Lanmou Verite Jistis

Istwa

En 2021 Radyo Bosal Bòt Jòn 109 (RBBJ109) kreye kòm yon antite andedan Mouvman Bosal Bòt Jòn 109 pou transmèt yon ideyoloji ,yon filozofi ki pral chanje lavi chak ayisyen nan mond lan.

Radyo Bosal Bòt Jòn 109 (RBBJ109) kreye pou goumen kont Systèm Petionis milat-siwolibanè 1806 ,nou se denye zel kat la.RBBJ109 pa gen pati li asosye,nou pa fè anken diferans ant oligak kowonpi ak oligak non kowonpi,ni nou pa konfòn lòm ki sou pouvwa ak lòm ki gen pouvwa.RBBJ109 metrize 3 faz siklik mekanik ke systèm petionis milatsiwolibanè 1806 (SPMSl 1806) itilize pou rejenere tèt li ki se :
kontradiksyon entèn sosyete ayisyen ke aparey idewolojik SPML 106)
Wol aktè ak enstitisyon ke SPMSl 106 etabli pou replike tèt li .
Zouti pwopagand ke SPMSl 106 itilize pou manipile opinion piblik.

RBBJ109 suiv kominote entènasyonal la e metrizie kontribisyon yo nan kenbe Ayiti nan mizè e nou obseve jan SPMSL 1806 alyene ti neg nwa klas mwayen ki danjere .Nan RBBJ109 nou detèmine pou chavire SPMSL106 mete sou do ti neg nwa tet grenn avek ESPRI KRISTIK kap gide LIDÈSHIP MOUVMAN BOSAL BÒT JÒN 109 KI FONDE SOU ESPRI KIRSTIK LA E KI BAZE SOU : LANMOU,VERITE,JISTIS.

OU KA RENMEN OU RAYI RBBJ109 SA SE BAGAY KI GADE BÒBOT OU SAK ENPOTAN RBBJ109 AP KONTINYE FÈ TRAVAY POU CHANJE SITIYASYON PEYI A METAFIZIKMAN E FIZIKMAN.

Nou menm nan MBBJ109 non selman nou gen yon vizyon e konpreyansyon klè de tèt nou men nou konstwi tou yon vizyon global de neg Ayisyen nan lespas sivilizasyonel mond lan. Chema pou konpreyansyon pwoblematik antwopolojik neg Ayisyen nan dimansyon onto-metafizik an rapò avek anviwonman fizik li nan miltiplisite lyen ak eleman ki kondisyone mental li nan rapò egzistansyel kel dwe genyen avek pwop tèt pal nan espas sivilizasyonel ke oksidan enpozel. Chema sa konstwi sou 3 aks fondamantal kise:
Esans Neg Ayisyen ak Kondisyon li
Pwojeksyon lespri l/konsyans li nan fom kilti/Nomos (Mythos, Logos, Pathos)
Anviwonman Natirel li (Deteminism/kozalite)

Li fondamental pou tout konstriksyon repwezantatif neg Ayisyen dwe entegre olistikman 3 Aks sa yo pou fasilite ak garanti yon bon konpreyansyon de tèt li. Kidonk tout Vizyon, Pwogram politik dwe chita sou apwoch entegre e atikile de 3 Aks sa yo.

Radyo Bosal Bòt Jòn gen yon vizyon,yon misyon, yon idewoloji,yon objektif ak yon estrateji ki chita sou 3 pilye ki se : Lanmou,Verite,Jistis.

Vizyon

Wè dekolonizasyon mantal chak Ayisyen nan mond lan.Wè yon Ayiti kote chak ti neg nwa tèt grenn gen menm dwa ak devwa .Wè Peyi Ayiti tounen nan orijin Metafizik li ki se Dye (Espri Kristik),pou nou wè chak Ayisyen ap pataje Lanmou,Jistis,Verite ak Imagodeyi ki lakay yo a.

MIsyon

Pataje levanJil Kris la ak tout ti neg nwa tèt grenn.
Chavire Sistem Ekonomik Diktatoryal Petionis Milat Siro-libane 1806
Akouche yon nouvo systèm Desalinis 1805
Pataje Ideyoloji Bosal la nan tout peyi Ayiti e nan mond lan.
Dekolonize mantalman chak grenn Ayisyen nan mond lan
Itilize 3 R yo ,ki se : Re-edike,Re-enfòme e Rekonekte tout bosal an Ayiti atravè Espri Kristik la pou retounen nan orijin metafizik ki se (Dye).

Objektif

Fè yon revolisyon mantal e fizik avek Espri Kristik
Chavire Systèm Diktati-Ekonomik-Milat-Siwolibanè-Petionis 1806
Akouche system Desalinis 1805

IB: ESPRI KRISTIK
LANMOU,VERITE,JISTIS

Our Team

Grursus mal suada faci lisis Lorem ipsum dolarorit more a ametion consectetur elit. Vesti at bulum nec odio aea the dumm ipsumm ipsum.

Prof. Lavoisier Cherisier

Radyo Bosal Show
Sat, Mon 12:05

RJ Danial

Breakfast Show
Sat, Fri 12:05

RJ Walid

Breakfast Show
Sat, Mon 12:05

RJ Augsten

Breakfast Show
Sat, Sun 12:05
X