt 5 etwal, kote nou te chita ansanm pou nou plante fondman ofisyèl Mouvman Bosal la epi diskite sou pwoblèm reyèl, sistematik, entansyonèl, sistèm petyonis 1806 milat-siwolibanè a mete sou pye pou anpeche rèv Ayisyen an epanouyi. Se pa yon aza sosyete tradisyonèl Ayisyèn nan pa gen inite nan mitan li, se pa yon aza manke lanmou nan mitan sosyete sa, manke respè pou lavi ak libète nèg ak nègès Ayisyen yo genyen pou egzèse dwa inalyenab yo pou yo viv byen, san diskriminasyon ak prejije, epi san perèz. Gen yon sistèm an plas ki la pou kokobe nou nan sosyete a, pou deprave nou, pou vyole nou, pou vòlò nou, pou domine nou, pou anpeche nou ini nou, pou anpeche nou progrese, devlope, ak renmen tèt nou. Kongrè sa se te anonsman antidòt sistèm sa, pou yon lòt sistèm ki vize yon lòt nèg ak nègès Ayisyen ki gen yon baz fondamantal antwopolojik ki soti nan esans ontolojik metafizik nèg Ayisyen an. Nou vle bati Ayisyènte nou apati esans metafizik nou, ki reponn premyèman kesyon fondamantal ki defini kiyès nou ye antank lòm, epi dezyèmman kiyès nou ye antank yon nasyon nèg ak nègès ki gen yon orijin sivilizasyonèl revolisyonè kont lesklavaj, kont diskriminasyon, kont rasis, kont prejije koulè… pou libète inivèsèl tout moun kelkeswa koulè l, pou respè dwa lavi chak moun kelkeswa estati sosyal oswa ekonomik li. Aswiv nan paj 2

E K O N O M I
PISIKILTI (ATIK SA FÈ PATI SERI KI TRETE TEMATIK

E lvaj se youn nan domèn nan agrikilti ki fèt pou gade ak pwodwi zannimo domestik nan objektif pou fè kòmès. Gen elvaj ki fèt sou tè, epi gen elvaj tou ki fèt nan dlo. Kategori Elvaj ki fèt nan dlo yo se : akwakilti, pisikilti, ak akikilti. Anvan nou ale pi lwen an nou defini twa (3) tèm sa yo,  Akwakilti, se elvaj ki pratike nan lanmè, nan lak, nan rivyè ak nan basen  Pisikilti, se elvaj ki fèt nan dlo pou fè pwason ak chèvrèt.  Akikilti, se elvaj pwason ak lòt bèt dlo ki fèt pou dekorasyon; jeneralman, sa fèt nan akwaryòm. Nan ekstrè jounal sa nou pral pale avèk

PISIKILTI (ATIK SA FÈ PATI SERI KI TRETE TEMATIK ENPÒTANS AGRIKILTI NAN FÒS YON PEYI)

kèk nan resous natirèl nou yo pou ede peyi a vin mwens vilnerab nan domèn alimantè. Nou konseye chak grenn moun ki vle envesti nan domèn agrikilti nan peyi a panse ak aktivite sa ki pa genyen twòp konkirans ladan l. N ap ankouraje aktè sosyal ak politik yo pou yo mete sou pye atelye fòmasyon sou pisikilti pou bay jèn yo konesans ki ka ede yo viv nan lokalite yo leve a san yo pa wè nesesite pou yo ale pote boure nan kapital la ki pa ofri yo anyen.
@Pierre Frerot: Teknisyen pisikiltè

PREMYE KONGRÈ ENTÈNASYONAL MOUVMAN BOSAL BÒT JÒN 109

(KONTINITE KOUVÈTI JOUNAL LA)

Lidè mouvman Bosal la eksplike nouvo paradig oswa nouvo modèl panse ideylojik sa konsa, « non sèlman nou genyen yon vizyon ak konpreyansyon klè de tèt nou [nan mouvman bosal la], men nou konstwi tou yon vizyon global de nèg Ayisyen an nan espas sivilizasyonèl mond lan. » « chema pou konpreyansyon pwoblematik antwopolojik nèg Ayisyen an nan dimansyon ontometafizik, swivan rapò avèk anviwonman fizik li nan miltiplisite lyen ak eleman ki kondisyone mantal li nan rapò egzistansyèl ke li dwe genyen avèk pwòp tèt pa li, nan espas sivilizasyonèl ke oksidan enpoze li a, konstwi sou 3 aks fondamantal. » « 3 aks fondamantal sa yo se, 1- Esans nèg Ayisyen ak kondisyon li. 2- Pwojeksyon lespri oswa konsyans li sou fòm kilti, i.e. Nomos (Mythos, Logos, Pathos). 3- Anviwònman natirèl li (Detèminizm, Kozalite). » « Li fondamantal pou tout konstriksyon reprezantatif sou ‘nèg Ayisyen’ dwe entegre olistikman 3 aks sa yo pou fasilite ak garanti [nèg Ayisyen an ap gen] yon bon konpreyansyon de tèt li. Kidonk tout vizyon ak pwogram politik dwe chita sou yon apwòch entegre ki atikile sou 3 aks sa yo. » Youn nan bèl ak ki te rann kongrè sa yon siksè epi ki te fè yon diferans ant nou menm ak lòt mouvman ki egziste se Lanmou ak inite ki degaje nan mitan nou. Byenke se te premye rankont nou, kamaradri avèk fratènite ki t ap degaje nan mitan nou an te bèl anpil. Avèk angouman ki déjà genyen andedan kou deyò mouvman, lidè yo deja mete yon komisyon sou pye pou planifye 2èm kongrè nou pou 2023. @Jude N. direktè, chèf editè Jounal Bosal

Maladi Alzaymè se yon twoub nan sèvo ki detwi memwa ak kapasite yon moun pou li panse, epi piti an piti li menm rive detwi kapasite pou moun nan itil tèt li nan aktivite nou fè chak jou. Moun ki gen alzaymè fè eksperyans chanjman nan konpòtman ak pèsonalite li. Maladi sa se yon twoublay newonlojik ki redwi sèvo yon moun epi ki detwi selil nan tèt moun nan.

SENTÒM
Pwogresyon maladi Alzaymè a parèt sou 3 etap : Etap 1- Alzaymè apeze : Premye sentòm ki parèt kay yon moun ki gen Alzaymè se memwa kout. Li toujou ap poze menm kesyon yo san rete paske li pèdi memwa l. Egzanp, li ka pa sonje kote l mete zafè li, li ka pa sonje adres kay li, epi se konsa moun sa vin pèdi libète l pou li fonksyone poukont li. Moun ki gen Alzaymè sibi chanjman nan pèsonalite ak konpòtman li. li pa ka kenbe pipi ak poupou. byensousvan, moun sa yo bezwen yon èd pou netwaye ak chanje yo paske yo konn pa kapab kenbe poupou ak pipi ankò. Etap 2- Alzaymè modere : Nan etap sa memwa moun nan komanse ale nèt epi konfizyon li vin pi mal. Moun nan kòmanse gen pwoblèm pou rekonèt zanmi ak fanmi li yo, menm non pa l li pa ka sonje. Anplis, moun ki nan etap sa nan alzaymè ka kòmanse aji tankou yon moun ki fou, ki wè bagay ki pa egziste (alisinasyon), oswa panse gen moun k ap siveye l pou fè l sa ki mal (paranoya). Etap 3- Alzaymè grav : Nan dènye etap sa a, pwogresyon maladi a afekte mwèl sèvo a ak fonksyon savwa moun nan. Moun nan vin pa kapab kominike epi li depann nèt sou lòt moun pou tout swen li yo.

DYAGNOSTIK
Pèdi memwa ak konfizyon se sentòm prensipal yo. Dyagnostik la baze sou sentòm ak egzamen fizik. Pozitron (anti -elektron) emisyon tomografi (PET) se yon teknik ki itilize pou eskane tèt yon moun pou detekte nivo san ki pase nan sèvèl li ; nan ka maladi Alzaymè, yo itilize teknik sa pou detekte si kantite san ki antre nan sèvèl la diminye. Anplis, Yon eskanè CT (tomografi pa kompitè) ka montre kòtèks (anvlòp) sèvèl la vin pi piti.
TRETMAN
Pa gen gerizon pou Alzaymè, men medikaman ak estrateji ka amelyore sentòm yo pou yon ti tan. Yo ka preskri antidepresè ak trankilizan pou amelyore ajitasyon ak depresyon pasyan. Si yon pasyan nan etap avanse nan maladi a, yon mezon oswa yon etablisman retrèt kalifye ka bay moun sa pi bon swen li bezwen.
@Rose Marie Moise

PATISIPASYON FANM NAN MIZIK AYISYEN AN

F anm te toujou jwe yon wòl enpòtan nan sosyete Ayisyèn nan, men pafwa nou neglije memwa yo nan moun nou retni pou ikòn nan sosyete a. Li enpòtan pou nou fè nouvo jenerasyon yo konnen zèv oswa kontribisyon medam sa yo nan kilti nou an. Nan dènye sòti nou an, nou te pale de twa (3) gwo potorik fanm kite make epòk jis aprè okipasyon amerikèn nan (Andrée Lescot, Paulette Saint Lot, ak Nicole Saint Victor). Nan atik sa n ap kontinye pale sou plis fanm kite make epòk sa. 

Sòti lane 1940 rive jouk nan lane 1950 sèn mizik Ayisyen an te sibi enfliyans kouran mizikal tankou Merenge avèk DJaz. Konsa, bò kote mouvman klasik la nou vin jwenn lòt tandans ki te devlope ki plis rapwoche ak tradisyon pa nou (Twobadou ak Vodou-Djaz).

Gisèle Debrosse : Gisèle te anbrase mizik tradisyonèl nou yo (twoubadou, rasin, vodou-djaz) olye de mizik klasik ki te popilè nan peryòd sa. Sa te fasilite l genyen konfyans gran piblik la nan sòti mizikal li yo. Youn nan pi gwo siksè Gisèle se te avèk mizik ki rele Joseph la. Mizik sa se konpozisyon gran Mayestwo Ayisyen Raoul Guillaume. Pandan kariyè li, Gisèle te ale viv Kanada epi kontinye pèfòme sitou nan peyi Etazini nan fen ane 60 yo. Se pandan kariyè li aletranje Gisèle te plis evolye nan yon estil mizik balad ak chansonèt klasik akoz enfliyans milye li tap viv lan nan Kanada.

Emma Achille : Emma se yon lòt chantè Ayisyèn ki te yon bèl egzanp nan epòk sa. Emma te fèt Sainte Suzanne, yon ti lokalite nan Nò peyi Ayiti. Li se yon gwo referans nan mizik evangelik, yon apwòch li te kenbe pandan tout karyè li. Emma gen plizyè bèl zèv nan palmarès li avèk 5 albòm. Nou ka site kèk nan albòm sa yo tankou ‘Emma Achille chante son Dieu’, ‘Les airs d’antan Vol 1,2,3,’ ‘Faith & Compassion.’

Annete Auguste : Manmzèl te genyen yon ti non jwèt ‘Sò Ann.’ Li te popilè sitou nan mizik Rasin ak Vodou. Bò kote kariyè mizik li, Annete te yon gwo aktivis politik nan peyi a.

Lòt moun nou ka site non yo se : Madeleine Marcel, Claudette Saint Louis, Denise Saint Jean. 3 medam sa yo te fè pati gwoup vokal ki te rele “Les Starlets” la. Repètwa gwoup la genyen yon melanj mizik tradisyonèl ak dJaz popilè. Se te meyè gwoup vokal nan peyi a soti 1957 jiska 1963. Gwoup mizikal sa te ofri yon sipèb konbinasyon vokal ant 3 medam yo avèk kèk gason ki te pèfòme nan gwoup la tou. Les Starlets te kreye, dirije, epi aranje pa Herby Widmaier.

Evelyn Dejean : se te youn nan lidè vokal “Jazz Des Jeunes.” òkès sa se youn nan pi bèl referans mizik Ayisyèn akoz kalite mizik yo ak varyete rit òkès sa te jwe.
@Jean Marie Felix

A N O N S P O U E N S K R I P S Y O N N A N I N I V E S I T E B O S A L

NOU BAY TOUT GLWA AK BONDYE E PITIT LI A JEZI KRIS KI SE CHEF MOUVMAN BOSAL LA!

Written by:

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

X